Skip to content
Opens in a new window

[1] Alò, sakrifikatè an chèf la di: Èske se konsa bagay yo ye vre?

[2] Men, Etyèn di: Nou menm, frè mwen yo ak papa mwen yo, koute! Lè papa nou Abraam te Mezopotami, anvan li te abite Karan, Bondye, ki se laglwa a, te parèt devan li.

[3] Epi, li te di li: «Kite peyi ou ak fanmi ou. Ale nan peyi mwen va montre w la.»

[4] Alò, Abraam soti nan peyi kaldeyen yo, l al abite Karan. Apre lanmò papa li, Bondye fè li vin abite nan peyi n ap viv kounye a.

[5] Nan peyi sa a, Bondye pa t ba li okenn eritaj, pa menm youn ki gwosè pla pye li. Men, malgre Abraam pa t genyen pitit, Bondye te pwomèt pou li fè li posede peyi a, li menm avèk desandan l apre li.

[6] Men kijan Bondye te pale ak li: «Desandan w yo va etranje nan yon peyi etranje. Yo va fè yo esklav. Yo va maltrete yo pandan katsanzan.»

[7] Epi, Bondye di: «Nasyon ki ta fè yo esklav la, se mwen ki va jije li! Apre sa, yo va soti. Epi, yo va adore mwen nan peyi isit.»

[8] Li bay Abraam alyans sikonsizyon an. Konsa, uityèm jou apre Izaak te fèt, Abraam sikonsi li. Izaak, li menm, vin sikonsi Jakòb. Epi, Jakòb vin sikonsi douz patriyach yo.

[9] Patriyach yo te jalou sò Jozèf. Yo vann li pou yo mennen li ann Ejip. Men, Bondye te avèk li.

[10] Bondye retire li nan tout tribilasyon li yo. Li ba li gras ak sajès devan Farawon, wa Ejip la. Epi, Farawon mete li premye minis sou peyi Ejip ak sou tout palè li.

[11] Grangou tonbe sou tout peyi Ejip ak peyi Kanaran. Se te yon gwo tribilasyon. Zansèt nou yo pa t kapab jwenn manje.

[12] Men, lè Jakòb tande te genyen manje ann Ejip, li voye zansèt nou yo yon premye fwa.

[13] Dezyèm fwa a, Jozèf fè frè li yo rekonèt li. Epi, Farawon an fè konesans fanmi Jozèf.

[14] Alò, Jozèf voye chèche papa li Jakòb ak tout fanmi li. Se te swasann kenz moun.

[15] Jakòb desann ann Ejip. Apre sa, ni li menm, ni zansèt nou yo mouri.

[16] Yo pote yo Sichèm. Yo mete yo nan tonm Abraam nan. Se tonm li te achte pou yon valè lajan nan men pitit Amò yo ki se moun Sichèm.

[17] Konsa, tan an t ap pwoche pou Bondye te akonpli pwomès li te sèmante bay Abraam nan. Pèp la te ogmante ann Ejip.

[18] Li te vin anpil, jis lè yon lòt wa parèt. Li menm, li pa t konnen Jozèf.

[19] Li fè riz ak ras nou an. Li maltrete zansèt nou yo. Li fè yo abandone tibebe yo pou yo ka pa viv.

[20] Se nan tan sa a Moyiz te fèt. Devan Bondye, li te bèl. Pandan twa mwa, yo pran swen li lakay papa li.

[21] Men, lè yo te abandone li, pitit fi Farawon an pran li. Li elve Moyiz tankou pitit li.

[22] Yo enstui Moyiz nan tout syans Ejipsyen yo. Li te pisan nan pawòl li yo ak nan travay li yo.

[23] Laj Moyiz vin rive karantan. Alò, sa vin nan kè li pou li vizite frè li yo, pitit Izrayèl yo.

[24] Se konsa li wè yo t ap maltrete youn nan yo. Li pran defans li. Epi, pou Moyiz tire revanj nonm yo t ap maltrete a, li tiye Ejipsyen an.

[25] Li te kwè frè li yo ta konprann se avèk li menm, Bondye t ap ba yo delivrans. Men, yo pa t konprann sa.

[26] Lè li parèt nan demen, yo t ap batay. Li eseye rekonsilye yo nan lapè. Li di: «Mesye, se frè nou ye! Pouki nou youn ap maltrete lòt?»

[27] Men, sa ki t ap maltrete pwochen l lan pouse Moyiz sou kote. Li di: «Kilès ki mete ou chèf ak jij sou nou?

[28] Èske ou vle tiye mwen, menm jan ou te tiye Ejipsyen an yè a?»

[29] Lè Moyiz tande pawòl sa a, li sove. Li tounen etranje nan peyi Madyan. La, li fè de tigason.

[30] Karantan pase. Epi, nan dezè bò Mòn Sinayi a, yon zanj Senyè a parèt devan Moyiz. Se te nan yon flanm dife, nan yon touf bwa.

[31] Moyiz gade, epi vizyon an fè li sezi. Lè li pwoche pou li obsève l, vwa Senyè a pale avèk li konsa:

[32] «Mwen se Bondye zansèt ou yo: Bondye Abraam, Bondye Izaak, Bondye Jakòb.» Moyiz, li menm, t ap tranble. Li pa t oze gade.

[33] Men, Senyè a di li: «Demare sandal yo nan pye ou. Paske, kote ou kanpe a se yon tè ki sen.

[34] Mwen byen wè tray pèp mwen an ann Ejip. Mwen tande plenn yo. E, mwen desann pou m retire yo ladan l. Kounye a, vini! M ap voye ou ann Ejip.»

[35] Se Moyiz sa a yo te nye lè yo te di: «Kilès ki mete ou chèf ak jij?» Se li menm, Bondye te voye kòm chèf, kòm liberatè, avèk konkou zanj ki te parèt devan li nan touf bwa a.

[36] Se li menm ki te fè yo soti lè l te fè mèvèy ak mirak siy nan peyi Ejip, nan lanmè Wouj la, epi pandan karantan nan dezè a.

[37] Se menm Moyiz sa a ki te di pitit Izrayèl yo: «Pami frè nou yo, Senyè a, Bondye nou an, va leve yon pwofèt tankou mwen.»

[38] Se Moyiz sa a ki te nan asanble nan dezè a. Li te avèk Zanj ki te pale avèk li sou Mòn Sinayi a epi avèk zansèt nou yo. Se li ki te resevwa pawòl vivan pou li ba nou yo.

[39] Se li zansèt nou yo pa t vle obeyi a. Okontrè, yo pouse li sou kote. Yo vire kè yo sou peyi Ejip.

[40] Yo di Aawon: «Fè yon bondye pou nou ki pou mache devan nou. Paske, kanta pou Moyiz ki te fè nou soti nan peyi Ejip la, nou pa konnen sa li devni.»

[41] Pandan jou sa yo, yo fè yon bèf. Yo pote sakrifis devan zidòl la. Yo selebre travay men yo te fè.

[42] Men, Bondye vire kite yo, epi li lage yo pou yo sèvi lame syèl la, menm jan sa ekri nan liv Pwofèt yo: Ras Izrayèl, pandan karantan nan dezè a, Nou pa t ofri m bèt ak sakrifis, pa vre?

[43] Nou te pote tabènak pou Molòk Ak zetwal dye nou an, Ranfan. Se zidòl sa yo nou te fè, pou nou adore. Konsa, m ap egzile nou pi lwen pase Babilòn.

[44] Tabènak Temwayaj la te avèk zansèt nou yo nan dezè a, jan Sila ki te pale avèk Moyiz la te kòmande Moyiz pou Moyiz fè li daprè modèl Moyiz te wè a.

[45] E, se li zansèt nou yo te resevwa tou. Sou Jozye, yo mennen li nan peyi yo te pran nan men nasyon Bondye te chase devan zansèt nou yo. E li te la jis nan tan David.

[46] David, li menm, jwenn gras devan Bondye. Alò, li mande pou li jwenn yon kay pou Bondye Jakòb la.

[47] E, se Salomon ki te bati yon kay pou Bondye.

[48] Men, Sila a ki Trè Wo a pa abite nan tanp lèzòm. Se menm jan pwofèt la te di a:

[49] Senyè a di: «Syèl la se twòn mwen. Epi, tè a se yon machpye anba pye mwen. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Oubyen, ki kote mwen ta ka repoze?

[50] Èske se pa mwen menm ki fè tout bagay sa yo?»

[51] Moun tèt di! Moun kè ak zòrèy ki pa sikonsi! Nou toujou ap reziste ak Lespri Sen an. Menm jan zansèt nou yo te ye a, se konsa nou ye tou.

[52] Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo tiye moun ki te anonse davans, sila ki jis la ap vini. Epi, nou menm, kounye a, nou trayi li. Nou tounen asasen li, nou menm ki te resevwa lalwa sou lòd zanj. E, nou pa obsève li.

[54] Lè yo tande bagay sa yo, yo dechennen nan kè yo. Yo t ap manje dan sou Etyèn.

[55] Men, Lespri Sen te ranpli li. Li fikse je li nan syèl la. Li wè glwa Bondye epi li wè Jezi ki kanpe adwat Bondye.

[56] Li di: Gade! Mwen wè syèl la ouvè. Men Pitit Lòm nan kanpe adwat Bondye!

[57] Men, yo rele byen fò. Yo bouche zòrèy yo. Epi, yo tout ansanm, yo fonse sou Etyèn.

[58] Yo trennen li al deyò vil la, epi yo kalonnen li wòch. Temwen yo poze rad yo bò pye yon jennonm yo rele Sòl.

[59] Pandan yo t ap kalonnen Etyèn wòch, li menm, li t ap lapriyè. Li t ap di: Senyè Jezi, resevwa Lespri mwen!

[60] Li mete ajenou. Li rele byen fò: Senyè! Pa mete peche sa a sou kont yo! Lè l fin di sa, li dòmi.

Akdèzapot — Chapters