[1] Men, lè yo deside pou nou pran bato pou Itali, yo remèt ni Pòl, ni kèk lòt prizonye bay yon santenye yo rele Jiliyis ki manm lame Samajeste a.
[2] Nou monte abò yon bato Adramit ki t apral fè lakòt ann Azi, epi nou pati. Aristak, yon Masedonyen ki moun Tesalonik, te avèk nou.
[3] Nan demen, nou koste Sidon. Kòm Jiliyis te montre bon kè pou Pòl, li pèmèt Pòl al jwenn zanmi l yo pou yo pran swen li.
[4] Lè nou soti la, nou loveye sou kòt Chip, paske van an te kontrè.
[5] Apre sa, nou travèse lanmè Silisi ak Panfili, epi nou rive Mira ki nan Lisi.
[6] La, santenye a jwenn yon bato Aleksandri ki t ap fè kap pou Itali. Li fè nou anbake ladan l.
[7] Pandan plizyè jou, nou vwayaje dousman. Apre anpil traka, nou rive devan Nid. Kòm van an te anpeche nou koste, nou loveye sou kòt Krèt nan direksyon Salmone.
[8] Avèk traka ankò, nou lonje kòt la. Epi, nou rive yon kote yo rele Bonpò. Se tou pre vil Laze.
[9] Anpil tan pase. E, te deja gen danje pou vwayaj la, paske menm tan jèn nan te deja pase. Alò, Pòl avèti yo.
[10] Li di: Mesye, mwen wè pral genyen dega ak anpil pèd nan vwayaj la. E, se pa pou chay yo ak bato a sèlman; okontrè, se ka menm pou lavi nou tou.
[11] Men, santenye a pito kite kaptenn ak amatè batiman an konvenk li, pase l koute sa Pòl di yo.
[12] E, kòm pò a pa t bon pou yo pase ivè, alò, pi fò moun bay konsèy kite l, pou wè si yo te kapab rive Feniks pou yo pase ivè a. Feniks se yon pò nan Krèt. Li bay fas siwa nòwa.
[13] E, lè yon ti van Sid vin soufle, yo panse plan yo a ap mache. Alò, yo leve lank. Yo lonje kòt Krèt.
[14] Pa lontan apre sa, yon van tanpèt yo rele Erakilon desann sot sou zile a.
[15] Li pimpe bato a. E, kòm bato a pa t kapab kenbe tèt ak van an, nou kite li bwote nou.
[16] Lè nou pase bò yon zile, yo rele Kloda, se avèk traka nou resi kontwole kannòt la.
[17] Finalman, yo ise l abò a. Epi, yo sèvi ak mwayen yo pou yo sentre bato a. Yo te pè pou yo pa t al chwe sou pwent sab Lasit la, alò, yo desann vwal yo. E, se konsa van an t ap bwote yo.
[18] Men, tanpèt la te brital avèk nou. Alò, nan demen, nou jete chay nan dlo.
[19] Twazyèm jou a menm, nou jete aparèy bato a ak pwòp men nou.
[20] Pandan plizyè jou, ni solèy, ni zetwal pa t parèt. E, se pa t ti tanpèt ki t ap soufle. Finalman, nou pèdi tout espwa sove.
[21] Yo rete san manje pandan lontan. Epi, Pòl kanpe pami yo, li di: Mesye, fòk nou te koute mwen. Bato a pa t dwe kite Krèt. Konsa, nou ta evite dega ak pèd sa yo.
[22] Men, kounye a, m ap di nou pran kouraj. Paske, pèsonn nan nou p ap pèdi lavi li. Se bato a sèlman n ap pèdi.
[23] Paske, lannuit la, yon zanj kanpe kote mwen. Se te zanj Bondye ki Mèt mwen an, Bondye m ap sèvi a.
[24] Li di: «Pòl, pa pè! Fòk ou konparèt devan Seza. Epi, gade! Bondye ba w tout moun k ap vwayaje avèk ou yo kòm favè.»
[25] Se poutèt sa, mesye, pran kouraj. Paske, mwen kwè sa nan Bondye: Jan li di mwen an, se konsa sa va ye vre.
[26] Men tou, fòk nou chwe sou yon zile.
[27] Van an t ap bwote nou sou lanmè Adriya a lè katòzyèm nuit la rive. Men, vè minui, maren yo sispèk yo t ap pwoche bò kèk tè.
[28] Lè yo voye sonn, yo jwenn ven bras. Yo vanse pi lwen, epi yo voye sonn ankò. Yo jwenn kenz bras.
[29] Nou te pè pou nou pa t al chwe sou resif. Alò, yo lage kat lank pa dèyè bato a nan espwa jou va louvri.
[30] Maren yo menm t ap chèche chape kite bato a. Yo desann kannòt la nan dlo, kòmsi se lank yo t apral lage sou devan bato a.
[31] Alò, Pòl di santenye a ak sòlda yo: Si mesye sa yo pa rete nan bato a, nou menm, nou p ap kapab sove.
[32] Donk, sòlda yo koupe kòd kannòt la, yo kite l ale.
[33] Jis jou te prèske rive, Pòl t ap ankouraje yo tout, pou yo manje yon bagay. Li di: Jodi a fè katòz jou, nou rete ap tann san manje, san nou pa pran anyen.
[34] Se poutèt sa, m ap ankouraje nou pou nou manje yon bagay, paske se pou pwòp delivrans nou li va bon. Vrèmanvre, pèsonn nan nou p ap pèdi yon grenn cheve nan tèt li.
[35] Lè li fin di sa, li pran pen, li rann Bondye gras devan yo tout, li kase li, epi li kòmanse manje.
[36] Konsa, yo tout pran kouraj. Yo menm tou, yo manje yon bagay.
[37] Antou, nou te de san swasannsèz moun nan bato a.
[38] E, lè moun yo te kontante, yo jete rès ble a nan lanmè pou fè bato a pi lejè.
[39] Lè l fè jou, yo pa t rekonèt tè a, men, yo wè yon ans ki te genyen yon plaj. Alò, yo fè plan pou yo dirije bato a la, si yo kapab.
[40] Yo demare lank yo, yo kite yo nan lanmè a. E, an menm tan, yo lage kòd gouvènay yo. Yo ise fòk la ovan, epi yo pran direksyon plaj la.
[41] Men, yo tonbe yon kote ki nan mitan de kouran. Yo fè bato a chwe. Konsa, devan an rete kole san bouje. Men, dèyè a menm t ap demantibile anba fòs lanm yo.
[42] Sòlda yo fè yon plan pou yo tiye prizonye yo, dekwa pou yo youn pa sove alanaj.
[43] Santenye a, li menm, te vle chape Pòl. Konsa, li anpeche yo suiv plan yo a. Li pase moun ki kapab naje yo lòd lage kò yo nan dlo an premye epi fè tè.
[44] Rès moun yo menm va ale sou moso planch oubyen sou kèk bagay ki soti nan bato a. Sa pase konsa vre. Tout moun yo rive atè sennesòf.