Skip to content
Opens in a new window

[1] Men, Sòl te konplis nan lanmò Etyèn nan. Jou sa a, yon gwo pèsekisyon kòmanse kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo gaye nan zòn Jide ak Samari, eskepte apot yo.

[2] Kèk gason devwe fè antèman Etyèn. Yo kriye anpil pou li.

[3] Sòl, li menm, t ap ravaje legliz la. Li antre nan kay apre kay, li trennen ni gason ni fi al lage nan prizon.

[4] Donk, moun ki te gaye yo ale toupatou. Yo t ap anonse bon nouvèl pawòl la.

[5] Filip, li menm, desann nan yon vil nan Samari, epi li preche moun yo Kris.

[6] Foul moun yo tande bagay Filip t ap di yo. Epi, lè yo wè mirak siy li t ap fè yo, yo tout ansanm, yo resevwa bagay li t ap di yo.

[7] Vrèmanvre, anpil nan moun yo te genyen move lespri ki t ap soti sou yo avèk gwo rèl. Anpil moun paralize ak moun enfim te geri tou.

[8] Te genyen yon gwo kontantman nan vil sa a.

[9] Men, anvan sa, yon nonm yo rele Simon te konn fè maji nan vil la. Li te konn etone pèp Samari. Li t ap di li se yon nonm ki gran!

[10] Ni piti ni gran te koute li. Yo t ap di: Sila a se Gran Pisans Bondye a!

[11] Yo te koute li, paske li t ap etone yo ak maji l yo pandan lontan.

[12] Men, lè Filip vin anonse bon nouvèl la sou wayòm Bondye a ak sou non Jezi Kris, yo kwè li. Epi, ni gason ni fi batize.

[13] Menm Simon, li menm, te kwè tou! Li te batize, epi li t ap pèsevere ak Filip. E, lè li te wè mirak ak mirak siy ki t ap fèt yo, li te etone.

[14] Apot yo menm, ki nan Jerizalèm, te tande moun Samari te resevwa pawòl Bondye a. Alò, yo voye Pyè ak Jan kote yo.

[15] Lè Pyè ak Jan desann, yo priye pou moun yo, dekwa pou yo te ka resevwa Lespri Sen an.

[16] Vrèmanvre, li pa t ko desann sou okenn nan yo. Men, se sèlman batize yo te batize yo nan non Jezi Kris.

[17] Alò, apot yo poze men sou moun yo. E, moun yo te resevwa Lespri Sen an.

[18] Lè Simon wè moun te resevwa Lespri Sen lè apot yo te poze men sou yo, li ofri apot yo lajan.

[19] Li di yo: Ban mwen pouvwa sa a tou, dekwa pou lè mwen ta poze men sou yon moun, pou li ta resevwa Lespri Sen an tou.

[20] Men, Pyè di li: Se pou lajan w lan peri ansanm avèk ou! Paske, ou kwè ou ka achte kado Bondye a ak lajan.

[21] Pa genyen ni pati, ni pòsyon pou ou nan afè sa a. Paske, kè ou pa dwat devan Bondye!

[22] Donk, repanti anba malfezans ou a. Sipliye Bondye! Si sa posib, li va padone w pou lide ki nan kè w la.

[23] Paske, mwen wè fyèl anmè anpwazonnen ou epi enjistis anchennen ou.

[24] Men, Simon reponn, li di: Nou menm, sipliye Senyè a pou mwen, pou anyen nan sa nou di yo pa rive m.

[25] Lè yo fin byen temwaye epi yo fin pale pawòl Senyè a, yo retounen Jerizalèm. Epi, yo tou anonse bon nouvèl la nan anpil bouk Samari.

[26] Men, yon zanj Senyè a pale ak Filip, li di: Leve. Ale nan direksyon Sid, sou wout ki desann soti Jerizalèm al Gaza a. Se yon dezè.

[27] Li leve vre, l ale. Epi, twouve, yon nonm ki moun Etyopi te la. Li te yon enik epi li te yon ofisye pisan sou Kandas, rèn Etyopi. Se li ki te administratè tout richès rèn nan. Li te ale Jerizalèm pou li adore.

[28] Kounye a, li t ap retounen. Li te chita nan cha li, epi li t ap li nan pwofèt Ezayi.

[29] Men, Lespri a di Filip: Pwoche! Jwenn avèk cha sa a.

[30] Filip kouri pwoche, li tande nonm nan ap li nan pwofèt Ezayi. Li di li: Èske ou byen konprann sa w ap li a?

[31] Etyopyen an di: Kòman pou mwen ta kapab konprann, san pèsonn pa gide m? Epi, li envite Filip monte chita kote li.

[32] Men ki pasaj Lekriti li t ap li: Yo te mennen li ale labatwa tankou yon ti mouton. E, menm jan yon ti mouton ret bèbè devan moun k ap tonn li an, Konsa tou, li pa t louvri bouch li.

[33] Nan mitan imilyasyon li, Yo refize li jijman. E, kilès ki va rakonte sou jenerasyon li a? Paske, yo koupe lavi li sou latè.

[34] Enik la reponn Filip, li di: Tanpri, sou kilès pwofèt la ap di bagay sa a? Èske se sou li menm oubyen sou yon lòt moun?

[35] Men, Filip louvri bouch li. Epi, li kòmanse ak Ekriti sa a pou li anonse nonm nan bon nouvèl la sou Jezi.

[36] Pandan yo t aprale sou wout la, yo rive bò yon dlo. Epi, Enik la di: Gade! Men dlo! Kisa ki pou anpeche m batize?

[37] Filip di li: Si ou kwè ak tout kè ou, sa posib! Men, li reponn, li di: Mwen kwè Jezi Kris se Pitit Bondye a.

[38] Li pase lòd pou yo rete cha a. Yo tou de desann nan dlo a, ni Filip, ni Enik la. Epi, Filip batize l.

[39] Lè yo monte sot nan dlo a, Lespri Senyè a fè Filip disparèt. Enik la pa t ka wè l ankò. Li kontinye wout li ak kè kontan.

[40] Filip, li menm, twouve l nan Azòt. Nan tout vil li pase, li anonse yo bon nouvèl la, jis li rive Sezare.

Akdèzapot — Chapters