[1] Pandan Apolòs te Korent, sa ki vin rive, Pòl travèse zòn sou wotè pou l ale Efèz. Li rankontre avèk kèk disip.
[2] Li di yo: Lè nou te kwè a, èske nou te resevwa Lespri Sen? Men, yo di li: Okontrè, nou pa t menm tande te genyen yon Lespri Sen!
[3] Alò, Pòl di yo: Donk, ki kalite batèm nou te resevwa? Yo di: Batèm Jan an!
[4] Pòl di: Lè Jan te batize moun, se te yon batèm repantans. Li t ap di pèp la pou yo kwè nan sila ki t ap vini apre l la, sa vle di, nan Jezi Kris.
[5] Lè yo fin tande sa, yo resevwa batèm nan non Senyè Jezi.
[6] Epi, lè Pòl poze men sou yo, Lespri Sen an vini sou yo. Yo pale an lang. Yo pwofetize.
[7] Antou, te genyen douz gason konsa.
[8] Pòl antre nan sinagòg la. Li preche avèk asirans. Pandan twa mwa, li t ap diskite avèk moun yo, epi li t ap konvenk yo sou bagay ki konsène wayòm Bondye a.
[9] Men, kèk nan yo t ap fè rèd nan kè yo. Yo pa t kwè. Yo pale Chemen an mal devan foul la. Lè sa a, Pòl soti pami yo. Li mete disip yo apa. Jou apre jou, li t ap diskite nan lekòl Tiranis la.
[10] Sa kontinye pandan dezan. Se konsa moun ki abite Azi yo, ni Juif, ni Grèk, yo tout tande pawòl Senyè Jezi a.
[11] Bondye t ap fè mirak estwòdinè avèk men Pòl.
[12] Konsa tou, yo te konn pote mouchwa oubyen twal ki te touche kò Pòl bay malad yo. Epi, maladi kite yo, move lespri soti sou yo.
[13] Men, pami Juif ki t ap mache chase demon yo, genyen kèk ki eseye nonmen non Senyè Jezi sou moun ki te genyen move lespri. Yo di: N ap kòmande nou nan non Jezi Pòl ap preche a!
[14] Moun ki t ap fè sa a se te sèt pitit Seva yo, youn nan Juif ki te sakrifikatè prensipal yo.
[15] Alò, move lespri a reponn, li di: Mwen konnen Jezi, e mwen rekonèt Pòl. Men, nou menm, kilès nou ye?
[16] Epi, nonm ki te genyen move lespri a vare sou yo. Li metrize yo, li malmennen yo chak. Nan konsa, yo pati sot nan kay la toutouni, plen ak blese.
[17] Ni Juif, ni Grèk ki rete Efèz, yo tout vin konnen bagay la. Laperèz tonbe sou yo tout. E, grandè non Senyè Jezi parèt.
[18] Anpil nan moun ki te kwè yo vini. Yo avwe zak yo, yo deklare yo.
[19] Anpil nan moun ki te fè maji yo vini avèk liv yo tou. Yo boule yo devan tout moun. Lè yo regle, yo jwenn pri liv yo rive senkantmil pyès ann ajan.
[20] Se konsa pawòl Senyè a t ap gaye avèk fòs epi li t ap domine.
[21] Lè bagay sa yo fin pase, Pòl deside pou l ale Jerizalèm, pou li tou travèse Masedwàn avèk Akayi, daprè direksyon Lespri a. Epi, li di: Lè m soti Jerizalèm, fòk mwen wè Wòm tou.
[22] Li voye de nan moun ki t ap ede l yo Masedwàn. Se te Timote ak Eras. Li menm, li rete yon ti tan ann Azi.
[23] Nan epòk sa a, se pa ti dezòd ki rive poutèt Chemen an!
[24] Vrèmanvre, te genyen yon òfèv yo rele Demetriyis ki te konn fè ti tanp Atemis ann ajan. Se pa ti benefis sa te rapòte ouvriye yo!
[25] Li rasanble yo ansanm avèk moun menm metye a. Li di: Mesye, nou konnen se biznis sa a ki richès nou.
[26] Nou wè e nou tande se pa nan Efèz sèlman nonm Pòl la ap konvenk gwo foul pou li detounen yo. Okontrè, se prèske nan tout Azi l ap di konsa: «Sa lèzòm fè se pa bondye yo ye vre!»
[27] Danje ki genyen an, se pa sèlman avili yo ka avili metye nou an, men tou, se tanp gran deyès Atemis la, yo ka konsidere kòm anyen. Epitou, yo ka detui grandè li, alòske se li menm, moun nan tout Azi ak nan lemonn antye adore.
[28] Lè yo tande sa, yo fin debòde. Yo t ap rele: Ala gran Atemis Efezyen yo gran!
[29] Boulvès la plen tout vil la. Yo tout ansanm, yo trennen Gayis avèk Aristak ki se moun Masedwàn epi ki se konpayon Pòl nan vwayaj la. Yo kouri al nan estad la.
[30] Pòl deside pou li parèt devan pèp la. Men, disip yo pa t kite l fè sa.
[31] Kèk nan otorite ann Azi yo, ki te zanmi li, voye kote li tou. Yo sipliye li pou li pa al bay tèt li nan estad la.
[32] Asanble a, li menm, te an boulvès. Yon bò, yo t ap rele yon bagay. Yon lòt bò, se te yon lòt bagay. Pi fò nan yo pa t menm konnen pou ki rezon yo te reyini.
[33] Alò, yo mennen Aleksann soti nan foul la. Juif yo menm t ap pouse li devan. Aleksann fè pèp la siy ak men li. Li te vle defann tèt li.
[34] Men, lè yo rekonèt se Juif li ye, yo tout fè yon sèl vwa. Pandan dezèdtan, yo t ap rele: Ala gran Atemis Efezyen yo gran!
[35] Men, prepoze a kalme foul la, epi li di: Nou menm nan Efèz, vil Efèz se pwotektè tanp gran deyès Atemis ak estati li a ki soti nan syèl. Ki moun ki pa konnen sa?
[36] Kòm pèsonn pa ka nye sa, ebyen fòk nou kalme nou, epi fòk nou pa fè anyen ak tèt cho.
[37] Nou mennen mesye sa yo isit la, alòske, yo pa piye tanp, e yo pa denigre deyès nou an nonplis.
[38] Si, vrèmanvre, Demetriyis ak ouvriye li yo genyen kèk plent kont yon moun, ebyen, tribinal ouvè, pwokonsil yo la. Se pou youn pote plent kont lòt.
[39] Men, si se yon lòt bagay n ap chèche, ebyen, yo va regle sa nan asanble lalwa prevwa a.
[40] Apre afè jodi a, yo san lè akize nou pou yo di nou fè kabal. Paske, pa genyen okenn rezon nou ta kapab bay, pou nou esplike rasanbleman sa a. Lè li fin di bagay sa yo, li voye foul la ale.