[1] Men, premye jou semèn nan, byen bonè, medam yo ak kèk lòt moun ki te avèk yo ale nan tonm nan. Yo te pote pafen, yo te prepare a.
[2] Epi, yo jwenn yo te deja woule wòch la sot devan tonm nan.
[3] Lè yo antre, yo pa jwenn kò Senyè Jezi.
[4] Bagay la t ap boulvèse yo. Epi konsa, twouve, de zòm parèt devan yo ak rad klere sou yo.
[5] Laperèz pran moun yo. Yo bese tèt yo atè. Epi, mesye yo di yo: Pouki n ap chèche pami mò yo sila ki vivan an?
[6] Li pa isit la. Okontrè, li resisite! Sonje kijan li te pale avèk nou lè li te Galile a.
[7] Li te di: «Fòk yo livre Pitit Lòm nan nan men pechè yo. Fòk yo krisifye li. Epi, nan twa jou, fòk li resisite!»
[8] Konsa, yo vin sonje pawòl Jezi yo.
[9] Lè medam yo retounen sot nan tonm nan, yo rapòte tout bagay bay Onz yo ak tout lòt moun yo.
[10] Medam ki te di apot yo bagay sa yo se te Mari, moun Magdala; Jàn; Mari, manman Jak; ak rès medam ki te avèk yo a.
[11] Men, apot yo pa t kwè yo. Daprè yo menm, pawòl medam yo te parèt tankou koze san sans.
[12] Men, Pyè, li menm, leve, li kouri al nan tonm nan, li koube, li wè twal len yo rasanble poukont yo. Epi, l ale lakay li anba sezisman, akòz sa ki te pase a.
[13] Epi, twouve, menm jou sa a, de nan disip yo t aprale nan yon bouk yo rele Emayis. Distans ant li menm ak Jerizalèm se te swasant estad.
[14] Disip yo t ap koze youn ak lòt sou tout bagay sa yo ki te sot pase a.
[15] Pandan yo t ap koze epi yo t ap diskite, vin rive yon lè kote Jezi li menm pwoche vin mache ansanm avèk yo.
[16] Se kòmsi yon bagay te jennen je yo ki fè yo pa t rekonèt li.
[17] Epi, li di yo: Ki pawòl n ap pale youn ak lòt pandan n ap mache a, ki fè nou tris konsa?
[18] Youn nan yo ki rele Kleopas reponn, li di li: Èske ou se sèl moun k ap vizite Jerizalèm epi ki pa ta konnen bagay ki pase nan jou sa yo?
[19] Li di yo: Ki bagay? Yo di li: Bagay ki rive Jezi moun Nazarèt la! Ni devan Bondye ni devan tout pèp la, li te vin yon pwofèt ki pisan nan travay li ak nan pawòl li.
[20] Sakrifikatè prensipal yo ak chèf nou yo livre l pou yo kondane l amò. Epi, yo krisifye l.
[21] Nou menm, nou te espere se li menm ki t apral rachte Izrayèl. Men, ak tout sa, jodi a fè twa jou depi bagay sa yo pase!
[22] Men tou, gen kèk nan medam ki pami nou yo ki etone nou. Yo te ale nan tonm nan byen bonè.
[23] Lè yo pa jwenn kò a, yo vin di nou yo wè zanj ki parèt epi ki di yo Jezi vivan.
[24] Kèk nan moun ki avèk nou yo ale nan tonm nan, yo jwenn bagay yo menm jan medam yo te di yo l la. Men, yo pa wè Jezi.
[25] Li menm, li di yo: Ala nou sòt! Ala kè nou lou pou nou kwè tout sa pwofèt yo te pale yo!
[26] Èske Kris la pa t gen pou li soufri konsa anvan li antre nan glwa li?
[27] Epi, li kòmanse depi nan Moyiz ak tout pwofèt yo, rive nan tout Lekriti, li esplike yo bagay ki pale de li yo.
[28] Yo t ap pwoche sou bouk kote yo t aprale a. Sanble Jezi, li menm, t aprale pi lwen.
[29] Yo pèsiste ak li. Yo di: Rete avèk nou. Li fin aswè, epi solèy kouche! Epi, li antre pou rete avèk yo.
[30] Vin rive yon lè kote li sou tab avèk yo. Li pran pen an, li rann gras, epi li kase l, li ba yo.
[31] La menm, je yo louvri, yo rekonèt li. Epi, li menm, li disparèt devan yo.
[32] Youn di lòt: Lè li t ap pale avèk nou sou wout la, lè li t ap louvri Lekriti ban nou an, kè nou t ap boule nou, pa vre?
[33] Nan menm lè sa a, yo leve, yo retounen Jerizalèm. Epi, yo jwenn Onz yo reyini ansanm ak tout moun ki te avèk yo a.
[34] Yo di de disip yo: Senyè a resisite vre! Pyè wè li!
[35] Epi, yo rakonte yo sa ki te rive sou wout la epi kòman yo vin rekonèt Jezi lè li te kase pen an.
[36] Pandan yo t ap di bagay sa yo, Jezi parèt nan mitan yo. Li di yo: Lapè avèk nou!
[37] Yo pran tranble, yo vin pè. Yo te panse se yon lespri yo t ap gade.
[38] Li di yo: Poukisa nou boulvèse konsa? Pouki se refleksyon sa yo k ap monte nan kè nou?
[39] Gade men mwen ak pye mwen. Se mwen menm! Manyen mwen, gade mwen, paske yon lespri pa gen ni chè ni zo, menm jan nou wè mwen genyen an.
[40] Pandan l t ap di sa, li montre yo men li ak pye li.
[41] Nan kontantman yo, yo pa t kwè toujou, yo te anba sezisman. Alò, Jezi di yo: Èske nou genyen manje la a?
[42] Yo ba li yon moso pwason boukannen ak yon gato myèl.
[43] Li pran yo, li manje yo devan disip yo.
[44] Epi, li di yo: Bagay sa yo se pawòl mwen te konn ap di nou yo lè mwen te avèk nou toujou a: Tout bagay ki ekri de mwen nan lwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, fòk yo te akonpli!
[45] Apre sa, li ouvri lespri yo pou yo te ka konprann Lekriti.
[46] Li di yo: Se konsa sa te ekri. E, konsa tou, fòk Kris la te soufri. Fòk li te resisite pami mò yo sou twa jou.
[47] Fòk yo preche repantans ak padon peche bay tout nasyon yo grasa non li, kòmanse sou Jerizalèm.
[48] Se nou menm ki temwen bagay sa yo.
[49] Epi, gade! M a voye sa Papa mwen te pwomèt la sou nou. Men, se pou nou rete nan vil Jerizalèm jiskaske pisans ki sot anwo a vlope nou!
[50] Apre sa, li mennen yo al jis Betani. Epi, li leve men li, li beni yo.
[51] E, pandan l ap beni yo a, vin rive kote li separe ak yo epi li monte nan syèl.
[52] Yo menm, lè yo fin adore li, yo retounen Jerizalèm ak gwo kontantman.
[53] Yo te nan tanp lan tout tan pou yo fè lwanj epi pou yo beni Bondye. Amèn!