Skip to content
Opens in a new window

[1] Men, sa ki rive nan Ikòn sèke yo antre ansanm nan sinagòg Juif yo, epi yo pale yon jan ki fè yon gwo kantite Juif ak Grèk vin kwè.

[2] Men, Juif ki pa t kwè yo mete rayisab nan kè moun lòt nasyon yo, epi yo soulve yo kont frè yo.

[3] Donk, yon bò, Pòl ak Banabas rete yon bon tan nan Ikòn, yo preche avèk asirans nan Senyè a; Senyè a li menm demontre mesaj gras li; li pèmèt mirak siy ak mèvèy fèt anba men yo.

[4] Yon lòt bò, popilasyon vil la te divize: Yon pati te pou Juif yo, yon lòt pati te pou apot yo.

[5] Men, yon mouvman kòmanse pami moun lòt nasyon yo ak Juif yo, ansanm avèk chèf yo, pou yo maltrete apot yo epi pou yo tiye yo anba wòch.

[6] Lè, yo menm, yo konprann sa, yo chape ale nan vil Lis ak nan vil Dèb ki nan Likawoni, ansanm ak nan vil ki alantou yo.

[7] La, yo kontinye anonse bon nouvèl la.

[8] Nan Lis, te genyen yon nonm ki te chita, ki te enfim nan pye. Depi nan vant manman li, li te paralize. E, li pa t janm mache.

[9] Li tande Pòl ap pale. Pòl, li menm, fikse je sou li. E, lè li wè nonm nan te genyen lafwa pou li geri, li di li byen fò: Leve dwat sou pye w! Nonm nan vòltije kanpe, epi li pran mache!

[11] Lè foul la wè sa Pòl te fè a, yo leve vwa yo, epi yo di nan lang Likawoni: Bondye yo tounen moun, epi yo desann kote nou!

[12] Yo rele Banabas Zeyis. E, paske se Pòl ki te pote pawòl la, yo rele li Emès.

[13] Prèt estati Zeyis ki nan antre vil yo a mennen towo bèf ak kolye flè devan pòtay la. Li menm ansanm avèk foul la te vle ofri sakrifis.

[14] Men, lè apot yo, Banabas ak Pòl, tande sa, yo chire rad sou yo, yo vare nan foul la, epi yo pran rele. Yo di: Mesye! Poukisa n ap fè bagay sa yo? Nou tou de, nou se moun menm jan avèk nou. Se bon nouvèl la n ap anonse nou dekwa pou nou ka kite bagay vid sa yo epi pou nou ka tounen jwenn Bondye vivan an. Se li ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki nan yo.

[16] Nan jenerasyon ki pase yo, li te kite tout nasyon yo mache nan pwòp chemen yo.

[17] Malgre sa, li pa t kite tèt li san temwen: Li te fè byen. Li te ban nou lapli soti nan syèl la ak sezon rekòt. Li te plen kè nou avèk manje ak lajwa.

[18] E, malgre Pòl ak Banabas di bagay sa yo, se avèk traka yo anpeche foul la ofri sakrifis ba yo.

[19] Men, kèk Juif soti Antyòch ak Ikòn. Yo konvenk foul la, epi yo kalonnen Pòl wòch. Lè yo panse li mouri, yo trennen li deyò vil la.

[20] Men, disip yo antoure li, li leve, li antre nan vil la. Epi, nan demen, l ale Dèb avèk Banabas.

[21] Yo anonse bon nouvèl la nan vil sa a. Yo fè anpil disip. Apre sa, yo retounen Lis, Ikòn ak Antyòch.

[22] Yo t ap fòtifye nanm disip yo. Yo t ap ankouraje yo rete fèm nan lafwa. Epi, yo t ap di yo: Fòk se avèk anpil tribilasyon pou nou antre nan wayòm Bondye a.

[23] Yo chwazi ansyen pou chak legliz. Apre lapriyè avèk jèn, yo remèt yo nan men Senyè a. Se nan li yo te kwè.

[24] Apre sa, yo travèse Pisidi, y ale Panfili.

[25] Lè yo fin preche pawòl la nan Pèj, yo desann Atali.

[26] Se la, yo pran bato pou Antyòch. E, se nan Antyòch yo te remèt yo bay gras Bondye, pou travay yo te sot akonpli a.

[27] Lè yo rive, yo reyini legliz la. Yo rakonte tout sa Bondye te fè avèk yo, epi yo di: Li ouvè yon pòt lafwa pou lòt nasyon yo.

[28] Epi, yo rete lontan avèk disip yo.

Akdèzapot — Chapters