Skip to content
Opens in a new window

[1] Alò, Pòl fikse je li sou Konsèy la, li di: Frè mwen yo, se avèk tout bon konsyans, mwen toujou viv devan Bondye pou jis jodi a.

[2] Men, Ananyas, sakrifikatè an chèf la, pase moun ki te kanpe kote l yo lòd frape Pòl sou bouch.

[3] Alò, Pòl di li: Miray blanchi, Bondye pral frape w! Ou chita pou w jije mwen daprè lalwa, epi w ap vyole lalwa nan pase lòd pou yo frape mwen?

[4] Moun ki te kanpe la yo di: Se sakrifikatè an chèf Bondye a w ap joure a?

[5] Pòl di: Frè mwen yo, mwen pa t konnen se te li ki sakrifikatè an chèf la. Paske, men sa ki ekri: «Pa pale yon dirijan pèp ou mal.»

[6] Men, Pòl te konnen yon pati nan Konsèy la te Sadiseyen, lòt pati a te Farizyen. Alò, li rete nan mitan Konsèy la, li rele: Nou menm, frè mwen yo, mwen se Farizyen, pitit Farizyen. E, se poutèt esperans ak rezirèksyon mò yo, y ap jije mwen.

[7] Lè li di sa, yon kabal leve ant Farizyen ak Sadiseyen. Asanble a vin divize.

[8] Paske, yon bò, Sadiseyen yo di ni rezirèksyon, ni zanj, ni lespri pa egziste. Yon lòt bò, Farizyen yo deklare yo tout egziste.

[9] Yon gwo diskisyon leve. Pwofesè lalwa ki nan pati Farizyen yo kanpe. Yo kòmanse diskite. Yo di: Nou pa jwenn anyen mal nan nonm sa a. E si se yon lespri oubyen yon zanj ki te pale avèk li? Annou pa antre nan lagè avèk Bondye.

[10] Men, kabal la t ap chofe. Lè sa a, kòmandan an te pè pou yo pa t depatcha Pòl. Li pase lòd pou sòlda yo desann pami yo, pran Pòl, epi mennen li nan kazèn nan.

[11] Nan nuit apre a, Senyè a parèt devan Pòl. Li di: Pran kouraj, Pòl! Paske, menm jan ou te temwaye pou mwen nan Jerizalèm, konsa tou, fòk ou temwaye nan Wòm.

[12] Lè l fè jou, kèk nan Juif yo fè yon konbinezon. Yo sèmante sou tèt yo, yo di yo p ap ni manje, ni bwè, toutotan yo pa tiye Pòl.

[13] Te genyen plis pase karant moun ki te fè konplo a.

[14] Y al kote sakrifikatè prensipal yo ak ansyen yo epi yo di: Nou sèmante pou yon madichon tonbe sou nou si nou goute anyen anvan nou tiye Pòl.

[15] Donk, kounye a, se pou nou menm avèk Konsèy la fè kòmandan an yon rapò, kòmsi se ka Pòl la nou pral egzamine yon jan ki pi kòrèk. Konsa, demen, li va mennen Pòl desann. Epi, nou menm, anvan Pòl pwoche, n ap pare pou nou tiye li.

[16] Men, pitit sè Pòl la tande pale de pyèj la. Li pran chemen kazèn nan, li antre anonse Pòl sa.

[17] Pòl, li menm, rele youn nan santenye yo. Li di: Mennen jennonm sa a kote kòmandan an, paske li genyen yon bagay pou li anonse li.

[18] Donk, santenye a pran jennonm nan vre, li mennen li kote kòmandan an, epi li di: Prizonye Pòl rele mwen. Li mande pou mwen mennen jennonm sa a kote ou, paske li genyen yon bagay pou li pale avèk ou.

[19] Kòmandan an pran men jennonm nan, l ale yon kote apa, epi li mande li: Kisa w genyen pou w anonse mwen?

[20] Li di li konsa: Juif yo ranje kò yo pou yo mande w desann avèk Pòl nan Konsèy la demen, kòmsi se ka li yo pral egzamine yon jan ki pi kòrèk.

[21] Donk, ou menm, pa kite yo konvenk ou. Paske, plis pase karant gason pami yo pare yon pyèj. Yo sèmante sou tèt yo pou yo pa ni manje, ni bwè, toutotan yo pa tiye Pòl. Kounye a, yo pare. Se pwomès la sèlman y ap tann ou fè yo.

[22] Alò, kòmandan an pase jennonm nan lòd sa a: Pa rakonte pèsonn bagay ou rapòte ban mwen yo! Apre sa, li voye jennonm nan ale.

[23] Epi, li rele de nan santenye yo. Li di: Pare desan sòlda, swasanndis kavalye, avèk de san lansye. Vè twazyèm è lannuit la, yo va ale Sezare.

[24] Sele bèt pou Pòl monte tou. Konsa, yo va mennen li sennesòf kote gouvènè Feliks.

[25] Epi, li ekri yon lèt konsa:

[26] Klod Lizyas, Sonnekselans gouvènè Feliks, bonjou!

[27] Nonm sa a, Juif yo te arete l, epi yo t apral tiye li. Se lè sa a, mwen parèt avèk sòlda yo, mwen retire l anba men yo, paske mwen te aprann se sitwayen Women li ye.

[28] Kòm mwen te vle konnen pou ki rezon yo akize li, mwen desann avèk li devan Konsèy yo a.

[29] Epi, mwen jwenn se pou kesyon ki konsène lwa yo a, yo akize li, men, se pa t okenn akizasyon ki te merite ni lanmò, ni chenn.

[30] Lè yo aprann mwen Juif yo pare yon konplo kont nonm nan, mwen voye l kote w menm lè a. Epi, mwen pase moun ki t ap akize l yo lòd pou yo di ou sa yo genyen avèk li. Orevwa.

[31] Donk, sòlda yo pran Pòl vre. Lannuit la menm, yo mennen li Antipatris, daprè lòd yo te pase yo a.

[32] Men, nan demen, yo kite kavalye yo ale avèk li. Epi, yo retounen nan kazèn nan.

[33] Lè kavalye yo rive Sezare, yo remèt gouvènè a lèt la, epi yo prezante Pòl devan li.

[34] Alò, gouvènè a li lèt la, epi li mande nan ki pwovens Pòl moun. Lè li aprann se te Silisi, li di: M a genyen odyans pou ou, lè moun ki akize w yo va rive tou. Epi, li pase lòd kenbe Pòl nan palè Ewòd la.

Akdèzapot — Chapters