[1] Lè jou Pannkòt la rive, yo tout, yo te menm kote a, tèt ansanm.
[2] Sibitman, yon bri soti nan syèl la tankou yon gwo van k ap soufle. Epi, bri a plen tout kay kote yo te chita a.
[3] Yo wè lang tankou lang dife ki separe youn ak lòt. Epi, youn poze sou yo chak.
[4] Alò, Lespri Sen an ranpli yo tout. Epi, yo kòmanse pale lòt lang, daprè jan Lespri a te ba yo pale.
[5] Te genyen Juif ki soti nan tout nasyon anba syèl la, ki abite Jerizalèm. Se te moun devwe.
[6] Lè bri a fèt, foul la rasanble. Yo te an boulvès, paske yo chak t ap tande moun yo pale nan pwòp lang pa yo.
[7] Yo te etone. Yo te sezi. Youn t ap di lòt: Gade! Tout moun k ap pale la a, yo se moun Galile, pa vre?
[8] Kòman nou fè tande yo nan lang pa nou chak, nan lang kote nou te fèt la?
[9] Nou menm, Pat, Mèd, Elamit ak moun ki abite Mezopotami, Jide ak Kapadòs, Pon ak Azi,
[10] nou menm moun Friji ak Panfili, Ejip ak zòn Libi tou pre Sirèn, vizitè ki soti Wòm, ni Juif ni Pwozelit,
[11] Kretwa ak Arab, nou tout, nou tande y ap pale mèvèy Bondye nan lang pa nou.
[12] Yo tout te etone. Yo te boulvèse. Youn t ap di lòt: Kisa sa vle di?
[13] Men, lòt moun t ap moke yo. Yo t ap di: Moun sa yo sou, yo anba diven!
[14] Alò, Pyè kanpe avèk Onz yo. Li leve vwa li. Epi, li di moun yo: Nou menm Juif yo ak tout moun ki abite Jerizalèm, nou konnen sa byen! Koute pawòl mwen!
[15] Paske, moun sa yo pa sou, jan nou sipoze a. Paske, se twazyèm è nan jounen an li ye.
[16] Okontrè, se bagay sa a pwofèt Joèl t ap pale a,
[17] lè li te di: Bondye di: «Men sa ki va rive nan dènye jou yo: Mwen va vide nan Lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va pwofetize. E jennonm nou yo va fè vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv.
[18] Nan jou sa yo, mwen va vide Lespri mwen, Menm sou sèvitè m yo ak sou sèvant mwen yo. Epi, yo va pwofetize.
[19] Mwen va fè mèvèy anwo nan syèl, Epi mirak siy anba sou latè: Se va san, dife ak yon nyaj lafimen!
[20] Solèy la va tounen fènwa. Lalin nan va tounen san. Mwen va fè sa anvan jou Senyè a, Gran jou a, jou mèvèy la!
[21] Lè sa a, tout moun ki rele non Senyè a, y ap sove!»
[22] Nou menm Izrayelit, koute pawòl sa yo: Jezi, moun Nazarèt, se yon nonm Bondye te demontre devan nou. Vrèmanvre, menm jan nou menm, nou konnen an, Bondye te fè mirak, mèvèy ak mirak siy avèk li, nan mitan nou.
[23] Daprè plan Bondye te deside epi daprè konesans li te genyen davans, yo te trayi nonm sa a. Lè nou te pran li, nou sèvi ak men moun rebèl pou nou kloure li sou yon kwa. Nou tiye li.
[24] Men, Bondye resisite li. Bondye delivre li anba doulè lanmò. Paske, li pa t posib pou lanmò te kenbe li.
[25] Vrèmanvre, men sa David di de li: Mwen te wè Senyè a tout tan devan mwen, Paske, li adwat mwen pou mwen pa brannen.
[26] Se poutèt sa, kè mwen kontan, Lang mwen nan lajwa, E, menm kò mwen va repoze avèk espwa.
[27] Paske, ou p ap abandone nanm mwen nan peyi-mò. Ou p ap pèmèt sen w lan tounen pouriti nonplis.
[28] Ou te fè mwen konnen chemen lavi. Ak prezans ou, ou va plen mwen ak lajwa.
[29] Nou menm, frè mwen yo, mwen ka di nou sa franchman sou patriyach David. Li te mouri, li te antere. Menm tonm li pami nou jis jodi a.
[30] Li te yon pwofèt. Donk, daprè sèman Bondye te fè ba li, David te konnen Bondye t ap resisite Kris la, ki se youn nan desandan l yo daprè lachè, pou li fè li chita sou twòn David la.
[31] Li te wè rezirèksyon Kris la davans. Alò, li te pale konsa: Bondye p ap kite nanm li nan peyi-mò. Kò li p ap tounen pouriti nonplis.
[32] Se Jezi sa a Bondye te resisite a. Nou tout, nou temwen sa!
[33] Donk, li monte al adwat Bondye. Li resevwa Lespri Sen an, ki se pwomès la, nan men Papa a. Epi, li vide sa nou menm n ap ni wè, ni koute kounye a.
[34] Vrèmanvre, se pa t David ki te monte nan syèl la. Men, se li menm ki di: Senyè a di Senyè m nan: «Chita adwat mwen,
[35] Jis mwen fè lènmi w yo tounen yon machpye anba pye w.»
[36] Donk, tout fanmi Izrayèl la dwe konnen sa: Jezi sa a nou te krisifye a, Bondye fè li ni Senyè, ni Kris!
[37] Lè yo tande sa, kè yo boulvèse. Yo di Pyè ak lòt apot yo: Nou menm, frè nou yo, kisa pou nou fè?
[38] Pyè di yo: Se pou nou repanti, epi se pou nou chak batize nan non Jezi Kris, pou padon peche nou yo. Epi, nou va resevwa Lespri Sen an kòm kado.
[39] Paske, se pou nou pwomès la ye, se pou pitit nou ak pou tout moun ki lwen yo, tout moun Senyè a, Bondye nou an, va rele.
[40] Epi, li t ap plede avèk yo ak anpil lòt pawòl ankò, li t ap egzòte yo, li t ap di: Sove tèt nou nan mitan jenerasyon moun kòwonpi sa yo!
[41] Alò, yo batize moun ki te kontan aksepte pawòl Pyè a. Jou sa a, Bondye ajoute twamil moun konsa sou gwoup la.
[42] Yo t ap pèsevere nan ansèyman apot yo, nan kominyon fratènèl, nan kase pen ak nan lapriyè.
[43] Krentif antre nan tout nanm. Epi, apot yo t ap fè anpil mèvèy ak mirak siy.
[44] Tout moun ki te kwè te ansanm. Yo te sèvi ansanm nan tout bagay.
[45] Yo te konn vann pwopriyete ak byen, epi yo te konn separe lavant lan bay tout moun ki te nan bezwen.
[46] Chak jou, yo t ap pèsevere nan tèt ansanm nan lakou tanp lan; yo t ap kase pen, kay apre kay; yo t ap manje ansanm ak kontantman, san pretansyon nan kè yo.
[47] Yo t ap fè lwanj Bondye, epi tout pèp la te apresye yo. Epitou, chak jou, Senyè a t ap ajoute moun ki sove yo nan legliz la.