Skip to content
Opens in a new window

[1] Apre bagay sa yo, Jezi te parèt ankò devan disip yo. Se te bò Lanmè Tiberyad. Men kijan li te parèt:

[2] Simon Pyè; Toma, sa yo rele Jimo a; Natanayèl, moun Kana, nan Galile; ak de pitit Zebede yo, te la ansanm ak de lòt nan disip yo.

[3] Simon Pyè di yo: Mwen pral lapèch! Yo di li: Nou menm tou, nou prale avèk ou. Y ale, yo anbake nan kannòt la menm lè a. Men, nan nuit sa a, yo pa t kenbe anyen.

[4] Jou te deja ap louvri, lè Jezi parèt bò lanmè a. Men, disip yo pa t konnen se te Jezi.

[5] Alò, Jezi di yo: Timoun, nou pa gen manje, pa vre? Yo reponn li, yo di: Non!

[6] Li di yo: Voye filè a adwat kannòt la, nou va jwenn. Vrèmanvre, yo voye filè a. Men, li te tèlman plen ak pwason, yo pa t kapab rale l ankò.

[7] Alò, disip Jezi te renmen an di Pyè: Se Senyè a! Simon Pyè te toutouni. Alò, lè li tande se te Senyè a, li mete rad sou li, li lage kò l nan lanmè a.

[8] Lòt disip yo vini nan ti kannòt la. Yo rale filè pwason an, paske yo pa t lwen tè, men, yo te de san koude konsa.

[9] Alò, lè yo debake atè, yo wè pen, yon dife limen ak pwason sou li.

[10] Jezi di yo: Pote kèk nan pwason nou fèk kenbe yo.

[11] Simon Pyè anbake, li rale filè a atè. Ladan li, te genyen sansenkanntwa gwo pwason. Malgre yo te anpil, filè a pa t chire.

[12] Jezi di yo: Vin manje! Pèsonn nan disip yo pa t oze mande li: Ki moun ou ye? Yo te konnen se te Senyè a!

[13] Alò, Jezi vini, li pran pen, li ba yo. Li fè menm jan an ak pwason an tou.

[14] Depi Jezi te resisite pami mò yo, sa a se te deja twazyèm fwa li parèt devan disip yo.

[15] Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: Simon, pitit Jonas, èske ou renmen mwen plis pase sa yo? Li di li: Wi, Senyè! Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Bay ti mouton mwen yo manje.

[16] Yon dezyèm fwa, Jezi di Pyè ankò: Simon, pitit Jonas, èske ou renmen mwen? Li di li: Wi, Senyè! Ou konnen mwen renmen ou! Jezi di li: Pran swen mouton mwen yo.

[17] Jezi di li yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jonas, èske ou renmen mwen? Pyè te tris dèske Jezi te di li yon twazyèm fwa: Èske ou renmen mwen? Li di Jezi: Senyè, ou konnen tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou! Jezi di li: Bay mouton mwen yo manje!

[18] Franchman, franchman, m ap di ou sa: Lè ou te jèn, ou te mare senti ou poukont ou, epi ou mache al kote ou vle. Men, lè ou va granmoun, ou va lonje men ou, epi se yon lòt moun ki va mare senti ou. E, li va mennen ou kote ou pa vle.

[19] Jezi di sa pou li montre ak ki kalite lanmò Pyè t apral bay Bondye glwa. Lè li fin pale konsa, li di Pyè: Suiv mwen!

[20] Men, Pyè vire, li wè disip Jezi renmen an ap suiv yo. Se li menm ki te panche sou lestomak Jezi epi ki te di «Senyè, kilès k ap trayi w la?»

[21] Lè Pyè wè li, Pyè di Jezi: Senyè, e li menm?

[22] Jezi di li: Si mwen ta vle li rete jis lè mwen vini, kisa sa fè w? Ou menm, suiv mwen!

[23] Donk, pawòl sa a gaye pami frè yo: Disip sa a p ap mouri! Men, Jezi pa t di li p ap mouri. Okontrè, li te di: «Si mwen ta vle li rete jis lè mwen vini, kisa sa fè w?»

[24] Se disip sa a k ap temwaye bagay sa yo epi ki te ekri yo. E, nou konnen temwayaj li a se laverite.

[25] Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yo ta ekri yo youn pa youn, mwen pa kwè menm lemonn antye ta ka kenbe liv yo ta ekri yo. Amèn!

Levanjil Jan an — Chapters