[1] Pandan yo t ap pale ak pèp la, sakrifikatè yo, kòmandan tanp lan ak Sadiseyen yo rive sou yo.
[2] Yo te fache anpil paske Pyè ak Jan t ap anseye pèp la, epi paske yo t ap anonse: Nan Jezi, mò resisite.
[3] Yo mete men sou yo. Kòm li te deja aswè, yo mete yo nan prizon pou demen.
[4] Men, pami moun ki te koute pawòl la, anpil te kwè. E, kantite gason yo te rive senkmil konsa.
[5] Nan demen, men sa ki vin rive: Chèf yo, ansyen yo ak pwofesè lalwa yo te reyini ansanm Jerizalèm.
[6] Àn, ki te sakrifikatè an chèf la, Kayif, Jan, Aleksann ak tout moun nan fanmi sakrifikatè an chèf la te la tou.
[7] Yo mete Pyè ak Jan nan mitan, epi yo mande yo: Grasa pisans kilès oubyen nan non kilès nou te fè bagay sa a?
[8] Alò, Lespri Sen ranpli Pyè, epi Pyè di yo: Chèf pèp la! Ansyen nan Izrayèl!
[9] Jodi a, poutèt yon byen ki fèt pou yon nonm enfim, y ap poze nou kesyon, y ap di: «Kòman li fè geri?»
[10] Si se sa, se pou nou tout ak tout pèp Izrayèl la konnen sa: Se nan non Jezi Kris, moun Nazarèt! Nou menm, nou te krisifye li. Bondye resisite li pami mò yo. Se nan non sa a nonm sa a kanpe an sante devan nou an.
[11] Jezi se Wòch, nou menm, moun k ap bati yo, nou te jete a, Epi ki vin wòch prensipal la, Wòch kwen an.
[12] E, pa genyen okenn lòt ki pou sove nou. Vrèmanvre, anba syèl la, Bondye pa bay lèzòm okenn lòt non ki dwe sove nou.
[13] Lè yo wè konfyans Pyè ak Jan, epi lè yo konprann yo se moun òdinè, moun ki san enstriksyon, yo sezi. Yo rekonèt Pyè ak Jan te avèk Jezi.
[14] Men, lè yo wè nonm ki te geri a kanpe kote Pyè ak Jan, yo pa t genyen okenn replik.
[15] Alò, yo pase lòd pou apot yo kite reyinyon Konsèy la. Epi, yo diskite afè a youn ak lòt
[16] Yo di: Kisa nou va fè nonm sa yo? Paske, vrèmanvre, yo te fè yon mirak siy toutbon. E, sa klè pou tout moun Jerizalèm. Nou pa kapab nye li.
[17] Men, pou bagay la pa gaye plis pami pèp la, annou avèti yo avèk menas, pou yo pa pale ak pèsonn ankò nan non sa a.
[18] Yo rele Pyè ak Jan. Yo pase yo lòd pou yo pa janm ni pale, ni anseye nan non Jezi.
[19] Men, Pyè ak Jan reponn yo, yo di: Si li jis devan Bondye pou moun koute nou pito pase Bondye, se nou ki pou jije sa.
[20] Paske, nou menm, nou pa kapab pa pale de bagay nou te wè yo ak sa nou te tande yo.
[21] Yo menase Pyè ak Jan ankò, epi yo lage yo. Akòz pèp la, yo pa t jwenn fason pou yo pini yo, paske tout moun t ap bay Bondye glwa pou sa ki te rive a.
[22] Vrèmanvre, nonm yo te geri ak mirak siy sa a te genyen plis pase karantan.
[23] Men, apre yo lage yo, Pyè ak Jan al jwenn lòt frè yo, epi yo rakonte tout sa sakrifikatè prensipal yo ak ansyen yo te di yo.
[24] Lè yo tande sa, nan tèt ansanm, yo leve vwa yo bay Bondye. Yo di: Mèt Souvren, se ou ki Bondye. Se ou ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.
[25] Se ou ki te pale nan bouch David, sèvitè ou, lè li te di: Poukisa nasyon yo ap ajite tèt yo? Pouki pèp yo ap fè plan initil?
[26] Wa sou latè kanpe. Chèf yo reyini ansanm kont Senyè a Epi kont Kris li a.
[27] Paske, ou konsakre sèvitè ou, Jezi, ki sen. Men, an verite, ni Ewòd, ni Pons Pilat, ansanm ak nasyon yo ak pèp Izrayèl la, yo tout reyini kont li.
[28] Yo fè tout sa men w avèk plan w te deside davans ki pou rive.
[29] Kounye a, Senyè, gade menas y ap fè. Bay sèvitè ou yo mwayen pou yo pale pawòl ou a avèk yon konfyans total.
[30] Lonje men w pou ka genyen gerizon, mirak siy ak mèvèy nan non sèvitè ou, Jezi, ki sen.
[31] Lè yo fin lapriyè, kote yo te reyini an tranble. Lespri Sen ranpli yo tout. Yo t ap pale pawòl Bondye a avèk konfyans.
[32] Foul moun ki te kwè yo te fè yon sèl kè, yon sèl nanm. Pèsonn pa t di, byen li se te pou li sèl. Okontrè, yo te genyen tout bagay ansanm.
[33] E avèk gwo pisans, apot yo t ap temwaye Senyè Jezi te resisite. Yon gwo gras te sou yo tout.
[34] Vrèmanvre, menm youn nan yo pa t nan nesesite. Paske, tout moun ki te pwopriyetè jaden oubyen kay, yo te konn vann yo, epi yo te konn pote lajan lavant lan.
[35] Yo te konn depoze li devan pye apot yo, epi yo te konn separe li bay chak moun ki te nan bezwen.
[36] Konsa, Jozèf te posede yon jaden. Se li apot yo te rele Banabas la. Sa vle di «Konsolatè.» Li te yon moun Levi, moun Chip.
[37] Li vann jaden l lan, li pote lajan an, li depoze l devan pye apot yo.