[1] Lè nou kite yo, nou pran bato, nou ale Kòs tou dwat. Nan demen, nou ale Wòd. Soti la, nou ale Patara.
[2] Nou anbake abò yon bato nou jwenn ki t ap travèse al Fenisi, epi nou pati.
[3] Lè zile Chip parèt agoch, nou pase li, epi, nou fè kap pou Siri. Nou koste Ti, paske se la bato a te genyen pou li debake chay li.
[4] Nou pase sèt jou avèk disip nou te jwenn la yo. Lespri a pouse yo di Pòl pa monte Jerizalèm.
[5] Men, lè jou yo te pase, nou soti pou nou ale. Yo tout ansanm avèk madanm yo ak pitit yo akonpànye nou rive deyò nan vil la. Epi, nou ajenou sou rivaj la, nou priye.
[6] Apre sa, nou youn di lòt orevwa. Nou anbake nan bato a. Yo menm, y ale lakay yo.
[7] Men, nou menm, lè nou fini vwayaj la, nou soti Ti, n ale Tolemayis. Nou salye frè yo, epi nou pase yon jou avèk yo.
[8] Men, nan demen, moun ki pati avèk Pòl yo ale Sezare. Yo antre kay evanjelis Filip, ki te youn nan gwoup Sèt la. Se la nou fè ladesant.
[9] E, nonm sa a te genyen kat pitit fi vyèj ki te konn pwofetize.
[10] Nou pase plizyè jou la. Sètalò, yon pwofèt yo rele Agabis desann soti Jide.
[11] Li vini kote nou. Li pran sentiwon Pòl. Li mare ni pye li ni men li, epi li di: Men sa Lespri Sen an di: «Nonm ki mèt sentiwon sa a, se konsa Juif yo va mare li Jerizalèm. Epi, yo va livre li nan men moun lòt nasyon yo.»
[12] Lè nou tande sa, ni nou menm, ni moun zòn nan, nou sipliye Pòl pou li pa monte Jerizalèm.
[13] Pòl, li menm, reponn, li di: Sa n ap fè konsa? Apa n ap kriye epi n ap twouble lespri mwen! Paske, pou mwen menm, se pa sèlman mare mwen pare pou yo mare m, okontrè menm, se mouri mwen pare pou mwen mouri Jerizalèm poutèt non Senyè Jezi.
[14] Kòm nou pa t rive konvenk li, nou fè silans. Epi, nou di: Se pou volonte Senyè a fèt!
[15] Apre jou sa yo, nou pare afè nou, epi nou monte Jerizalèm.
[16] Kèk nan disip Sezare yo ale avèk nou tou. Yo mennen nou kay yon sèten Nazon, yon ansyen disip ki te moun Chip. Se la nou fè ladesant.
[17] Lè nou rive Jerizalèm, se avèk lajwa, frè yo resevwa nou.
[18] Nan demen, Pòl ale kote Jak avèk nou. Tout ansyen yo te reyini la tou.
[19] Pòl salye yo, epi li rakonte youn apre lòt tout sa Bondye te fè nan ministè li pami lòt nasyon yo.
[20] Lè yo tande sa, yo bay Senyè a glwa, epi yo di Pòl: Frè nou, ou wè konbyen milye Juif ki kwè. E, yo tout zele pou lalwa.
[21] Men sa yo aprann yo sou ou: W ap anseye tout Juif ki pami lòt nasyon yo pou yo abandone Moyiz, paske w ap di pou yo pa ni sikonsi pitit yo, ni mache daprè koutim zansèt yo.
[22] Donk, kisa ki dwe fèt? Kanmenm, fòk popilasyon an rasanble, paske y ap konnen ou vini.
[23] Donk, fè sa nou pral di w la. Genyen kat gason avèk nou la a ki te fè yon ve.
[24] Pran yo. Pirifye ni ou menm ni yo menm. Epi, peye pou yo, pou yo kapab fè kale tèt yo. Konsa, tout moun va konnen pa gen anyen ki vre nan sa yo te aprann yo sou ou a. Men, okontrè, ou mache nan lòd, e ou menm tou, ou obsève lalwa.
[25] Men, kanta pou kwayan pami lòt nasyon yo, nou menm, nou ekri yo. Nou deside pou yo pa obsève anyen konsa. Men, se sèlman kenbe yo dwe kenbe tèt yo lwen bagay yo te sakrifye bay zidòl, san, bèt yo trangle, avèk imoralite.
[26] Alò, Pòl pran mesye yo. Nan demen, li pirifye ni li menm, ni yo menm. Epi, li antre nan tanp lan pou l anonse sou konbyen jou pou pirifikasyon an fini anvan yo prezante ofrann nan pou yo chak.
[27] Sèt jou yo te prèske pase lè Juif ki sot ann Azi yo wè Pòl nan lakou tanp lan. Yo lage tout foul la nan boulvès. Yo mete men sou li.
[28] Epi, yo kòmanse rele: Nou menm nan Izrayèl, sekou! Se nonm sa a k ap anseye tout moun toupatou bagay ki kont pèp la, ki kont lalwa, epi ki kont plas sa a. Menm moun ki pa Juif, li mennen yo nan lakou tanp lan. Epi, li pwofane plas sa a ki sen.
[29] Paske, yo te wè Twofim, moun Efèz, nan vil la avèk Pòl, yo sipoze Pòl te mennen li nan lakou tanp lan.
[30] Tout vil la vin bwouye. Pèp la t ap kouri toupatou. Yo mete men sou Pòl. Yo trennen li deyò sot nan lakou tanp lan. Menm lè a tou, yo fèmen pòtay yo.
[31] Pandan yo t ap chèche tiye li, rapò sa a monte kote kòmandan batayon an: Tout Jerizalèm an boulvès!
[32] Tousuit, li pran sòlda ak santenye avèk li. Li kouri desann sou pèp la. E, lè yo menm, yo wè kòmandan an avèk sòlda yo, yo sispann bat Pòl.
[33] Alò, kòmandan an pwoche. Li fè mete men sou Pòl. Li pase lòd pou yo mare Pòl avèk de chenn. Epi, li mande ki moun Pòl ye epi kisa li te fè.
[34] Men, yon pati nan foul la t ap rele yon bagay, yon lòt pati, yon lòt bagay. Briganday la te lakòz li pa t kapab konnen verite a. Alò, li pase lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn nan.
[35] Men, lè li rive sou eskalye a, foul la te tèlman brital, se pote sòlda yo pote Pòl.
[36] Mas pèp la t ap suiv li, epi yo t ap rele: Tiye l!
[37] Pandan Pòl t apral antre nan kazèn nan, li di kòmandan an: Èske lalwa pèmèt mwen pale avèk ou? Li reponn: Apa ou pale Grèk!
[38] Donk, se pa ou menm ki Ejipsyen an! Tou lòt jou la a, li fè yon revolisyon. Epi, l ale nan dezè a avèk katmil asasen.
[39] Men, Pòl di: Mwen menm, se Juif mwen ye. Mwen se sitwayen Tas, nan Silisi, yon vil ki pa san valè. Tanpri, pèmèt mwen pale avèk pèp la.
[40] Lè li pèmèt Pòl pale, Pòl kanpe sou eskalye a. Li fè pèp la siy ak men li. Vin genyen yon gwo silans. Lè sa a, li pale nan lang Ebre.