Skip to content
Opens in a new window

[1] Men, nan menm epòk sa a, wa Ewòd mete men sou kèk moun nan Legliz pou li maltrete yo.

[2] Se konsa li tiye Jak ki frè Jan an avèk epe.

[3] Lè li wè sa fè Juif yo plezi, li ajoute arestasyon Pyè sou sa tou. Sa pase pandan jou san ledven yo.

[4] Lè l arete Pyè, li mete l nan prizon anba siveyans kat eskwad, yo chak avèk kat sòlda. Plan Ewòd se te pou li fè Pyè konparèt devan pèp la apre fèt Pak la.

[5] Donk, yon bò, yo te kenbe Pyè nan prizon, yon lòt bò, Legliz t ap priye Bondye pou li san rete.

[6] Men, menm nuit anvan jou pou Ewòd ta fè l konparèt la, Pyè t ap dòmi nan mitan de sòlda. De chenn te mare li. Te gen gad devan pòt la ki t ap veye prizon an.

[7] Epi, twouve, yon zanj Senyè a parèt. Yon limyè klere kacho a. Zanj lan frape Pyè bò kòt li pou li reveye li, epi li di: Leve vit! Epi, chenn yo sot tonbe nan men Pyè.

[8] Zanj lan di li: Mete sentiwon ou, epi mare sandal ou. Pyè fè sa konsa. Epi, zanj lan di li: Mete rad sou ou, epi suiv mwen!

[9] Pyè suiv li al deyò a, men, li pa t konnen si sa zanj lan t ap fè a te reyèl. Okontrè, li te panse se yon vizyon li t ap fè.

[10] Yo pase yon premye gad, epi yon dezyèm gad. Lè yo rive devan pòtay an fè ki bay sou vil la, pòtay la louvri poukont li devan yo. Yo soti, e menm lè yo fin mache longè premye riyèl la, zanj lan disparèt devan Pyè.

[11] Lè Pyè vin rekonèt tèt li, li di: Kounye a, mwen konnen se reyèl. Se Senyè a ki te voye zanj li a, epi li retire m anba men Ewòd epi anba tout bagay pèp Juif la t ap tann yo.

[12] Lè li reflechi sou sa, l ale kay Mari, manman Jan ki rele Mak la. Anpil moun te reyini la, yo t ap lapriyè.

[13] Li frape nan pòt baryè a. Yon sèvant yo rele Wod vin reponn.

[14] Li rekonèt vwa Pyè. Epi, nan kontan Wod kontan, li pa louvri pòtay la, men, li kouri al anonse moun yo, Pyè kanpe devan pòtay la.

[15] Yo di li: Ou genlè fòl! Men, li menm, li pèsiste ap di se vre. Alò, yo di: Genlè se zanj li.

[16] Pyè, li menm, te kontinye ap frape. Lè yo ouvri pòtay la, yo etone lè yo wè se te li menm.

[17] Men, li fè yo siy ak men li pou yo pe. Li rakonte yo kòman Senyè a te fè li soti nan prizon an. Epi, li di: Anonse Jak ak lòt frè yo sa. Epi, li soti, l al yon lòt kote.

[18] Lè l vin jou, se pa t nan ti tèt chaje sòlda yo te ye pou yo konnen sa Pyè devni.

[19] Ewòd fè chèche li, yo pa jwenn li. Alò, li kesyone gad yo, epi li bay lòd tiye yo. Apre sa, Pyè soti Jide, li desann al rete Sezare.

[20] Ewòd te an kòlè kont Tiryen yo ak moun Sidon yo. Men, ak tèt ansanm, yo rive kote li. Yo konvenk Blastis, ki se yon ofisye ki okipe chanm wa a, epi yo chèche fè lapè, paske se peyi wa a ki te bay peyi pa yo manje.

[21] Nan jou yo te fikse a, Ewòd abiye ak wòb wa li, li chita sou twòn nan, epi li fè yon diskou ba yo.

[22] Pèp la, li menm, t ap rele: Sa a se vwa yon bondye. Se pa vwa yon nonm!

[23] Menm lè a tou, yon zanj Senyè a frape Ewòd, paske se pa t Bondye li te bay glwa. Vè manje li jis li rann dènye souf li.

[24] Men, pawòl Bondye a t ap grandi, li t ap gaye.

[25] Lè Banabas ak Sòl fin akonpli misyon yo, yo pati kite Jerizalèm. Yo pran Jan ki rele Mak la avèk yo.

Akdèzapot — Chapters