[1] Pyè ak Jan t ap monte ansanm nan tanp lan vè lè lapriyè nevyèm è a.
[2] Kèk moun t ap pote yon nonm ki te enfim depi nan vant manman li. Chak jou, yo te konn mete nonm sa a bò pòtay tanp lan ki rele Bèl Pòtay la pou li te ka mande moun k ap pase nan lakou tanp lan charite.
[3] Lè li wè Pyè ak Jan apral antre nan lakou tanp lan, li mande yo charite.
[4] Pyè ak Jan fikse je yo sou li. Pyè di: Gade nou!
[5] Men, li menm, li t ap obsève yo, li te espere l ap resevwa kichòy nan men yo.
[6] Men, Pyè di: Mwen pa gen ajan ak lò. Men, sa mwen genyen an, se li menm m ap ba ou. Nan non Jezi Kris ki moun Nazarèt, leve epi mache!
[7] Pyè pran men dwat li, li leve li. Menm lè a tou, pye li ak jwenti yo vin fèm.
[8] Li vòltije kanpe, epi li mache. Li antre nan lakou tanp lan avèk yo. Li t ap mache, li t ap ponpe, li t ap fè lwanj Bondye.
[9] Tout pèp la te wè li ap mache, ap fè lwanj Bondye.
[10] Yo te rekonèt se li menm ki te konn chita bò Bèl Pòtay tanp lan pou li mande charite. Devan sa ki te rive l la, kè sote ak sezisman te plen kè yo.
[11] E, kòm nonm enfim ki te geri a t ap kole sou Pyè ak Jan, tout foul la kouri kote yo sou galeri yo rele Galeri Salomon an. Yo te anba sezisman.
[12] Lè Pyè wè sa, li reponn foul la, li di: Nou menm Izrayelit, pouki nou sezi pou sa a? Osinon, pouki n ap gade nou, kòmsi se pwòp pisans oubyen pwòp devosyon nou, ki fè nonm nan mache?
[13] Bondye Abraam, Bondye Izaak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo glorifye Sèvitè li Jezi. Se li menm, nou te fè arete a, e se li nou te nye devan Pilat lè Pilat te deside lage l la.
[14] Nou menm, nou nye sila ki sen an epi ki jis la. Nou mande pou yo fè yon nonm asasen gras pou nou.
[15] Men, nou tiye Prens lavi a, sila Bondye resisite a. E, nou menm, nou temwen sa.
[16] Se grasa lafwa nan non li, e se non li, ki fè nonm sa a vin fèm. Nou wè nonm nan, nou konnen li. Se lafwa nan Jezi ki ba li gerizon total sa a devan nou tout.
[17] Kounye a, frè mwen yo, mwen konnen nou menm ansanm avèk chèf nou yo, nou te aji konsa, paske nou pa t konnen.
[18] Men, se konsa Bondye akonpli sa li te anonse davans nan bouch tout pwofèt li yo. Sa vle di, fòk Kris la te soufri.
[19] Donk, repanti! Konvèti pou Bondye ka efase peche nou yo! Konsa, Senyè a va fè tan soulajman an vini.
[20] Epitou, li va voye sila li te chwazi pou nou davans lan: Jezi Kris!
[21] Vrèmanvre, se li menm ki dwe rete nan syèl la pou jis nan tan tout bagay va retabli. Depi lontan, Bondye te pale bagay sa yo nan bouch tout pwofèt li yo ki sen.
[22] Paske, vrèmanvre, Moyiz te di zansèt nou yo: «Senyè a, Bondye nou an, va fè yon pwofèt tankou m parèt nan mitan frè nou yo. Nou dwe koute li nan tout sa li va di nou.
[23] E, konsa, tout moun ki pa ta koute pwofèt sa a, yo va detui yo nèt nan mitan pèp la.»
[24] Men, tout pwofèt ki te pale yo, depi Samyèl, pase sou lòt apre li yo, yo tout te anonse jou sa yo davans tou.
[25] Bondye te di Abraam: «Nan desandans ou, Bondye va beni tout fanmi sou latè.» Alò, nou menm, nou se eritye ni pwofèt yo, ni alyans Bondye te fè avèk zansèt nou yo.
[26] Lè Bondye te fè Sèvitè li Jezi parèt, se nou menm an premye li te voye l bay, pou Jezi te ka beni nou, pou li te ka detounen nou chak nan mechanste nou yo.