[1] Apre senk jou, Ananyas, ki te sakrifikatè an chèf la, avèk ansyen yo, epi yon avoka, yo rele Tètilis, desann. Yo fè gouvènè a yon rapò kont Pòl.
[2] Yo fè rele Pòl. Epi, Tètilis kòmanse akizasyon an, li di: Sonnekselans Feliks, nou jwi anpil lapè grasa ou. Poutèt ou konn prevwa, ou pote chanjman pou nasyon sa a tout jan epi toupatou. Nou aksepte sa avèk anpil remèsiman.
[4] Men, mwen pa ta vle deranje ou twòp. Konsa, m ap sipliye ou, nan bonte ou, pou w koute ti bout diskou nou an.
[5] Twouve, nou jwenn nonm sa a se yon pès, yon moun k ap leve kabal pami Juif yo nan lemonn antye, yon chèf gwoup Nazareyen yo.
[6] Menm tanp lan, li eseye pwofane li. Nou arete l. E, nou te vle jije l daprè lwa pa nou.
[7] Men, kòmandan Lizyas vini avèk vyolans, li rape l nan men nou.
[8] Epi, li pase moun ki t ap akize l yo lòd pou y ale kote ou. Donk, lè ou egzamine li, w a kapab aprann tout bagay, nou menm, n ap akize l yo.
[9] Tout Juif yo te dakò tou. Yo deklare se konsa bagay yo ye vre.
[10] Lè gouvènè a fè Pòl siy pou li pale, Pòl reponn, li di: Mwen konnen se ou ki jij nasyon sa a depi plizyè ane. Donk, se avèk konfyans m ap defann kòz mwen.
[11] Ou kapab verifye sa: Pa genyen plis pase douz jou, depi mwen monte Jerizalèm pou mwen adore.
[12] E, ni nan tanp lan, ni nan sinagòg yo, ni nan vil la, yo pa t jwenn mwen ap diskite ak moun oubyen ap soulve foul.
[13] E, bagay y ap akize m yo kounye a, yo pa kapab pwouve yo, nonplis.
[14] Men, m ap rekonèt sa devan ou: Daprè Chemen, yo menm, yo rele «yon bann» nan, se konsa mwen sèvi Bondye zansèt nou yo. Vrèmanvre, mwen kwè tout sa ki ekri nan lalwa a ak nan liv pwofèt yo.
[15] Esperans mwen genyen nan Bondye a, se li tou, yo menm, y ap tann; sèke: Tout mò pral resisite, ni sa ki jis, ni sa ki pa jis.
[16] Se poutèt sa, mwen menm tou, m ap fòse pou mwen toujou genyen yon konsyans ki san repwòch ni devan Bondye, ni devan lèzòm.
[17] Apre plizyè ane deyò, mwen te vini pou mwen fè zèv pou nasyon m nan epi pou mwen fè ofrann.
[18] Se konsa, kèk Juif ki sot ann Azi jwenn mwen ap pirifye tèt mwen nan tanp lan, san foul, san briganday nonplis.
[19] Si yo genyen yon bagay avèk mwen, fòk se yo menm ki pou ta la epi ki pou ta akize mwen.
[20] Osinon, se pou moun sa yo di, yo menm, de ki krim yo te jwenn mwen koupab, lè mwen te kanpe devan Konsèy la.
[21] Amwenske se ta sèlman akòz lè mwen te pami yo a, mwen te fè deklarasyon sa a: «Se poutèt rezirèksyon mò yo y ap jije mwen devan nou jodi a!»
[22] Lè Feliks tande sa, li ranvwaye yo, paske li te konnen kòrèkteman sa ki konsène Chemen an. Li di: Lè kòmandan Lizyas desann, m a egzamine ka nou an.
[23] Li pase santenye a lòd pou li kenbe Pòl toujou, men, avèk plis libète, epitou pou li pa anpeche okenn nan moun Pòl yo rann Pòl sèvis oubyen vizite li.
[24] Kèk jou apre, Feliks vini avèk madanm li Drisil ki te yon Juif. Li voye chèche Pòl, epi li kòmanse koute l ap pale sou lafwa nan Kris.
[25] Men, lè prèch li a vire sou jistis, disiplin moral ak jijman ki pral vini, Feliks vin pè. Li reponn, li di: Pou kounye a, ou mèt ale. Lè mwen jwenn yon okazyon, m a fè rele w.
[26] Epitou, li te espere Pòl t ap ba li lajan pou li te ka lage li. Donk, se tout tan li te konn voye chèche Pòl pou Pòl koze avèk li.
[27] Dezan pase konsa, jis Pòsiyis Festis ranplase Feliks. E, kòm Feliks te vle fè Juif yo yon favè, li kite Pòl nan chenn.