[1] Apot yo ak frè yo toupatou nan Jide tande lòt nasyon yo resevwa pawòl Bondye a.
[2] Alò, lè Pyè monte Jerizalèm, moun sikonsi yo diskite avèk li.
[3] Yo di: Apa w antre kay moun ki pa sikonsi epi ou manje avèk yo!
[4] Men, Pyè kòmanse depi o kòmansman, li esplike yo bagay yo, youn apre lòt.
[5] Li di: Mwen te nan vil Jope, mwen t ap lapriyè. Mwen tonbe nan yon transpò, epi mwen wè yon bagay k ap desann nan yon vizyon. Li te tankou yon gwo dra yo kenbe nan kat pwent pou yo glise l anba soti nan syèl la. Epi, li rive jis bò kote m.
[6] Lè mwen byen gade ladan l, mwen wè bèt kat pye ki sou latè, bèt mawon, bèt ki trennen ak zwazo nan syèl.
[7] Epi, mwen tande yon vwa ki di m: Pyè, leve! Tiye! Manje!
[8] Men, mwen di: Jamè Senyè! Paske, anyen ki sal oubyen ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.
[9] Vwa a reponn yon dezyèm fwa depi nan syèl la, li di: Sa Bondye konsidere ki pwòp, ou menm, pa konsidere li sal.
[10] Sa rive twa fwa. Epi, tout bagay monte nan syèl la ankò.
[11] Epi, menm lè a, twouve, twa zòm parèt devan kay kote mwen te ye a. Se yon moun Sezare ki te voye yo kote mwen.
[12] Lespri a di mwen pou mwen ale ansanm avèk yo san diskite. Men sis frè sa yo! Yo te ale avèk mwen tou. Nou antre lakay nonm nan.
[13] Epi, li rakonte nou kòman li te wè yon zanj kanpe lakay li. Zanj lan te di li: Voye moun Jope al chèche Simon ki rele Pyè a.
[14] Li va di ou pawòl ki va pèmèt ou menm ak tout moun lakay ou sove.
[15] Menm lè mwen kòmanse pale a, Lespri Sen an desann sou yo, menm jan li te desann sou nou tou o kòmansman.
[16] Se lè sa a mwen sonje pawòl Senyè a, lè li te di: «Jan te batize moun nan dlo, men, nou menm, yo va batize nou nan Lespri Sen an.»
[17] Donk, kado Bondye ba yo a egal ak sa li te ban nou lè nou te kwè nan Senyè Jezi Kris la. Si se konsa, kilès mwen ye pou mwen te kapab anpeche Bondye aji?
[18] Lè yo tande sa, yo ret trankil. Men, yo bay Bondye glwa. Yo di: Vrèmanvre, Bondye pèmèt menm lòt nasyon yo gen repantans ki bay lavi a.
[19] Kanta pou moun ki te gaye poutèt pèsekisyon ki te kòmanse lè afè Etyèn nan, y ale jis Fenisi, Chip ak Antyòch. Yo pa t anonse pèsonn pawòl la, eskepte Juif yo sèlman.
[20] Men, te genyen kèk moun pami yo ki te moun Chip ak Sirèn. Yo menm, lè yo antre Antyòch, yo pale ak Grèk yo tou, yo anonse yo bon nouvèl la sou Senyè Jezi.
[21] Senyè a te mete men li sou yo. Yon gwo kantite moun vin kwè. Yo konvèti nan Senyè a.
[22] Nouvèl la rive nan zòrèy moun legliz Jerizalèm nan. Epi, yo voye Banabas pou li travèse al jis Antyòch.
[23] Lè l rive, li wè gras Bondye, e li te kontan. Li ankouraje yo tout, pou yo deside nan kè yo pou yo rete fidèl ak Senyè a.
[24] Banabas fè sa paske li te yon nonm ki bon, ki ranpli ak Lespri Sen ansanm ak lafwa. E, yon gwo foul moun te vin ajoute sou moun Senyè a.
[25] Apre sa, Banabas ale Tas pou li chèche Sòl.
[26] Lè li jwenn Sòl, li mennen li Antyòch. Se konsa pandan tout yon ane yo te reyini avèk legliz la, e yo te anseye anpil moun. Premye kote yo rele disip yo kretyen, se te Antyòch.
[27] Nan menm jou sa yo, kèk pwofèt ki te soti Jerizalèm desann Antyòch.
[28] Te genyen youn nan yo ki rele Agabis. Li leve, li fè konnen yon gwo grangou t apral vin sou tout latè, daprè Lespri a. Vrèmanvre, grangou a rive sou Klod Seza.
[29] Disip yo deside pou yo ede frè ki abite Jide yo. Yo chak te dwe voye sa yo kapab.
[30] Se sa menm yo fè. Pou voye èd la bay ansyen yo, disip yo remèt li nan men Banabas ak Sòl.