[1] Te genyen yon nonm nan Sezare yo te rele Kònèy. Li te santenye yon batayon yo rele Batayon Italyen.
[2] Se te yon moun ki gen devosyon. E, li menm ansanm ak tout moun lakay li, yo te gen krentif pou Bondye. Li te konn fè pèp la anpil charite, epi se tout tan, li t ap lapriyè Bondye.
[3] Yon jou, vè nevyèm è a konsa, li wè yon zanj Bondye aklè nan yon vizyon. Zanj lan vini kote li, epi li di li: Kònèy!
[4] Alò, li fikse je li sou zanj lan. Laperèz pran li. Li di: Kisa, Senyè? Zanj lan di li: Priyè w yo ak zèv charite w yo monte devan Bondye tankou yon souvni.
[5] Kounye a, voye kèk gason Jope al chèche Simon ki rele Pyè a.
[6] Li fè ladesant kay Simon, bòs tanè ki gen kay li bòdmè a.
[7] Lè zanj ki t ap pale avèk Kònèy la pati, Kònèy rele de sèvitè avèk yon sòlda devwe, youn nan sa ki te toujou o sèvis li yo.
[8] Li esplike yo tout bagay, epi li voye yo Jope.
[9] Yo vwayaje nan demen. Vè sizyèm è a konsa, yo te tou pre Jope. Menm lè sa a, Pyè, li menm, te monte lapriyè sou do kay la.
[10] Li vin grangou, li te vle manje. Pandan yo t ap pare manje pou li, li tonbe nan yon transpò.
[11] Li wè syèl la louvri. Epi, yon bagay tankou yon gwo dra ki mare nan kat pwent t ap desann sou li, vin poze sou tè a.
[12] Nan bagay sa a, te genyen tout kalite bèt kat pye ki sou latè, bèt mawon, bèt ki trennen ak zwazo nan syèl.
[13] Epi, yon vwa di li: Pyè, leve! Tiye! Manje!
[14] Men, Pyè di: Jamè, Senyè. Paske, mwen pa janm manje anyen ki sal oubyen ki pa pwòp.
[15] Vwa a di li yon dezyèm fwa ankò: Sa Bondye konsidere ki pwòp, ou menm, pa konsidere li sal.
[16] Sa rive twa fwa. Epi, bagay la monte nan syèl la ankò.
[17] Pandan Pyè te pèdi nan chèche sans vizyon li te fè a, twouve, mesye, Kònèy te voye yo parèt devan baryè a. Yo te mande direksyon kay Simon.
[18] Alò, yo rele mande si se la Simon ki rele Pyè a fè ladesant.
[19] Pyè t ap reflechi sou vizyon an toujou, lè Lespri a di li: Gade! Men twa zòm ap chèche w.
[20] Donk, Leve! Desann! Pati avèk yo san diskite. Paske, se mwen menm ki voye yo.
[21] Pyè desann kote mesye yo vre. Li di: Gade! Mwen se moun n ap chèche a. Ki rezon ki mennen nou isit la?
[22] Yo di: Se santenye Kònèy. Li se yon nonm jis, ki gen krentif pou Bondye. Tout nasyon Juif la bay bon temwayaj sou li. Yon zanj sen ba li revelasyon pou li fè ou vini lakay li epi pou li koute pawòl ou.
[23] Pyè envite yo antre fè ladesant. Men, nan demen, l ale avèk yo. Kèk frè nan Jope te ale ansanm avèk yo tou.
[24] Yo rive Sezare nan apre demen. Kònèy, li menm, t ap tann yo. Li te reyini fanmi li ak bon zanmi li yo.
[25] Lè Pyè vini pou li antre, Kònèy al rankontre li, li tonbe nan pye li pou li adore li.
[26] Men, Pyè fè li leve. Li di: Leve! Se moun mwen ye tou.
[27] Pandan yo t ap koze konsa, Pyè antre. Li jwenn anpil moun te deja reyini.
[28] Li di yo: Nou menm, nou konnen kòman yo defann pou yon nonm Juif vizite moun lòt nasyon oubyen pou li asosye avèk yo. Men, mwen menm, Bondye montre mwen pou mwen pa di pèsonn ni sal, ni pa pwòp.
[29] Se poutèt sa, lè nou te voye chèche m nan, mwen te vini san diskisyon. Donk m ap mande nou pou ki rezon nou voye chèche m.
[30] Alò, Kònèy di: Sa fè kat jou, vè lè konsa, mwen te lakay mwen nan jèn ak nan lapriyè nevyèm è a. Epi, twouve, yon nonm ak rad klere te kanpe devan mwen.
[31] Li di: «Kònèy! Bondye koute priyè ou epi li sonje zèv charite ou yo.
[32] Donk, voye moun al Jope rele Simon ki rele Pyè a. Li fè ladesant kay Simon, bòs tanè ki bòdmè a. Lè li vini, li va pale avèk ou.»
[33] Se poutèt sa, menm lè a tou, mwen voye kote ou. E, ou byen fèt vini. Donk, kounye a, nou tout, nou la devan Bondye pou nou koute tout sa Bondye te kòmande w pou w te di nou.
[34] Pyè louvri bouch li, epi li di: An verite, mwen rekonèt Bondye pa nan patipri.
[35] Okontrè, nan tout nasyon, si yon moun genyen krentif pou Bondye epi si li fè sa ki jis, Bondye aksepte li.
[36] Li te voye pawòl la bay desandan Izrayèl yo. Li anonse bon nouvèl lapè nan Jezi Kris, ki se Senyè sou tout moun.
[37] Nou menm, nou deja konnen istwa ki rive nan tout Jide a. Bondye te konsakre Jezi, moun Nazarèt, avèk Lespri Sen an ak pisans. Jezi kòmanse nan Galile apre batèm Jan te preche a, l ale toupatou ap fè byen, ap geri tout moun djab la t ap eksplwate. Paske, Bondye te avèk Jezi.
[39] E, nou menm, nou se temwen tout bagay li te fè ni nan zòn Jide, ni nan Jerizalèm. Epi, yo pann li sou yon bwa. Se konsa yo tiye li.
[40] Twa jou apre, Bondye resisite li, epi li pèmèt li parèt an piblik.
[41] Se pa t devan tout pèp la li te parèt. Men, se te devan nou menm, temwen Bondye te chwazi davans yo, ki te manje e ki te bwè avèk li apre li te resisite pami mò yo.
[42] Epi, Jezi te kòmande nou pou nou preche pèp la, pou nou deklare se li menm Bondye chwazi pou jije moun vivan ak moun mouri.
[43] Men sa tout pwofèt yo temwaye sou li: Tout moun ki kwè nan li, yo resevwa padon pou peche yo nan non li.
[44] Pandan Pyè t ap di mo sa yo, Lespri Sen an tonbe sou tout moun ki t ap koute pawòl la.
[45] Fidèl sikonsi ki te vini avèk Pyè yo, yo tout te etone, dèske Bondye te vide Lespri Sen an kòm kado sou lòt nasyon yo tou.
[46] Vrèmanvre, fidèl yo te tande y ap pale an lang, yo t ap fè lwanj Bondye.
[47] Alò, Pyè reponn, li di: Moun sa yo resevwa Lespri Sen an menm jan avèk nou, pèsonn pa kapab refize pou yo batize yo nan dlo, pa vre?
[48] Li pase lòd pou yo batize yo nan non Senyè a. Apre sa, yo mande l rete avèk yo pou kèk jou.