Skip to content
Opens in a new window

[1] Teyofil, vrèmanvre, mwen te fè premye liv la sou tout travay Jezi yo ak sou ansèyman li yo, depi jou li te kòmanse a,

[2] pou jis jou li te monte nan syèl la. Grasa Lespri Sen an, li bay apot li te chwazi yo lòd, epi li monte.

[3] Apre li te fin soufri, se devan yo menm tou, li te prezante tèt li, e avèk anpil prèv li te montre li vivan. Yo te wè li pandan karant jou: Li t ap pale sou bagay ki konsène wayòm Bondye a.

[4] Pandan yo te reyini ansanm, li kòmande yo pou yo pa kite Jerizalèm, men, pou yo tann sa Papa a te pwomèt la. Li di yo: Se sa nou te tande mwen di a.

[5] Vrèmanvre, Jan te batize moun nan dlo. Men, nan kèk jou ankò, nou menm, nou va resevwa batèm nan Lespri Sen an.

[6] Donk, lè yo te reyini ansanm nan, yo t ap poze li kesyon. Yo t ap di li: Senyè, èske se nan tan sa a ou va tabli wayòm nan pou Izrayèl ankò?

[7] Li di yo: Afè konnen tan ak dat, sa pa pou nou! Se Papa a ki fikse yo avèk pwòp otorite li.

[8] Okontrè, lè Lespri Sen an va vini sou nou, nou va resevwa pisans, epi nou va temwen pou mwen nan Jerizalèm, nan tout Jide, nan Samari, rive jis nan pwent latè.

[9] Lè li fin di sa, pandan yo t ap gade a menm, li monte nan syèl. Yon nyaj pati ak li devan je yo.

[10] Pandan li t aprale, je yo te fikse nan syèl la. Epi, twouve, de zòm ki te abiye an blan te kanpe devan yo.

[11] Epi, li di: Nou menm Galileyen, pouki nou kanpe ap gade syèl la konsa? Jezi sa a ki monte nan syèl kite nou an, menm jan nou wè li ale nan syèl la, se konsa l ap vini tou.

[12] Apre sa, yo kite kote yo rele Mòn Oliv la, tou pre Jerizalèm, distans yon chemen saba konsa, epi yo tounen Jerizalèm.

[13] Lè yo antre, yo monte nan chanmòt kote yo te rete a. Se te Pyè, Jan, Jak ak Andre, Filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak pitit Alfe ak Simon ki te Zelòt la ak Jid pitit Jak.

[14] Yo tout, nan tèt ansanm, yo t ap pèsevere nan lapriyè ak nan siplikasyon. Medam yo, Mari ki manman Jezi ak frè Jezi yo te avèk yo tou.

[15] Menm jou sa yo, yon foul ki te genyen sanven moun konsa te la ansanm. Pyè kanpe nan mitan disip sa yo.

[16] Li di: Nou menm, frè mwen yo, fòk Ekriti sa a te akonpli, kote nan bouch David, Lespri Sen an te pale davans sou Jida ki te gide moun ki te arete Jezi yo.

[17] Vrèmanvre, yo te konte Jida kòm youn nan nou. E, li te resevwa yon pòsyon nan ministè sa a.

[18] Donk, nonm sa a achte yon tè ak lajan zak enjistis la. Li tonbe fas anba. Li fann nan mitan. Epi, tout zantray li vide.

[19] Tout moun Jerizalèm vin konnen sa, ki fè menm nan pwòp lang yo, yo rele tè a Akèldama. Sa vle di, Tè San.

[20] Vrèmanvre, sa ekri nan Liv Sòm: Se pou kay li vin yon savann, Pou pèsonn pa abite ladan l! Epi ankò: Se pou yon lòt pran ministè a!

[21] Donk, fòk yon moun vin temwen avèk nou sou rezirèksyon Senyè Jezi. Se va youn nan mesye sa yo ki te akonpànye nou, tout tan Senyè Jezi t ap ale vini pami nou, kòmanse lè batèm Jan an jis nan jou Jezi te monte kite nou an.

[23] Yo prezante de moun: Se te Jozèf yo rele Basabas, alyas Jistis, avèk Matyas.

[24] Epi, yo priye, yo di: Senyè, ou menm ki konnen kè tout moun, pami de moun sa yo, montre nou youn ou chwazi.

[25] Konsa, nan ministè ak apostola sa a, li va pran pòsyon Jida te kite pou l te ale pwòp kote pa l la.

[26] Yo fè tirajosò pou yo. Matyas soti nan tiraj la. Epi, yo ajoute li sou onz apot yo.

Akdèzapot — Chapters