[1] Vin rive yon jou saba kote Jezi te al manje kay youn nan chèf pami Farizyen yo. Yo t ap veye li.
[2] Twouve, yon nonm ki te soufri anflamasyon te devan li.
[3] Jezi pran lapawòl, li pale ak avoka yo ak Farizyen yo, li di: Èske lalwa pèmèt yo fè gerizon jou saba a?
[4] Yo pa reponn. Kounye a, li pran nonm nan, li geri li, epi li voye l ale.
[5] Apre sa, li reponn yo, li di: Kilès nan nou ki ta gen pitit li oubyen bèf li ki ta tonbe nan yon pi yon jou saba epi ki pa ta retire l menm lè a?
[6] Yo pa t kapab reponn li sou sa.
[7] Lè Jezi remake moun yo te envite yo t ap chwazi plas devan, li di yo yon parabòl.
[8] Li di yo: Lè moun envite ou nan nòs, pa al chita nan plas devan, dekwa pou si yo te envite yon moun ki pi enpòtan pase w,
[9] pou moun ki te envite ni ou menm ni li menm nan pa di ou: «Bay moun sa a plas la!» Lè sa a, w apral pran plas dèyè a tou wont.
[10] Lè yo envite w, okontrè, al chita nan plas dèyè, pou lè moun ki envite w la ta vini, li ka di w: «Zanmi, vin pi devan.» Lè sa a, se va yon glwa pou ou, devan tout moun ki chita sou tab avèk ou yo.
[11] Paske, tout moun ki leve tèt yo, Bondye ap rabese yo. Men, moun ki rabese tèt yo, Bondye ap leve yo.
[12] Epi, li di moun ki te envite l la tou: Lè w ap fè dine oubyen resepsyon, pa envite ni zanmi w, ni frè w, ni fanmi w, ni vwazen ki rich, dekwa pou, yo menm tou, yo pa envite w kòmkwa pou yo ka remèt ou sa.
[13] Lè w ap fè fèt, okontrè, envite pòv, moun enfim, moun k ap bwate, moun avèg.
[14] Se va yon benediksyon pou ou, paske yo pa genyen pou yo ta remèt ou sa. Vrèmanvre, lè moun jis yo resisite, Bondye a remèt ou sa.
[15] Men, lè youn nan moun ki te sou tab la tande bagay sa yo, li di Jezi: Ala yon benediksyon pou moun ki va manje dine nan wayòm Bondye a!
[16] Jezi, li menm, di li: Vwala se te yon nonm ki te fè yon gwo resepsyon, epi li te envite anpil moun.
[17] Lè lè resepsyon an rive, li voye yon sèvitè l al di envite yo: «Vini, paske tout bagay deja pare.»
[18] Yo tout pran eskize tèt yo menm jan an. Premye a di li: «Mwen fèk achte yon tè, e mwen bezwen soti al wè l. Tanpri, eskize m.»
[19] Yon lòt di: «Mwen fèk achte senk pè bèf, e mwen pral eseye yo. Tanpri, eskize m.»
[20] Yon lòt ankò di: «Mwen fèk marye ak madanm mwen, e se poutèt sa mwen pa kapab vini.»
[21] Sèvitè a retounen al rapòte bagay yo bay mèt li. Lè sa a, mèt kay la fè kòlè. Li di sèvitè l la: «Ale tousuit sou plas vil la ak nan lari nan vil la. Epi, mennen ni pòv, ni enfim, ni moun k ap bwate, ni moun avèg isit la.»
[22] Apre sa, sèvitè a di: «Mèt, menm jan ou te kòmande a, se konsa sa fèt, e gen plas toujou.»
[23] Epi, mèt la di sèvitè a: «Ale sou wout yo ak bò lantouraj yo, epi konvenk moun yo antre, dekwa pou kay mwen ka plen.
[24] Paske, m ap di nou sa: Pami mesye mwen te envite yo, pa gen youn menm k ap goute nan resepsyon m nan.»
[25] Yon gwo foul moun t ap mache avèk Jezi. Li vire, li di yo:
[26] Si yon moun ap vini jwenn mwen epi li pa rayi papa li ak manman li, madanm li ak pitit li, frè li ak sè li, e menm pwòp lavi li, ebyen, li pa kapab vin disip mwen.
[27] E, nenpòt moun ki pa pote kwa li epi ki pa suiv mwen, li pa kapab vin disip mwen.
[28] Vrèmanvre, kilès nan nou ki ta vle bati yon gerit epi ki pa ta chita kalkile depans lan anvan, pou wè si li genyen ase pou li fini l?
[29] Se dekwa pou li pa al nan poze fondasyon epi, lè li pa kapab fini, pou tout moun k ap gade pa kòmanse pase l nan betiz pou yo di:
[30] «Nonm sa a kòmanse bati, epi li pa kapab fini!»
[31] Oubyen, ki wa, anvan l al nan lagè avèk yon lòt, pa chita reflechi pou l wè si avèk dimil òm, li kapab kontre lòt la k ap vini kont li avèk venmil?
[32] Osinon, pandan lòt la byen lwen toujou, wa a ap voye yon delegasyon pou li mande fè lapè.
[33] Donk, se konsa li ye pou nou chak: Si yon moun pa renonse ak pwòp byen li, ebyen, li pa kapab vin disip mwen.
[34] Sèl se yon bon bagay! Men, si sèl ta pèdi gou l, ak kisa nou ka fè l sale ankò?
[35] Paske, li pa bon ni pou tè ni pou fimye. Donk, se deyò pou yo jete l. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!