Skip to content
Opens in a new window

[1] Agripa di Pòl: Ou mèt defann tèt ou! Alò, Pòl lonje men li, epi li kòmanse defann tèt li konsa:

[2] Wa Agripa, mwen konsidere se yon benediksyon pou mwen, dèske se devan ou, jodi a, mwen pral defann tèt mwen, pou tout bagay Juif yo akize m yo.

[3] Sitou ou se yon save nan tout bagay ki konsène Juif yo, kit se koutim yo, kit se diskisyon yo. Donk, m ap sipliye w pou w koute mwen avèk pasyans.

[4] Vrèmanvre, tout Juif yo konnen kijan mwen viv pami pèp mwen an nan Jerizalèm, depi o kòmansman, lè mwen te jèn gason.

[5] Si yo ta vle temwaye, yo konnen mwen lontan ase, pou yo ta temwaye: Mwen te viv tankou Farizyen, gwoup ki pi difisil nan relijyon nou an.

[6] Kounye a, se poutèt esperans Bondye te pwomèt zansèt nou yo mwen kanpe nan jijman.

[7] Se esperans sa a douz tribi nou yo espere jwenn, lè y ap sèvi Bondye san rete, lajounen kon lannuit. Wa Agripa, se poutèt esperans sa a, Juif yo akize mwen.

[8] Poukisa nou konsidere li enposib pou Bondye resisite mò?

[9] Vrèmanvre, menm mwen menm, mwen te panse mwen dwe fè anpil opozisyon kont non Jezi, moun Nazarèt.

[10] E, se sa mwen fè nan Jerizalèm. Lè mwen resevwa otorizasyon nan men sakrifikatè prensipal yo, mwen fèmen anpil nan sen yo nan prizon. E, lè yo t ap tiye yo, mwen vote wi.

[11] Nan tout sinagòg yo, anpil fwa, mwen fòse yo denigre Bondye pou mwen te ka pini yo. Mwen te tèlman an kòlè kont yo, mwen menm pèsekite yo, jis nan peyi etranje.

[12] Se nan konsa, mwen t apral Damas avèk otorizasyon ak pèmisyon sakrifikatè prensipal yo.

[13] Monwa, mwen te nan wout vè midi, lè mwen wè yon limyè ki soti nan syèl la vin flache toutotou mwen menm ansanm ak moun ki t ap vwayaje avèk mwen yo. Li te pi klere pase solèy la.

[14] Nou tout tonbe atè. Epi, mwen tande yon vwa pale avèk mwen. Li di nan lang Ebre: «Sòl! Sòl! Poukisa w ap pèsekite mwen? Si w ap tire pye kont zepon, sa va rèd pou ou.»

[15] Men, mwen di: «Kilès ou ye, Senyè?» Li di: «Mwen se Jezi, moun w ap pèsekite a.

[16] Men, leve kanpe sou pye ou. Paske, men poukisa mwen parèt devan ou: Se pou mwen ka pran ou kòm sèvitè epi kòm temwen ni pou sa ou deja wè, ni pou sa mwen va montre ou.

[17] Mwen retire w pami pèp la ak nasyon yo. M ap voye ou kote yo.

[18] Ou va ouvri je yo. Konsa, yo va tounen sot nan fènwa ale nan limyè, sot anba pouvwa Satan al jwenn Bondye. Konsa tou, yo va resevwa padon pou peche yo ak yon eritaj pami moun mwen sangtifye poutèt yo gen lafwa nan mwen.»

[19] Donk, wa Agripa, mwen pa t dezobeyi vizyon ki soti nan syèl la.

[20] Okontrè, kòmanse avèk moun Damas ak moun Jerizalèm, rive nan tout zòn Jide, epi pami lòt nasyon yo, mwen anonse moun yo dwe repanti, yo dwe konvèti nan Bondye, epi yo dwe fè travay ki demontre yo repanti.

[21] Se poutèt bagay sa yo, Juif yo te arete m nan tanp lan epi yo t ap eseye tiye m nan.

[22] Men, mwen jwenn konkou Bondye ki fè mwen kanpe jis jodi a pou mwen temwaye devan ni piti, ni gran. E, mwen pa di anyen plis pase bagay ni pwofèt yo, ni Moyiz te di ki t apral rive.

[23] Sa vle di, Kris la dwe soufri. Epi, lè li menm an premye, li resisite pami mò yo, li dwe anonse limyè ni pou pèp sa a, ni pou lòt nasyon yo.

[24] Men, pandan Pòl t ap defann tèt li konsa, Festis di byen fò: Ou fou, Pòl! Anpil konesans fè w fou!

[25] Men, Pòl di: Sonnekselans Festis, mwen pa fou. Okontrè, se laverite ak pawòl bonsans m ap pale la a.

[26] Paske, Wa a konnen bagay sa yo. E, m ap pale yo kareman devan li. Vrèmanvre, mwen gen konfyans okenn ladan yo pa kache pou li, paske se pa t an kachèt sa te pase.

[27] Wa Agripa, èske ou kwè pwofèt yo? Mwen konnen ou kwè.

[28] Agripa di Pòl: Talè konsa, w a konvenk mwen pou w fè m vin kretyen!

[29] Alò, Pòl di: Kit se talè konsa, kit se nan anpil tan, mwen priye Bondye pou se pa ou menm sèlman, men, pou se tout moun k ap koute m jodi a ki vin menm jan mwen ye a, men, san chenn sa yo.

[30] Lè Pòl fin di bagay sa yo, wa a leve ansanm ak gouvènè a ak Berenis epi ak tout moun ki te chita avèk yo.

[31] Pandan yo t aprale, youn t ap pale ak lòt. Yo di: Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò oubyen chenn.

[32] Agripa, li menm, di Festis: Si nonm sa a pa t mande konparèt devan Seza, yo ta kapab lage li.

Akdèzapot — Chapters