Skip to content
Opens in a new window

[1] Epi, Pòl rive Dèb ak Lis. Twouve, te genyen yon disip yo rele Timote ki te la. Li te pitit yon dam Juif ki te yon kwayan. Men, papa li te Grèk.

[2] Frè nan Lis ak frè nan Ikòn yo te bay bon temwayaj sou li.

[3] Pòl te vle mennen Timote avèk li. Alò, li pran li. Li fè sikonsi l poutèt Juif ki te kote sa yo. Vrèmanvre, yo tout te konnen papa li te Grèk.

[4] Men, lè y ap travèse vil yo, desizyon apot yo ak ansyen yo te pran Jerizalèm yo, yo transmèt yo bay moun yo, pou moun yo ka obsève yo.

[5] Donk, legliz yo t ap vin fèm nan lafwa. Epi, kantite kwayan yo t ap ogmante, jou apre jou.

[6] Yo travèse zòn Friji ak Galasi. Men, Lespri Sen an te anpeche yo pale pawòl la ann Azi.

[7] Lè yo rive pre Mizi, yo eseye ale Bitini. Men, Lespri a pa t pèmèt yo sa.

[8] Alò, yo pase bò Mizi, yo desann Twowas.

[9] Lannuit la, Pòl fè yon vizyon. Yon nonm Masedwàn te kanpe ap sipliye li. Li t ap di: Vin ede nou nan Masedwàn!

[10] Apre Pòl te fè vizyon an, nou chèche al Masedwàn menm lè a. Nou deside se Senyè a ki t ap rele nou pou nou te anonse yo bon nouvèl la.

[11] Donk, lè nou pran bato Twowas, nou ale Samotras tou dwat. Nan demen, nou ale Neyapolis.

[12] Soti la, nou ale Filip, yon koloni ki te premye vil nan depatman Masedwàn nan. E, nan vil sa a, nou pase kèk jou.

[13] Jou saba a, nou soti deyò vil la, bò yon rivyè. Se la nou sipoze te genyen yon kote yo lapriyè. Epi, nou chita pale avèk medam ki te reyini yo.

[14] E, te genyen yon dam yo rele Lidi ki t ap koute. Se te yon machann twal poup, moun vil Tiyati. Li te genyen devosyon pou Bondye. Senyè a ouvri kè li pou li te resevwa sa Pòl t ap di yo.

[15] Lè li te fin batize ansanm avèk fanmi li, li sipliye nou. Li di: Si nou konsidere mwen kwè nan Senyè a vre, vin fè ladesant lakay mwen. Epi, li pèsiste konsa avèk nou.

[16] Men, sa ki vin rive sèke lè nou t aprale kote yo lapriyè a, yon sèvant ki te genyen lespri Piton kontre avèk nou. Lè li pwofetize, li te rapòte mèt li yo anpil lajan.

[17] Li pran suiv ni nou menm, ni Pòl. Li t ap rele, li t ap di: Mesye sa yo se sèvitè Bondye Trè Wo a. Y ap anonse nou chemen delivrans.

[18] Pandan plizyè jou, se sa li t ap fè. Men, Pòl vin bouke. Li vire, li di lespri a: Nan non Jezi Kris, mwen kòmande w pou w soti sou li! Epi, li soti menm lè a.

[19] Men, lè mèt li yo wè espwa lajan yo a pati, yo mete men sou Pòl ak Silas. Yo trennen yo devan otorite yo sou plas piblik la.

[20] Epi, yo mennen yo devan majistra yo, yo di: Mesye sa yo ap twouble vil nou an. Se Juif yo ye.

[21] E nou menm ki Women, y ap preche nou koutim lalwa pa pèmèt pou nou ni resevwa, ni pratike.

[22] Foul la leve kont yo tou. Majistra yo chire rad sou mesye yo, epi yo bay lòd mete baton sou yo.

[23] Lè yo fin we yo anba anpil kou, yo mete yo nan prizon, epi yo bay gad la lòd pou li kenbe yo sou siveyans.

[24] Lè gad la resevwa lòd sa a, li mete yo nan fon prizon an, epi li fèmen pye yo nan sèp.

[25] Men, vè minui, Pòl ak Silas t ap lapriyè, yo t ap chante lwanj Bondye, e prizonye yo menm t ap koute yo.

[26] Sibitman, yon gwo tranblemanntè pase, ki fè menm fondasyon prizon an brannen. Tout pòt ouvri menm lè a. Epi, chenn tout moun lage.

[27] Gad la reveye. Lè li wè pòt prizon an ouvè, li rale epe li, li t apral tiye tèt li paske li te panse prizonye yo te sove.

[28] Men, Pòl rele byen fò, li di: Pa fè tèt ou anyen mal! Paske, nou tout nou la!

[29] Alò, gad la mande limyè, li vare andedan an, epi li lage kò l devan Pòl ak Silas, tou ap tranble.

[30] Li mennen yo deyò a, epi li di: Mesye, kisa mwen dwe fè pou mwen ka sove?

[31] Men, yo di: Kwè nan Senyè Jezi Kris, e ou va sove, ou menm ak fanmi w.

[32] Epi, yo anonse li pawòl Senyè a, li menm ak tout moun lakay li.

[33] Nan menm lè sa a, lannuit la, gad la pran yo, li lave blese yo, epi, tousuit apre, li menm ak tout fanmi li batize.

[34] Epi, li mennen yo lakay li. Li pare yon tab manje. Epi, li rejwi ansanm ak tout fanmi li dèske li te kwè nan Bondye.

[35] Men, lè jou louvri, majistra yo voye polis vin di: «Lage mesye sa yo.»

[36] Gad la rapòte pawòl yo bay Pòl konsa: Majistra yo voye lage nou. Donk, kounye a, soti. Ale nan lapè.

[37] Men, Pòl di yo: Yo bat nou an piblik san nou pa t kondane, alòske se sitwayen Women nou ye. Yo mete nou nan prizon. Epi, kounye a, se an kachèt y ap mete nou deyò? Men non! Okontrè, se yo menm ki pou vin eskòte nou sot deyò.

[38] Polis yo rapòte mesaj yo a bay majistra yo. Lè yo tande se Women mesye yo ye, yo pè.

[39] Yo vin sipliye mesye yo, yo eskòte yo sot deyò, epi yo mande yo pou yo kite vil la.

[40] Men, lè yo soti nan prizon an, y ale kote Lidi a. Lè yo wè frè yo, yo ankouraje yo, epi yo pati.

Akdèzapot — Chapters