[1] Pòl, sèvitè Jezi Kris, Jezi rele pou vin apot epi li mete apa pou levanjil Bondye a,
[2] levanjil Bondye te fè pwofèt li yo pwomèt davans nan Ekriti Sent yo.
[3] Levanjil sa a pale de Pitit li a. Daprè lachè, li te fèt nan desandans David.
[4] Daprè Lespri sangtifikasyon an, resisite li te resisite pami mò a deklare avèk pisans se Pitit Bondye, Jezi Kris, Senyè nou an, ye.
[5] Se grasa li menm, nou resevwa ni gras, ni fonksyon apot la, dekwa pou moun tout nasyon ka obeyi nan lafwa pou glwa non li.
[6] E se pami yo nou ye tou, nou menm Jezi Kris te rele yo.
[7] Nou tout byenneme Bondye yo ki nan Wòm, nou menm li rele pou vin sen, se pou gras ak lapè ki soti nan Bondye Papa nou ak nan Senyè Jezi Kris avèk nou!
[8] Premyèman, mwen rann Bondye m nan gras pou nou tout, nan non Jezi Kris, paske lemonn antye ap pale de lafwa nou.
[9] Vrèmanvre, Bondye m ap sèvi avèk lespri mwen nan levanjil Pitit li a, li se temwen m: Se san rete m ap nonmen non nou.
[10] Se tout tan m ap mande nan lapriyè mwen si, kounye a anfen, gen yon jan nan volonte Bondye pou m resi ale lakay nou.
[11] Vrèmanvre, mwen anvi wè nou anpil, pou mwen ka pataje kèk don espirityèl avèk nou, dekwa pou nou ka fèm.
[12] Sa vle di, lè m ta pami nou, ni lafwa nou, ni lafwa mwen, youn avèk lòt, ta jwenn ankourajman ansanm.
[13] Frè mwen yo, mwen pa ta vle nou pa konnen se plizyè fwa mwen te planifye pou m ale lakay nou. Konsa, mwen ta jwenn kèk fwi pami nou, menm jan mwen jwenn pami lòt nasyon yo. Men, mwen te gen anpechman pou jis kounye a.
[14] Mwen gen yon dèt, ni pou Grèk ni pou etranje, ni pou moun save ni pou moun sòt.
[15] Se sa ki fè, kanta pou mwen menm, mwen pare pou mwen anonse nou levanjil la tou, nou menm ki nan Wòm.
[16] Vrèmanvre, mwen pa wont levanjil Kris la. Paske, li se pisans Bondye pou sove tout moun ki kwè: Ni Juif yo an premye, ni Grèk yo.
[17] Paske tou, se nan levanjil la Bondye revele jistis li, grasa lafwa epi pou lafwa. Se konsa sa ekri: Yon moun ki jis, se grasa lafwa li va viv.
[18] Paske ankò, Bondye nan syèl la revele kòlè li sou tout mechanste ak enjistis lèzòm, yo menm ki kenbe verite a anba enjistis yo.
[19] Vrèmanvre, sa moun ka konnen sou Bondye, li klè nan yo menm, paske Bondye fè li klè pou yo.
[20] Vrèmanvre, depi Bondye kreye lemonn, bagay nan Bondye ki envizib, tankou pisans etènèl li epi kalite li yo kòm Bondye, yo klè nan je, lè moun konprann yo nan sa ki te kreye yo. Donk, lèzòm san eskiz!
[21] Vrèmanvre, malgre yo te konnen Bondye, yo pa t ni ba li glwa kòm Bondye, ni rann li gras. Okontrè, yo vin san sans nan rezònman yo. Epi, kè yo ki san konprann vin nwasi.
[22] Nan pran pòz save yo, yo vin fou.
[23] Yo twoke glwa Bondye ki pa ka mouri a, pou bagay ki sanble ak pòtre lèzòm ki ka mouri ak pòtre zwazo ak bèt kat pye, epi ak bèt k ap ranpe.
[24] Donk, Bondye lage yo nan salte daprè dezi kè yo, pou se yo menm ki dezonore pwòp kò yo.
[25] Paske, yo te twoke verite Bondye a pou manti; yo te pito se kreyati a pou yo adore epi pou yo sèvi pase Kreyatè a, Kreyatè ki resevwa benediksyon pou letènite a. Amèn.
[26] Poutèt sa, Bondye lage yo nan dezi ki dezonore moun. Paske, yon bò, fi yo twoke kontak nòmal la pou kontak ki pa nòmal.
[27] Yon lòt bò, gason yo fè menm jan an tou. Yo kite kontak ki nòmal avèk fi, yo vin cho nan dezi yo, youn pou lòt. Gason vin fè malpwòpte ak gason. Epi, nan pwòp yo menm, yo resevwa rekonpans, derayman yo a merite.
[28] E, kòm yo te derefize konnen Bondye, ebyen, Bondye lage yo nan lide deprave yo a, pou yo fè bagay ki pa byen.
[29] Yo plen ak tout kalite enjistis, imoralite, mechanste, avaris, malfezans. Sa ki plen kè yo se anvi, asasinay, goumen, riz, vis, tripotay.
[30] Yo bay kout lang. Yo rayi Bondye. Yo awogan, yo ensolan, yo grandizè, yo entèlijan nan fè mal, yo rebèl ak paran yo.
[31] Yo pa gen ni konprann, ni fidelite, ni lamou pou pwochen, ni kè sansib, ni pitye.
[32] Yo menm, yo konnen, daprè jistis Bondye, moun ki fè bagay konsa merite lanmò. Malgre sa, se pa fè yo fè yo sèlman. Okontrè menm, yo dakò avèk moun k ap fè yo.