[1] Li di: Nou menm, frè mwen yo ak papa mwen yo, koute sa m ap di nou kounye a pou mwen defann tèt mwen.
[2] Lè yo tande se nan lang Ebre l ap pale avèk yo, yo ret trankil plis toujou.
[3] Epi, Pòl di: Mwen menm, se Juif mwen ye. Mwen fèt Tas, nan Silisi. Men, se nan vil isit, nan pye Gamalyèl, mwen te elve. Li enstui mwen kòrèkteman nan lwa zansèt yo. E, menm jan nou tout nou ye jodi a, se konsa mwen te zele pou Bondye.
[4] Mwen pèsekite moun Chemen sa a jis nan lanmò. Ni fi, ni gason, mwen mare yo lage nan prizon.
[5] E, sakrifikatè an chèf la ansanm ak tout ansyen yo ka sèvi m temwen pou sa. Se nan men yo mwen te resevwa lèt pou frè Juif yo. Epi, m ale Damas pou mwen mare moun Chemen an ki Damas tou, mennen yo Jerizalèm pou fè pini yo.
[6] Men, sa ki vin rive sèke pandan mwen t ap vwayaje vè midi konsa epi mwen t ap pwoche Damas, sibitman, yon gwo limyè soti nan syèl la vin flache toutotou mwen.
[7] Mwen tonbe atè, epi mwen tande yon vwa ki di mwen: «Sòl! Sòl! Poukisa w ap pèsekite mwen?»
[8] Men, mwen menm, mwen reponn, mwen di: «Kilès ou ye, Senyè?» Epi, li di mwen: «Mwen se Jezi, moun Nazarèt, moun w ap pèsekite a.»
[9] Moun ki te avèk mwen yo te wè limyè a, e yo te pè. Men, yo pa t tande vwa ki t ap pale avèk mwen an.
[10] Mwen di: «Senyè, kisa mwen va fè?» Senyè a di mwen: «Leve, ale Damas. La, yon moun va di ou tout sa m te deside pou w fè.»
[11] Fòs limyè sa a te lakòz mwen pa t kapab wè. Alò, konpayon mwen yo kenbe men mwen. Konsa, mwen rive Damas.
[12] Men, te genyen yon nonm ki devwe daprè lalwa, yo te rele Ananyas. Tout Juif ki abite Damas te bay bon temwayaj sou li.
[13] Li vini kote mwen, li kanpe, epi li di: «Frè Sòl! Wè!» E, menm lè a, mwen wè li.
[14] Epi, li di: «Bondye zansèt nou yo chwazi ou pou w konnen volonte li, pou w wè sila ki jis la, epi pou w tande pawòl nan bouch li.
[15] Paske, devan tout moun, ou va yon temwen pou li sou sa ou te wè ak sa ou te tande.
[16] Kounye a menm, sa w ap tann? Leve, fè yo batize w, epi envoke non Senyè a pou l ka lave w anba peche w yo.»
[17] Men, sa ki vin rive, lè mwen retounen Jerizalèm, etan mwen t ap lapriyè nan lakou tanp lan, mwen fè yon vizyon.
[18] Mwen wè Senyè a k ap di mwen: «Fè vit. Soti Jerizalèm tousuit! Paske, yo p ap resevwa sa w ap temwaye sou mwen an.»
[19] Alò, mwen di: «Senyè, yo menm, yo konnen se mwen ki te konn pase sinagòg apre sinagòg, pou arete moun ki kwè nan ou yo epi pou bat yo.
[20] Menm lè yo te vide san Etyèn, temwen w lan, se mwen menm ki te kanpe, ki te konplis lanmò li; e se mwen menm ki te veye rad moun ki t ap tiye l yo.»
[21] Alò, Senyè a di mwen: «Ale! M ap voye w lwen, kote lòt nasyon yo!»
[22] Yo koute li jis li rive sou mo sa a. Epi, yo leve vwa yo, yo di: Elimine nonm sa a sou latè! Vrèmanvre, li pa merite viv!
[23] Yo rele. Yo jete rad yo. Yo voye pousyè anlè.
[24] Alò, kòmandan an pase lòd pou yo antre avèk Pòl nan kazèn nan. Epi, li di pou yo poze li kesyon anba fwèt pou li te kapab konnen pou ki rezon y ap rele dèyè Pòl konsa.
[25] Men, pandan yo t ap mare Pòl avèk lànye, li di santenye ki te kanpe la a: Èske lalwa pèmèt yo bat yon sitwayen Women ki pa kondane?
[26] Lè santenye a tande sa, li pote mesaj la bay kòmandan an. Li di: Gade! Kisa w pral fè? Paske, se yon sitwayen Women nonm sa a ye?
[27] Kòmandan an, li menm, ale kote Pòl, li di: Di mwen! Èske ou se yon sitwayen Women? Pòl di: Wi!
[28] Alò, kòmandan an reponn, li di: Mwen menm, se avèk anpil lajan mwen achte dwa sitwayen sa a! Men, Pòl di: Alòske, mwen menm, mwen fèt avèk li?
[29] Donk, menm lè a, moun ki t apral poze l kesyon yo demake. Lè kòmandan an vin konnen se sitwayen Women Pòl te ye, li menm tou, li te pè, paske li te fè mare Pòl.
[30] Men, li te vle konnen verite a sou rezon ki fè Juif yo t ap akize Pòl. Alò, nan demen, li fè lage chenn Pòl yo, li pase lòd pou sakrifikatè prensipal yo ak tout Konsèy la vini, epi li desann ak Pòl, li mete li nan mitan yo.