Skip to content
Opens in a new window

[1] Lè kabal la sispann, Pòl fè rele disip yo. Li salye yo, epi li pati pou l al Masedwàn.

[2] Lè l ap travèse zòn sa a, li egzòte moun yo avèk anpil pawòl, epi l al an Grès.

[3] Li pase twa mwa la. Etan li t apral pran bato pou Siri, Juif yo monte yon konplo kont li. Alò, li deside retounen pase Masedwàn.

[4] Moun ki te akonpànye li jis ann Azi yo, se te Sopatè, moun Bere; Aristak avèk Segon, moun Tesalonik; Gayis, moun Dèb; ak Timote; epi Tichik ak Twofim, moun Azi.

[5] Yo menm, y ale devan, epi yo tann nou Twowas.

[6] Men, nou menm, apre jou Pen san Ledven yo, nou pran bato Filip. E, nan senk jou, nou rive kote yo Twowas. Nou pase sèt jou la.

[7] Men, nan premye jou semèn nan, disip yo te reyini pou kase pen. Kòm Pòl t apral pati nan demen, li t ap preche moun yo. Li kontinye mesaj la jiska minui.

[8] Te genyen anpil lanp nan chanmòt kote nou te reyini an.

[9] Twouve, yon jennonm yo rele Etich te chita nan fenèt la. Yon gwo dòmi t ap pati avèk li. E, kòm Pòl t ap preche long, dòmi pran Etich. Li soti nan twazyèm etaj la, li tonbe anba. Se kadav li yo ranmase.

[10] Men, Pòl desann. Li panche sou li. Li pran Etich nan bra li. Epi, li di: Pa panike! Paske, nanm li sou li!

[11] Lè Pòl remonte, li kase pen, li manje. Epi, li preche anpil tan ankò, jis li jou. Apre sa, li pati.

[12] Men, yo mennen l ale vivan. Se pa ti ankouraje sa te ankouraje yo.

[13] Pou nou menm, nou pran devan abò bato a. Nou navige rive Asòs. Se la nou t apral pran Pòl abò a. Li te ranje sa konsa, paske li menm se pa tè li t aprale.

[14] Lè li rankontre nou Asòs, nou pran li abò a, nou ale Mitilèn.

[15] Soti la, nou navige, jis nou rive vizavi Kiyòs nan demen. Jou apre a, nou koste Samòs. Nou rete Twojil, epi, nan demen, nou ale Milè.

[16] Pou Pòl te ka pa pèdi tan ann Azi, li te deside pase devan Efèz san rete. Paske, li t ap prese pou wè si li te kapab Jerizalèm pou jou Pannkòt la.

[17] Men, etan li Milè, li voye moun al Efèz pou fè rele ansyen yo ki nan Legliz la.

[18] Lè yo vini kote li, li di yo: Nou menm, depi premye jou mwen te mete pye ann Azi, nou konnen kòman mwen te ye avèk nou nan tout tan sa a.

[19] Mwen sèvi Senyè a avèk tout imilite mwen, avèk dlo nan je, epi nan mitan eprèv konplo Juif yo te fè mwen sibi.

[20] Nou konnen kòman mwen pa t kache anyen. An piblik epi de kay an kay, mwen anonse nou epi mwen anseye nou tout bagay ki pou byen nou.

[21] Ni pou Juif ni pou Grèk, mwen pwoklame repantans nan Bondye ak lafwa nan Senyè nou an, Jezi Kris.

[22] Kounye a, gade! Lespri a mare mwen pou mwen ale Jerizalèm. Mwen pa konnen sa ki pral rive mwen la.

[23] Sèlman, vil apre vil, Lespri Sen an deklare mwen, kòd avèk tribilasyon ap tann mwen.

[24] Okontrè, mwen pa pran sa pou anyen. Epitou, depi mwen fini kous mwen an avèk lajwa, depi mwen fini ministè mwen resevwa nan men Senyè Jezi a pou mwen deklare bon nouvèl gras Bondye a, pou mwen menm, lavi mwen pa gen valè.

[25] Kounye a, gade! Mwen te mache preche wayòm Bondye a pami nou. Nou tout, mwen konnen nou p ap wè figi mwen ankò.

[26] Donk, mwen pran nou kòm temwen jounen jodi a: Mwen pa responsab pou san pèsonn moun.

[27] Paske, mwen te anonse nou tout plan Bondye a, san kache anyen.

[28] Poutèt sa, fè atansyon ak tèt nou epi ak tout twoupo a. Se sou li Lespri Sen an tabli nou kòm evèk pou nou pran swen legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san li.

[29] Paske, mwen konnen sa: Apre mwen pati, yon bann lou mechan ap antre pami nou. E, yo p ap menaje twoupo a.

[30] Menm pami nou, ap genyen moun ki leve pou yo pale pawòl kwochi dekwa pou yo ka rale disip yo dèyè yo.

[31] Donk, veye! Sonje kòman pandan twazan, lajounen kon lannuit, avèk dlo nan je, mwen pa t sispann avèti nou chak.

[32] Kounye a, frè mwen yo, mwen remèt nou bay Bondye ak pawòl gras li. Se pawòl sa a ki kapab edifye nou epi ki ka ban nou yon eritaj pami tout moun Bondye sangtifye yo.

[33] Mwen pa t anvi ni ajan, ni lò, ni rad pèsonn.

[34] Nou menm, nou konnen se men sa yo ki te ede ni mwen menm, ni moun ki te avèk mwen yo, nan nesesite nou yo.

[35] Nan tout bagay, mwen montre nou sa: Lè nou travay di konsa, fòk nou ede moun fèb yo, epi fòk nou sonje pawòl Senyè Jezi yo. Se li menm ki te di: Genyen plis benediksyon nan bay pase nan resevwa.

[36] Lè Pòl fin di bagay sa yo, li mete ajenou avèk yo tout. Li priye.

[37] Yo tout t ap kriye anpil. Yo pase men nan kou Pòl. Yo pran bo li.

[38] Pou yo, pi gwo lapenn nan, se pawòl li te di a: Yo pa pral wè figi li ankò! Apre sa, yo akonpànye li nan bato a.

Akdèzapot — Chapters