[1] Nan Legliz Antyòch la, te genyen kèk pwofèt ak kèk anseyan: Se te Banabas, Simeyon ki rele Ti Nwa ak Lisiyis ki moun Sirèn, epi Manayèn ki te leve avèk Tetrak Ewòd, epi Sòl.
[2] Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a epi pandan yo t ap fè jèn, Lespri Sen an di: Bon! Mwen rele Banabas ak Sòl pou yon travay. Mete yo apa pou mwen poutèt sa.
[3] Donk, apre jèn ak lapriyè, yo poze men sou yo de a, epi yo kite yo pati.
[4] Alò, yo menm Lespri Sen an te voye a desann Selisi. Lè yo sot Selisi, yo pran bato pou y al Chip.
[5] Lè yo rive Salamin, yo preche pawòl Bondye a nan sinagòg Juif yo. Epitou, yo te genyen Jan kòm sekretè.
[6] Yo travèse tout zile a jis yo rive Pafòs. La a, yo jwenn yon Juif ki rele Bajezi. Bajezi te yon majisyen, yon fo pwofèt.
[7] Li te avèk gouvènè Sèjiyis Polis, ki te yon nonm lespri. Gouvènè a te fè rele Banabas ak Sòl. Li menm, li t ap chèche koute pawòl Bondye a.
[8] Men, Elimas, majisyen an (paske se sa non li vle di) t ap anpeche yo. Li t ap chèche detounen gouvènè a sou chemen lafwa.
[9] Men, Sòl (ki se Pòl tou) te ranpli avèk Lespri Sen. Li fikse je l sou Elimas.
[10] Li di: Pitit djab! Lènmi tout sa ki jis! Ou plen avèk tout kalite riz ak magouy! Èske w p ap sispann kwochi chemen Senyè a ki se yon chemen ki dwat?
[11] Ebyen, kounye a, gade! Senyè a mete men sou ou. W ap avèg, ou p ap wè solèy la pandan yon tan. Menm lè a tou, yon nyaj ak fènwa tonbe sou li. Se moun li t ap chèche adwat agoch pou pran men li.
[12] Alò, lè gouvènè a wè sa ki te rive a, li kwè. Ansèyman sou Senyè a te fè li sezi anpil.
[13] Pòl ak konpayon li yo pran bato nan Pafòs, y ale Pèj ki nan Panfili. Jan, li menm, kite yo pou li retounen Jerizalèm.
[14] Men, yo menm, lè yo travèse soti Pèj, yo rive Antyòch, sa ki nan Pisidi a. Jou saba a, yo antre nan sinagòg la, epi yo chita.
[15] Apre lekti nan lalwa ak nan liv pwofèt yo fin fèt, chèf yo nan sinagòg la voye di yo: Nou menm, frè nou yo, si nou genyen yon pawòl nan kè nou pou ankouraje pèp la, nou mèt pale!
[16] Pòl kanpe. Li fè siy ak men li, epi li di: Nou menm Izrayelit ak moun ki genyen krentif pou Bondye, koute!
[17] Bondye pèp sa a te chwazi zansèt nou yo. Li beni yo lè yo te etranje nan peyi Ejip. Epi, li fè yo soti la ak fòs ponyèt li.
[18] Li sipòte yo pandan prèske karantan nan dezè a.
[19] Li detui sèt nasyon Nan peyi Kanaran, epi li separe peyi a bay zansèt yo.
[20] Apre sa, jis sou pwofèt Samyèl, se jij li te ba yo pou prèske katsansenkantan.
[21] Lè sa a, yo mande yon wa. Epi, Bondye ba yo yon nonm tribi Benjamen pandan karantan: Se te Sayil, pitit Kis.
[22] Lè li retire Sayil, se David li mete wa sou yo. Se sou li menm tou, Bondye bay temwayaj sa a: «Mwen jwenn David, pitit Izayi a. Li se yon nonm daprè kè mwen. Li va fè tout volonte mwen.»
[23] E, se nan desandans David, jan Bondye te pwomèt li a, Bondye leve yon Sovè pou Izrayèl: Se Jezi!
[24] Anvan Jezi te parèt, Jan t ap preche yon batèm repantans bay pèp Izrayèl la.
[25] Men, lè Jan t ap fin akonpli misyon li, li di: «Kisa nou kwè mwen ye? Ebyen, se pa sa, mwen menm, mwen ye. Okontrè, gade! Sila mwen pa merite pou mwen demare sandal nan pye l la, l ap vini apre mwen.»
[26] Nou menm, frè mwen yo, pitit ras Abraam ak moun pami nou ki genyen krentif pou Bondye, se pou nou yo voye mesaj delivrans sa a.
[27] Vrèmanvre, moun ki abite Jerizalèm ak chèf yo pa t rekonèt Jezi. Men, lè yo te jije Jezi, yo akonpli pawòl pwofèt yo, pawòl yo li chak saba a.
[28] E, malgre yo pa t jwenn anyen nan li ki merite lanmò, yo mande Pilat pou fè tiye li.
[29] Lè yo fin akonpli tout sa ki te ekri sou li yo, yo desann li sot sou bwa a, yo mete li nan yon tonm.
[30] Men, Bondye resisite li pami mò yo.
[31] Epi, pandan plizyè jou, moun ki te monte Jerizalèm soti Galile avèk li yo, yo te wè li. E, se yo menm ki temwen pou li devan pèp la.
[32] E, nou menm, n ap anonse nou bon nouvèl la, sèke pwomès Bondye te fè zansèt nou yo, se pou nou menm, pitit yo, li akonpli l, lè li te resisite Jezi. E, se sa tou ki te nan dezyèm Sòm nan: Ou se pitit mwen. Mwen menm, jodi a, mwen ba ou nesans.
[34] Men, kanta pou resisite Bondye resisite li pami mò yo pou li pa ta janm wè pouriti a, men kijan li pale de sa: Mwen va ba ou bagay sakre ki te pou David yo, Bagay ki asire yo.
[35] Epi, yon lòt kote li di tou: Ou p ap pèmèt Sen w lan tounen pouriti.
[36] Vrèmanvre, David li menm, apre li te sèvi plan Bondye nan pwòp jenerasyon li, li te dòmi, yo te antere li avèk zansèt li yo, epi li te tounen pouriti.
[37] Men, sila Bondye te resisite a, li menm, li pa tounen pouriti.
[38] Donk nou menm, frè mwen yo, se pou nou konnen sa: Se grasa li menm yo preche nou padon pou peche.
[39] E, chak moun ki kwè nan Jezi, li jistifye yo anba tout bagay lwa Moyiz la pa t kapab jistifye nou yo.
[40] Donk, fè atansyon pou bagay sa a ki pale nan liv Pwofèt yo pa rive nou:
[41] Mokè, gade non! Pran sezisman, epi disparèt! Paske, travay, mwen menm, M ap fè pandan jou nou yo, Se yon travay nou pa t ap kwè, Menm si yon moun ta rakonte nou li.
[42] Pandan Juif yo t ap soti nan sinagòg la, moun lòt nasyon yo mande pou yo ta repete pawòl sa yo pou yo nan pwochen saba a.
[43] Men, lè Sinagòg la lage, anpil Juif ak pwozelit devwe suiv Pòl ak Banabas. Yo menm, yo konvenk yo pou yo rete fèm nan gras Bondye a.
[44] Pwochen saba a, prèske tout vil la te reyini pou yo tande pawòl Bondye a.
[45] Men, lè Juif yo wè foul la, jalouzi plen kè yo. Yo fè opozisyon ak sa Pòl t ap di yo. Yo t ap fè l opozisyon epi yo denigre l.
[46] Men, Pòl ak Banabas reponn avèk asirans. Yo di: Li te nesesè pou se ak nou menm, an premye, nou pale pawòl Bondye a. Men, nou pouse li sou kote. Epi, se nou menm ki jije, nou pa merite lavi etènèl la. Pliske se konsa, ebyen, gade! Nou vire sou bò lòt nasyon yo.
[47] Paske, men kijan Senyè a te kòmande nou sa: Mwen tabli ou pou w vin yon limyè pou nasyon yo, Pou w vin yon delivrans, jis nan dènye kwen latè.
[48] Lè moun lòt nasyon yo tande sa, yo te kontan, yo t ap fè lwanj pawòl Senyè a. E, tout sa Bondye te chwazi pou lavi etènèl yo, yo tout te kwè.
[49] Pawòl Senyè a t ap gaye nan tout peyi a.
[50] Men, Juif yo pran tèt ni medam devwe ki nan lelit la, ni notab nan vil la, epi yo monte yon pèsekisyon kont Pòl ak Banabas. Yo mete yo deyò nan zòn yo a.
[51] Men, Pòl ak Banabas souke pousyè nan pye yo sou yo, epi y ale Ikòn.
[52] E, lajwa ak Lespri Sen an te ranpli kè disip yo.