[1] Apre sa, Pòl pati kite Atèn. L ale Korent.
[2] Li jwenn yon Juif yo rele Akilas, ras moun Pon. Li te fèk rive soti Itali avèk madanm li Prisil, paske Klod te pase yon dekrè pou tout Juif kite Wòm. Pòl ale kote yo.
[3] Kòm yo te genyen menm metye, li rete travay avèk yo. Vrèmanvre, metye yo se te fè tant.
[4] Men, chak saba, Pòl t ap diskite nan sinagòg la. Li t ap konvenk ni Juif ni Grèk.
[5] Men, lè Silas ak Timote desann soti Masedwàn, Lespri a pouse Pòl. Konsa, li t ap demontre devan Juif yo se Jezi ki Kris la.
[6] Men, kòm Juif yo t ap fè opozisyon epi yo t ap denigre yo, alò, Pòl souke rad li, epi li di yo: San nou sou pwòp tèt nou! Mwen menm, mwen pa responsab. Depi kounye a, se kote lòt nasyon yo mwen prale.
[7] Lè li pati sot la, l ale kay yon nonm yo rele Jistis. Jistis te gen devosyon pou Bondye. E, kay li te kole avèk sinagòg la.
[8] Chèf sinagòg la se te Krispis. Li menm ak tout fanmi li vin kwè nan Senyè a. Lè Korentyen yo te koute Pòl, anpil nan yo te kwè, epi yo te batize.
[9] Nan yon vizyon pandan lannuit, Senyè a di Pòl: Pa pè! Okontrè, pale san rete!
[10] Paske, se mwen menm ki avèk ou. E, pèsonn p ap mete men sou ou pou fè w mal. Paske, genyen yon gwo pèp nan vil sa a ki pou mwen.
[11] Konsa, Pòl rete ennan si mwa ap anseye yo pawòl Bondye a.
[12] Men, pandan Galyon te gouvènè Akayi, Juif yo mete ansanm, yo atake Pòl. Yo mennen li tribinal.
[13] Epi, yo di: Nonm sa a ap pran tèt moun, pou yo devwe pou Bondye yon fason ki kont lalwa.
[14] Pandan Pòl t apral ouvri bouch li, Galyon di Juif yo: Juif, si vrèmanvre se te pou yon krim oubyen pou yon move zak, ebyen, avèk rezon, mwen ta koute plent nou yo.
[15] Men, si se pou yon kesyon sou yon pawòl oubyen sou yon non oubyen sou pwòp lwa nou, se nou menm, sa gade. Mwen menm, mwen pa vle sèvi jij nan bagay sa yo.
[16] Epi, li fè yo soti devan tribinal la.
[17] Alò, Grèk yo pran Sostèn, chèf sinagòg la, yo bat li devan tribinal la. E, se pa t mele Galyon sa!
[18] Pòl, li menm, te rete la pou kèk tan ankò. Apre sa, li di frè yo orevwa. Epi, li menm ansanm avèk Prisil ak Akilas, yo pran bato pou Siri. Li te kale tèt li depi lè l te pase Sankre, poutèt yon ve li te fè.
[19] Kounye a, yo rive Efèz. Epi, li depoze konpayon li yo, men, li menm, li antre diskite avèk Juif yo nan sinagòg la.
[20] Yo mande li pou li pase plis tan avèk yo. Men, li pa t dakò.
[21] Okontrè, li di yo orevwa, epi li di: Fòk mwen pase pwochen fèt la Jerizalèm kanmenm. Men, si Bondye vle, m ap tounen kote nou ankò. Epi, li pran bato Efèz.
[22] Lè li debake Sezare, li monte al salye legliz la. Epi, li desann Antyòch.
[23] Li pase kèk tan la, epi, li pati. Li travèse zòn Galasi ak Friji youn apre lòt. Li t ap fòtifye tout disip yo.
[24] Yon Juif yo rele Apolòs, moun Aleksandri, te vini Efèz. Se te yon nonm ki te pale byen epi ki te fò nan Lekriti.
[25] Li te aprann chemen Senyè a, li t ap pale avèk yon lespri ki cho, li t ap anseye sou Senyè a kòrèkteman. Epoutan, se batèm Jan an sèlman li te konnen.
[26] Li kòmanse pale avèk asirans nan sinagòg la. Men, lè Akilas ak Prisil tande li, yo pran li, epi yo esplike li chemen Bondye a yon jan ki pi kòrèk toujou.
[27] Li vin deside travèse Akayi. Frè yo ankouraje li. Epi, yo ekri yon lèt pou disip yo ka resevwa li. Lè li rive, li ede tout moun ki te kwè nan gras Bondye yo anpil.
[28] Vrèmanvre, se avèk fòs li t ap konvenk Juif yo an piblik. Li t ap demontre, daprè Lekriti, se Jezi ki Kris la.