[1] Men, nan jou sa yo, pandan kantite disip yo t ap ogmante, Juif dyaspora yo kòmanse plenyen kont Ebre yo. Vrèmanvre, moun ki separe manje chak jou yo te neglije vèv dyaspora yo.
[2] Alò, Douz yo reyini gwoup disip yo. Yo di: Li pa bon pou nou kite pawòl Bondye a pou nou sèvi tab.
[3] Donk, frè nou yo, chèche sèt gason pami nou ki genyen bon repitasyon, ki plen ak Lespri Sen epi ak sajès. Nou va mete yo responsab sèvis sa a.
[4] Men, nou menm, nou va pèsevere nan lapriyè ak nan sèvis pawòl la.
[5] Daprè tout gwoup la, pawòl sa a te bon. Alò, yo chwazi Etyèn, yon nonm ki plen ak lafwa ak Lespri Sen, epi Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas ak Nikola ki se yon pwozelit, moun Antyòch.
[6] Yo fè yo konparèt devan apot yo. Apot yo priye, epi yo poze men sou tèt yo.
[7] Pawòl Bondye a grandi. Kantite disip yo ogmante anpil nan Jerizalèm. Menm pami sakrifikatè yo, anpil t ap obeyi lafwa a.
[8] E, Etyèn te plen ak lafwa ak pisans. Li t ap fè gwo mèvèy ak mirak siy pami pèp la.
[9] Men, yon diskisyon leve ant Etyèn ak kèk moun. Yo te moun Sinagòg yo rele Sinagòg Ansyen Esklav la, pami moun Sirèn ak moun Aleksandri, moun Silisi ak moun Azi.
[10] E, yo pa t kapab reziste ni devan sajès li, ni devan Lespri ki te pèmèt li pale a.
[11] Alò, yo peye kèk moun pou di: Nou te tande l ap denigre Moyiz ak Bondye.
[12] Yo chofe pèp la, ansyen yo ak pwofesè lalwa yo. Yo fonse sou Etyèn, yo pran li, yo mennen li devan Konsèy la.
[13] Epi, yo mennen fo temwen ki di: Nonm sa a pa sispann di mo pou denigre kay sakre sa a ak lalwa.
[14] Vrèmanvre, nou tande li di konsa: Jezi, moun Nazarèt sa a, va detui kay sa a, epi li va chanje koutim Moyiz te ban nou yo.
[15] Tout moun ki te chita nan Konsèy la fikse je yo sou Etyèn. Yo wè figi li tankou figi yon zanj.