[1] Men, te genyen yon nonm yo rele Ananyas avèk madanm li Safira. Li vann yon pwopriyete.
[2] Ananyas antann avèk madanm li, li kenbe nan lajan an. Epi, li pote yon pati al depoze devan pye apot yo.
[3] Men, Pyè di: Ananyas, Satan plen kè ou, jis ou bay Lespri Sen an manti epi ou kenbe nan lajan jaden an pou tèt pa w. Poukisa?
[4] Lè jaden an te rete la, li te rete pou ou, pa vre? E, lè ou te vann li, ou te gen pouvwa sou lajan an, pa vre? Pouki ou te mete yon plan konsa nan kè ou? Se pa lèzòm ou bay manti, men, se Bondye!
[5] Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe. Li rann dènye souf li. Yon gwo sezisman pran tout moun ki te tande bagay sa yo.
[6] Alò, jèn gason yo leve, yo vlope kò a, epi yo pote l al antere.
[7] Sa k vin rive sèke prèske twazè d tan apre, san madanm Ananyas pa konnen sa ki te pase, li antre tou.
[8] Pyè pran lapawòl, li di li: Di m si se tèl pri ou te vann jaden an! Li di: Wi! Se tèl pri!
[9] Alò, Pyè di li: Pouki nou antann pou nou tante Lespri Senyè a? Gade! Moun ki te antere mari w yo, pye yo nan papòt la. Y ap pote w ale tou.
[10] Menm lè a, li tonbe devan pye Pyè. Li rann dènye souf li. Lè jèn gason yo vini, yo jwenn li mouri. Yo pote l al antere bò kot mari l.
[11] Yon gwo sezisman tonbe sou tout legliz la ak sou tout moun ki te tande bagay sa yo.
[12] Anpil mirak siy ak mèvèy t ap fèt pami pèp la anba men apot yo. E, yo tout, nan tèt ansanm, yo te konn sou Galeri Salomon.
[13] Men, pèsonn pami rès moun yo pa t oze asosye avèk yo. Men, pèp la t ap fè lwanj pou yo.
[14] Foul fi ak gason ki te kwè nan Senyè a t ap ogmante plis toujou.
[15] Konsa, moun pote malad yo nan lari. Yo mete yo sou matla ak branka, dekwa lè Pyè pase, pou menm lonbraj li ta poze sou youn nan yo.
[16] Foul moun ki te soti menm nan vil ki nan alantou yo te rasanble nan Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri ap toumante. E, yo tout geri.
[17] Men, sakrifikatè an chèf la leve ak tout moun ki te avèk li yo, sa vle di pati Sadiseyen yo. Jalouzi te plen kè yo.
[18] Yo mete men sou apot yo, epi yo fèmen yo nan prizon piblik la.
[19] Men, pandan nuit la, yon zanj Senyè a ouvri pòt prizon an, li mennen yo deyò.
[20] Epi, li di yo: Ale! Kanpe nan lakou tanp lan, epi di pèp la tout pawòl Lavi sa a!
[21] Lè yo tande sa, yo antre nan lakou tanp lan granmaten, epi yo pran anseye. Men, sakrifikatè an chèf la ak moun li yo parèt. Yo reyini Konsèy la ansanm ak tout Asanble Ansyen nan pèp Izrayèl la, epi yo voye chèche apot yo nan prizon an.
[22] Lè polis yo parèt nan prizon an, yo pa jwenn apot yo. Alò, yo tounen anonse sa.
[23] Yo di: Vrèmanvre, nou jwenn prizon an fèmen ak tout sekirite li, epi nou jwenn gad yo kanpe devan pòt yo. Men, lè nou ouvri pòt yo, nou pa jwenn pèsonn andedan an.
[24] Lè sakrifikatè an chèf la, kòmandan tanp lan ak sakrifikatè prensipal yo tande pawòl sa yo, yo te boulvèse poutèt apot yo; yo t ap mande kijan sa ap tounen.
[25] Men, yon moun parèt, li di yo: Gade! Men mesye nou te fèmen nan prizon yo kanpe nan lakou tanp lan. Y ap anseye pèp la.
[26] Alò, kòmandan an ale avèk polis yo. Yo mennen apot yo san vyolans. Paske, yo te pè pou pèp la pa t kalonnen yo wòch.
[27] Yo mennen yo al konparèt devan Konsèy la. Epi, sakrifikatè an chèf la poze yo kesyon.
[28] Li di: Èske yo pa t pase nou lòd pou nou pa anseye nan non sa a? Gade! Nou plen Jerizalèm avèk ansèyman nou an. Epi, se sou nou menm nou vle mennen kondanasyon pou san nonm sa a!
[29] Men, Pyè ak lòt apot yo reponn, yo di: Fòk moun obeyi Bondye pito pase lèzòm.
[30] Bondye zansèt nou yo te resisite Jezi, sila nou te tiye lè nou te pann li sou bwa a.
[31] Se li menm, Bondye leve met adwat li kòm Prens ak Sovè. Konsa, li va pèmèt Izrayèl jwenn repantans ak padon peche.
[32] Nou se temwen li nan afè sa yo. E, Lespri Sen, Bondye bay moun ki obeyi l yo, se temwen tou!
[33] Men, lè yo tande sa, yo fin dechennen. Yo deside pou yo tiye apot yo.
[34] Men, yon moun nan Konsèy la leve. Se te yon Farizyen yo rele Gamalyèl. Li te yon pwofesè lalwa tout pèp la respekte. Li pase lòd pou yo fè apot yo soti yon ti moman.
[35] Epi, li di yo: Nou menm Izrayelit, fè atansyon ak tèt nou pou sa nou pral fè ak mesye sa yo.
[36] Paske, nan jou ki pase yo, Tedas te kanpe. Li te panse li se yon bagay. Men, yo tiye li. Prèske katsan zòm te asosye avèk li. Mezi moun ki te mete konfyans nan li yo, men yo tout gaye, yo pa rive fè anyen.
[37] Apre mesye sa yo, pandan resansman an, Jida, moun Galile, kanpe. Li rale anpil moun dèyè li. Men, li menm tou, li peri. E, tout moun ki te mete konfyans nan li yo gaye.
[38] Kounye a, m ap di nou sa: Rete lwen mesye sa yo! Kite yo trankil! Vrèmanvre, si plan sa a oubyen travay sa a se nan lèzòm li soti, li va kraze.
[39] Men, si se nan Bondye li soti, nou pa kapab kraze l. Osinon, nou ka twouve, tèt nou nan lagè ak Bondye tou.
[40] Li rive konvenk yo. Epi, yo rele apot yo, yo bat yo, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi, epi yo lage yo.
[41] Pou apot yo menm, lè yo soti devan Konsèy la, yo te kontan dèske Bondye te fè yo onè pou yo sibi dezonè poutèt non Jezi.
[42] Chak jou, nan lakou tanp lan, epi kay apre kay, yo pa t sispann ni anseye, ni anonse bon nouvèl sa a: Jezi se Kris la!