[1] Pou Sòl, li menm, tout lè sa a, lide li te sou menase disip Senyè yo epi tiye yo. L ale kote sakrifikatè an chèf la.
[2] Li mande li lèt pou sinagòg Damas yo. Konsa, nenpòt moun li ta jwenn ki patizan Chemen an, pou li ta mare yo mennen Jerizalèm, kit se te gason kit se te fi.
[3] Men, pandan li t aprale, sa ki rive li tou pre Damas sèke sibitman, yon limyè soti nan syèl la flache toutotou li.
[4] Li tonbe atè a, epi, li tande yon vwa ki di li: Sòl! Sòl! Poukisa w ap pèsekite m konsa?
[5] Alò, Sòl di: Kilès ou ye, Senyè? Men, Senyè a di: Mwen se Jezi, moun w ap pèsekite a. Si w ap tire pye kont zepon, sa va rèd pou ou.
[6] Sòl t ap tranble, li te gen kè sote. Alò, li di: Senyè, kisa ou ta vle m fè? Senyè a di li: Leve! Antre nan vil la. Epi, yon moun va di w sa ou dwe fè.
[7] Mesye ki t ap vwayaje avèk li yo rete bèbè. Yo tande vwa a, men, yo pa wè pèsonn.
[8] Sòl, li menm, leve atè a. Malgre je l te louvri, li pa t ka wè anyen. Alò, yo kenbe men li, yo mennen li Damas.
[9] Li pase twa jou san li pa wè. Li pa t ni manje, ni bwè.
[10] Nan Damas, te genyen yon disip yo rele Ananyas. Nan yon vizyon, Senyè a di li: Ananyas! Li di: Men mwen, Senyè!
[11] Epi, Senyè a di li: Leve. Ale lakay Jida nan ri yo rele Ri Dwat la. Chèche yon moun ki rele Sòl, moun Tas. Paske, gade! L ap priye!
[12] Nan yon vizyon, li wè yon nonm yo rele Ananyas ki vini poze men sou li pou li ka wè.
[13] Men, Ananyas reponn, li di: Senyè, mwen tande anpil moun pale de nonm sa a. Kalite mal li fè sen ou yo nan Jerizalèm!
[14] E, isit la, sakrifikatè prensipal yo ba li pouvwa pou li mare tout moun ki envoke non ou.
[15] Men, Senyè a di li: Ale! Paske, li se yon zouti mwen chwazi pou li ka pote non mwen devan nasyon, devan wa, epi devan desandan Izrayèl yo.
[16] Paske, mwen va montre li kalite bagay li dwe soufri pou non mwen.
[17] Ananyas ale vre, li antre nan kay la, li poze men sou Sòl. Epi, li di: Frè Sòl, Senyè a ki te parèt devan w sou wout la lè w t ap vini an, se li ki voye mwen pou w ka wè epi pou Lespri Sen an ka ranpli w.
[18] Menm lè a, se tankou se kal pwason ki tonbe soti nan je li. Epi, li wè ankò. Li leve, epi yo batize li.
[19] Li manje, epi li jwenn fòs li. Sòl pase kèk jou avèk disip yo nan Damas.
[20] Menm lè a tou, li pran preche Kris nan sinagòg yo, li t ap di: Se li menm ki Pitit Bondye a!
[21] E, tout moun ki te tande li, te etone. Yo t ap di: Se li menm ki t ap detui moun nan Jerizalèm ki envoke non sa a, pa vre? E, se poutèt sa li vini isit la, pou li ka mare yo mennen devan sakrifikatè an chèf la.
[22] Men, Sòl t ap vin gen plis pisans. Li t ap mete Juif ki abite nan Damas yo an boulvès. Vrèmanvre, li t ap demontre se Jezi ki Kris la.
[23] Plizyè jou pase konsa. Epi, Juif yo vin fè konplo pou yo tiye Sòl.
[24] Men, Sòl vin konnen konplo yo a. Lajounen kon lannuit, yo t ap veye pòtay yo pou yo ka tiye li.
[25] Men, disip yo pran li lannuit, yo glise li desann sou miray la nan yon pànye.
[26] Lè Sòl rive Jerizalèm, li eseye asosye tèt li avèk disip yo. Men, yo tout te pè li. Yo pa t kwè se yon disip li te ye vre.
[27] Men, Banabas pran li, li mennen li bay apot yo, epi li rakonte yo kòman Sòl te wè Senyè a sou wout la, kòman Senyè a te pale avèk li, epi kòman li te pale avèk konfyans nan non Jezi nan Damas.
[28] Donk, li te avèk yo. Li t ap ale vini nan Jerizalèm, epi li t ap pale avèk konfyans nan non Senyè Jezi.
[29] Li pale, li diskite avèk Juif dyaspora yo. Men, yo t ap chèche tiye li.
[30] Alò, lè frè yo vin konnen sa, yo mennen li Sezare, epi yo fè l pati al Tas.
[31] Se konsa legliz yo te genyen lapè nan tout Jide, nan Galile ak nan Samari. Yo t ap devlope, yo t ap mache ak krentif pou Senyè a, epi yo t ap ogmante grasa ankourajman Lespri Sen an.
[32] Sa ki vin rive sèke pandan Pyè t ap vizite yo tout, li tou vizite sen ki abite Lid yo.
[33] Nan Lid, li jwenn yon nonm paralize yo rele Ene. Depi uitan, li te kouche sou yon kabann.
[34] Pyè di li: Ene, Jezi Kris geri w. Leve! Ranje kabann ou poukont ou! Ene leve menm lè a.
[35] Tout moun ki abite Lid ak Sawon te wè li. Epi, yo konvèti nan Senyè a.
[36] Te genyen yon disip nan Jope yo rele Tabita. Lè yo tradui non sa a, li vle di Dòkas. Se yon dam ki te plen lavi li avèk bon zèv ak charite li te konn fè.
[37] Sa ki vin rive pandan jou sa yo, Tabita tonbe malad, li mouri. Alò, yo benyen li, epi yo mete li nan chanmòt la.
[38] Lid te tou pre Jope. Alò, lè disip yo tande se la Pyè te ye, yo voye de zòm al sipliye l vini kote yo san mize.
[39] Pyè leve, l ale avèk yo. Lè li rive, yo mennen li nan chanmòt la. Epi, tout vèv yo kanpe kote li ak dlo nan je. Yo t ap montre li chemizèt ak rad Dòkas te fè, lè li te avèk yo.
[40] Pyè fè yo tout soti. Li mete l ajenou pou li lapriyè. Epi, li vire kote kò a, li di: Tabita, leve! Vrèmanvre, li louvri je li. Lè li wè Pyè, li chita.
[41] Pyè ba li men, li fè l leve. Epi, li rele sen yo ak vèv yo, li remèt li ba yo vivan.
[42] Tout moun Jope vin konnen sa. E, anpil moun te kwè nan Senyè a.
[43] Se konsa, Pyè pase plizyè jou Jope, kay yon bòs tanè ki rele Simon.