[1] Kèk moun ki te desann sot Jide t ap anseye frè yo konsa: Si nou pa sikonsi daprè koutim Moyiz la, nou p ap kapab sove.
[2] Se pa t ti kabal ak diskisyon Pòl ak Banabas te genyen avèk yo! Alò, yo deside pou Pòl, Banabas ak kèk lòt pami yo monte Jerizalèm, al devan apot yo ak ansyen yo avèk kesyon an.
[3] Donk, legliz voye yo ale. Lè yo travèse Fenisi ak Samari, yo rakonte kòman moun lòt nasyon yo te konvèti. Sa te bay tout frè yo yon gwo kontantman.
[4] E, lè yo rive Jerizalèm, legliz, apot yo ak ansyen yo resevwa yo. Epi, yo rakonte tout sa Bondye te fè avèk yo.
[5] Men, kèk kwayan ki te nan pati Farizyen yo leve. Yo di: Fòk payen yo sikonsi! Fòk yo resevwa lòd pou yo obsève lwa Moyiz la!
[6] Apot yo ak ansyen yo reyini pou yo egzamine pawòl sa a.
[7] Men, vin gen gwo diskisyon. Lè sa a, Pyè leve, li di yo: Nou menm, frè mwen yo, nou konnen, depi nan premye jou yo, Bondye te chwazi pami nou pou se nan bouch mwen moun lòt nasyon yo tande pawòl levanjil la pou yo ka kwè.
[8] E, Bondye ki konnen kè moun, li te temwen pou yo, paske li ba yo Lespri Sen an tou, menm jan avèk nou.
[9] Epitou, li pa t fè okenn diferans ant nou menm avèk yo menm, paske se daprè lafwa yo, li pirifye kè yo.
[10] Donk, kounye a, poukisa nou tante Bondye, jis pou nou mete yon jouk nan kou disip yo, yon jouk ni zansèt nou yo, ni nou menm pa t ka pote?
[11] Okontrè, se daprè gras Senyè Jezi, nou gen konfyans nou sove, menm jan avèk yo.
[12] Konsa, tout foul la pe. Epi, yo koute Banabas ak Pòl k ap rakonte kantite mirak siy ak mèvèy Bondye te fè avèk yo pami moun lòt nasyon yo.
[13] Lè yo fin pale, Jak reponn, li di:
[14] Nou menm, frè mwen yo, koute mwen. Simon rakonte kòman, pou premye fwa, Bondye vizite moun lòt nasyon yo pou li chwazi yon pèp pami yo, ki pote non li.
[15] Pawòl pwofèt yo dakò sou sa. Se konsa sa ekri:
[16] Apre bagay sa yo, mwen va retounen, Epi, mwen va rebati tant David la ki te tonbe. Mwen va rebati debri yo, E, mwen va repare yo.
[17] Konsa rès lèzòm va chèche Senyè a Ansanm ak tout nasyon yo tou, nasyon, yo envoke non mwen sou yo. Se deklarasyon Senyè a, li menm ki fè bagay sa yo!
[18] Depi letènite, Bondye konnen tout travay li yo!
[19] Se poutèt sa, daprè jijman pa mwen, se pa pou nou fè sa difisil pou moun lòt nasyon yo ki konvèti nan Bondye.
[20] Okontrè, se pou nou ekri yo pou yo egzante tèt yo nan koripsyon zidòl, nan imoralite, nan bèt yo trangle epi nan san.
[21] Paske, depi ansyen jenerasyon yo, genyen moun k ap preche lwa Moyiz la nan chak vil. Vrèmanvre, yo li l chak saba nan sinagòg yo.
[22] Alò, apot yo, ansyen yo, avèk tout legliz la, te panse li bon pou yo chwazi kèk gason pami yo epi pou yo voye yo Antyòch ansanm avèk Pòl ak Banabas. Yo chwazi Jid ki rele Basabas ak Silas. Mesye sa yo te dirijan pami frè yo.
[23] Epi, yo remèt yo lèt sa a nan men: Apot yo, ansyen yo ak frè yo. Frè pami lòt nasyon yo ki nan Antyòch, nan Siri ak nan Silisi, bonjou!
[24] Nou tande genyen kèk moun pami nou ki pati al twouble nou ak diskou, san nou pa ba yo lòd. Y ap boulvèse nanm nou, y ap di pou nou sikonsi epi pou nou obsève lwa Moyiz la.
[25] Kòm se konsa, apre nou te rive dakò, men sa nou panse ki bon: Se chwazi kèk gason pou nou voye kote nou ansanm avèk byenneme nou yo, Banabas ak Pòl.
[26] Mesye sa yo bay lavi yo pou non Senyè nou an, Jezi Kris.
[27] Donk, nou voye Jid ak Silas. Yo menm tou, yo va anonse nou menm bagay yo nan bouch.
[28] Vrèmanvre, Lespri Sen an ansanm avèk nou menm, nou pa panse li bon pou yo poze okenn chay sou nou ki plis pase sa ki nesesè yo. Men yo:
[29] Egzante tèt nou nan bagay yo te sakrifye bay zidòl, nan san, nan bèt yo trangle, epi nan imoralite. Si nou kenbe tèt nou lwen bagay sa yo, nou va byen fè. Pote nou byen.
[30] Donk yo menm, lè yo te ranvwaye yo, y ale Antyòch, yo reyini asanble a, epi yo remèt lèt la.
[31] Lè yo li lèt la, yo te kontan poutèt ankourajman an.
[32] Jid ak Silas ki te pwofèt, yo menm tou, yo ankouraje frè yo, yo fòtifye yo avèk anpil pawòl.
[33] Men, yo fè sa pou yon tan. Epi, frè yo ranvwaye yo kote apot yo avèk lapè.
[34] Men, Silas te panse li bon pou li menm, li te rete la.
[35] Pòl ak Banabas, yo menm, pase kèk jou Antyòch. Yo menm ansanm ak anpil lòt moun t ap anseye, epi yo t ap anonse bon nouvèl pawòl Senyè a.
[36] Apre kèk jou, Pòl di Banabas: Bon! Annou retounen nan tout vil kote nou te preche pawòl Senyè a pou nou vizite frè nou yo, pou nou wè kijan yo ye.
[37] Banabas te vle mennen Jan tou, Jan ki rele Mak la.
[38] Men, Pòl pa t panse li bon pou yo pran moun ki te kite yo depi Panfili a, epi ki pa t ale avèk yo nan travay la.
[39] Donk, diskisyon pete jiskaske youn separe ak lòt. Banabas pran Mak, epi li pati al Chip nan bato.
[40] Pòl, li menm, chwazi Silas. Frè yo remèt Pòl nan gras Bondye. Epi, li pati.
[41] Pandan l ap travèse Siri ak Silisi, li fòtifye legliz yo.