[1] Donk, twa jou apre Festis rive nan pwovens lan, li kite Sezare, li monte Jerizalèm.
[2] Sakrifikatè prensipal yo ak notab Juif yo fè l yon rapò kont Pòl.
[3] Yo sipliye li, yo mande li yon favè sou tèt Pòl, dekwa pou li ka voye Pòl Jerizalèm. Men, yo te pare yon pyèj pou yo tiye Pòl nan chemen.
[4] Donk, Festis reponn yo kòmkwa li dwe kenbe Pòl Sezare, men, se li menm ki pral ale tousuit.
[5] Epi, li di: Moun pami yo ki kapab, se pou yo desann avèk mwen. E, si genyen yon bagay mal nan nonm nan, se pou yo akize li.
[6] Festis pase plis pase dis jou pami yo. Apre sa, li desann Sezare. Nan demen, li chita nan tribinal la. Li pase lòd pou yo mennen Pòl.
[7] Lè Pòl vini, Juif ki te desann soti Jerizalèm yo antoure li, epi yo pote anpil akizasyon grav kont li. Men, yo pa t kapab pwouve yo.
[8] Pòl defann tèt li konsa: Mwen pa fè peche ni kont lwa Juif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza.
[9] Men, kòm Festis te vle fè Juif yo yon favè, li reponn Pòl, li di: Èske w vle monte Jerizalèm pou yo jije kòz la devan mwen la a?
[10] Men, Pòl di: Se devan tribinal Seza mwen kanpe, fòk se la yo jije mwen. Mwen pa fè Juif yo anyen mal. Ou menm tou, ou konnen sa trè byen.
[11] Vrèmanvre, si mwen fè mal, si mwen fè yon bagay ki merite lanmò, ebyen, mwen pa refize mouri. Men tou, si pa genyen anyen ki vre nan sa y ap akize mwen pou yo a, ebyen, pèsonn pa kapab lage mwen nan men yo. Se devan Seza pou mwen konparèt!
[12] Alò, Festis pale sa avèk Konsèy li a, epi li reponn, li di: Se devan Seza pou w konparèt? Ebyen, se devan Seza ou prale!
[13] Kèk jou pase, epi wa Agripa avèk Berenis rive Sezare pou yo salye Festis.
[14] Men, kòm yo pase plizyè jou la, Festis mete ka Pòl la devan wa a. Li di: Genyen yon nonm, Feliks kite nan prizon.
[15] Lè mwen te Jerizalèm, sakrifikatè prensipal yo ak ansyen pami Juif yo te fè yon rapò kont li. Yo te mande kondanasyon li.
[16] Mwen reponn yo, mwen di: «Se pa koutim Women yo pou yo lage yon akize al peri, toutotan li pa kontre fasafas ak moun k ap akize l yo epi san l pa jwenn okazyon pou l defann tèt li kont akizasyon an.»
[17] Donk, yo vini ansanm isit la. Nan demen, san pèdi tan, mwen chita nan tribinal la. Mwen pase lòd pou yo mennen nonm nan.
[18] Lè moun ki t ap akize l yo kanpe, yo pa pote okenn nan akizasyon mwen te sipoze yo.
[19] Men, sa yo te genyen kont li a, se te sou kèk kesyon nan pwòp relijyon yo ak sou yon sèten Jezi ki mouri epi Pòl di ki vivan.
[20] Pou mwen menm, diskisyon sa a te chaje tèt mwen. Alò, mwen di Pòl si li ta vle ale Jerizalèm pou yo jije kòz li a la.
[21] Men, Pòl mande pou yo kenbe li, jis li konparèt devan Samajeste pou desizyon li. Alò, mwen pase lòd pou yo kenbe li, jis mwen voye li devan Seza.
[22] Agripa di Festis: Mwen menm tou, mwen vle tande nonm sa a. Festis di li: Demen, ou va tande li!
[23] Nan demen vre, Agripa ak Berenis vini avèk yon gwo kòtèj. Yo antre nan sal odyans lan ansanm avèk kòmandan yo ak gwo zotobre nan vil la. Epi, Festis pase lòd pou yo mennen Pòl.
[24] Alò, Festis di: Gade nonm sa a! Wa Agripa ak tout moun ki la avèk nou yo, se pou li menm, tout foul Juif yo ap pote mwen plent, ni Jerizalèm ni isit la. Y ap rele di fòk li pa viv ankò.
[25] Alòske, daprè sa mwen menm, mwen konprann, li pa fè anyen ki merite lanmò. Kòm li menm, li vle konparèt devan Samajeste, mwen deside voye li.
[26] Mwen pa jwenn anyen ki vre pou mwen ta ekri Samajeste sou misye. Se poutèt sa, mwen fè mennen li devan nou, sitou devan ou menm, wa Agripa. Konsa, lè nou fin egzamine li, m a jwenn yon bagay pou mwen ekri.
[27] Pou mwen, vrèmanvre, mwen pa panse sa fè sans, pou mwen ta ekspedye yon prizonye, san mwen pa esplike ki akizasyon yo fè kont li.