[1] Nan menm moman sa a, yon foul plizyè milye moun te rasanble jiskaske youn t ap mache sou lòt. Jezi kòmanse pale ak disip li yo an premye. Li di: Fè atansyon ak ledven Farizyen yo, ki se ipokrizi.
[2] Men, pa gen anyen ki kouvri ki p ap devwale. Nanpwen anyen ki kache ki p ap vin aklè.
[3] Paske, tout sa nou di nan fènwa, moun ap tande l lajounen. E, sa nou pale nan zòrèy andedan chanm, moun ap kanpe sou do kay pou yo pibliye l.
[4] Zanmi m yo, m ap di nou sa: Pa pè moun k ap tiye kò a epi apre ki pa kapab fè plis pase sa.
[5] M apral montre nou kilès pou nou pè: Nou dwe pè sila ki ka tiye kò a epi, apre sa, ki gen pouvwa pou li jete l nan Jeyèn. Wi, mwen di nou, se li menm, nou dwe pè.
[6] Se senk ti zwazo yo vann pou de penich, pa vre? Epoutan, pa gen youn nan yo Bondye bliye.
[7] Okontrè, menm cheve nan tèt nou, yo tout konte. Donk, pa pè! Nou vo plis pase anpil ti zwazo.
[8] E, m ap di nou sa: Tout moun ki temwaye pou mwen devan lèzòm, Pitit Lòm nan ap temwaye pou yo tou, devan zanj Bondye yo.
[9] E, moun ki nye mwen devan lèzòm, m ap nye li devan zanj Bondye yo tou.
[10] Nenpòt moun ki di yon pawòl kont Pitit Lòm nan, Bondye ap padone li. Men, si se Lespri Sen an li denigre, Bondye p ap padone li.
[11] E, lè yo mennen nou devan sinagòg, devan dirijan ak devan otorite, pa chaje tèt nou nan kalkile kòman oubyen kisa nou pral reponn pou nou defann tèt nou, oubyen kisa nou pral di.
[12] Paske, lè sa a, Lespri Sen an va montre nou kisa nou dwe di.
[13] Yon moun nan foul la di Jezi: Mèt! Di frè m nan, pou li separe eritaj nou an avèk mwen.
[14] Jezi di li: Mesye, kilès ki mete m responsab pou m jije oubyen pou m separe pou nou?
[15] Epi, li di yo: Fè atansyon epi veye pou nou pa fè ava. Paske, lavi yon moun pa depann de byen l, menm si yo te anpil.
[16] Konsa, Jezi rakonte yo yon parabòl. Li di: Jaden yon nonm rich te donnen anpil.
[17] Misye reflechi nan kè l, li di: «Kisa m pral fè? Paske, mwen pa gen kote pou mwen rasanble rekòt mwen an.»
[18] Epi, li di: «Men sa m ap fè: M ap kraze depo mwen yo, m ap bati lòt ki pi gwo, epi m ap rasanble tout rekòt mwen yo ak byen mwen yo ladan yo.
[19] Apre sa, m ap di nanm mwen: Nanm mwen, ou gen anpil byen sere pou anpil ane. Ou mèt poze, manje, bwè, jwi.»
[20] Men, Bondye di misye: «Moun sòt! Lannuit sa a menm, m ap reklame nanm ou. E, tout bagay ou pare yo, pou kilès y ap ye?»
[21] Se konsa sa ye pou moun k ap anpile richès pou tèt li epi ki pa rich pou Bondye.
[22] Men, Jezi di disip li yo: Se poutèt sa m ap di nou: Pa chaje tèt nou ni pou lavi nou, nan kalkile kisa n ap manje, ni pou kò nou, nan kalkile kijan n ap fè abiye.
[23] Lavi pi enpòtan pase manje, e kò pi enpòtan pase rad.
[24] Egzamine kòbo yo: Yo pa ni plante, ni rekòlte. Yo pa gen ni chanm, ni depo. Epoutan, Bondye ba yo manje. E, nou menm, nou vo plis lontan pase zwazo!
[25] Epitou, kilès nan nou, poutèt l ap chaje tèt li a, ki kapab ajoute menm yon pous sou longè lavi l?
[26] Donk, si sa ki tou piti a, nou pa kapab fè l, poukisa n ap chaje tèt nou pou rès yo?
[27] Egzamine kijan flè lis pouse. Yo pa ni travay di, ni trikote. Men, m ap di nou sa: Menm Salomon, malgre tout glwa l la, li pa t abiye byen menm jan avèk menm youn nan yo.
[28] Zèb nan jaden la jodi, epi yo jete yo nan fou demen. Si yo menm, Bondye ka dekore yo konsa, l a fè plis pou nou toujou, bann moun ti lafwa.
[29] Nou menm, se pa pou n ap plede chèche sa pou n manje oubyen sa pou n bwè. Epitou, se pa pou n nan kè sote.
[30] Paske, tout bagay sa yo, se payen nan lemonn yo k ap chèche yo. Men, pou nou menm, Papa a konnen nou bezwen bagay sa yo.
[31] Okontrè, chèche wayòm Bondye a, epi Bondye ap ajoute bagay sa yo sou sa pou nou.
[32] Ti twoupo, pa pè! Paske, se te tout plezi Papa nou, pou li ban nou wayòm nan.
[33] Vann byen nou, epi fè charite. Bay tèt nou bous ki p ap vin vye, sa vle di, yon richès nan syèl la ki p ap janm fini. La, vòlè pa ka pwoche kote l, e mit pa ka detui l nonplis.
[34] Vrèmanvre, kote richès ou ye, se la kè w ap ye tou.
[35] Nou menm, se pou ren nou tou mare, pou lanp nou tou limen,
[36] tankou moun k ap tann lè mèt yo ap tounen sot nan nòs. Konsa, lè li vini epi li frape, menm lè a, yo ouvri pou li.
[37] Benediksyon pou sèvitè sa yo, paske lè mèt yo vini, li jwenn y ap veye. Franchman, m ap di nou sa: L ap mare ren li, l ap mete yo sou tab, epi l ap pase sèvi yo.
[38] Kit li ta tounen vè dezyèm tranch nuit lan, kit se ta vè twazyèm tranch la, se va yon benediksyon pou sèvitè sa yo, si li jwenn y ap veye.
[39] Konnen sa byen! Si mèt yon kay te konnen kilè vòlè ap vini, li ta ret ap veye, epi li pa t ap kite yo kase kay li.
[40] Donk, nou menm, se pou nou toujou pare, paske Pitit Lòm nan ap vini yon lè nou pa atann.
[41] Pyè di Jezi: Senyè, èske se pou nou w ap di parabòl sa a oubyen pou tout moun?
[42] Men, Senyè a di li: Ki administratè ki fidèl epi ki entèlijan mèt la ap mete responsab moun lakay li yo, pou l ba yo manje nan lè pou yo manje?
[43] Benediksyon pou sèvitè sa a, si mèt li vin jwenn l ap fè sa vre!
[44] Franchman, m ap di nou sa: Mèt la ap mete l responsab tout byen l yo.
[45] Men, sipoze sèvitè a ta di nan kè l: «Mèt la ap pran tan anvan li vini» epi li ta kòmanse bat sèvitè yo ak sèvant yo, li ta manje, li ta bwè, epi li ta sou!
[46] Ebyen, mèt sèvitè sa a va vini yon jou li pa atann, yon lè li pa konnen. Mèt la ap depatcha misye, epi l ap mete pòsyon pa misye ansanm ak pa moun ki pa fidèl yo.
[47] Men, sèvitè ki te konnen volonte mèt li a epi ki pa t ni pare anyen, ni fè volonte mèt li a, ebyen, li menm, y ap bat li anpil.
[48] Alòske, sèvitè ki pa t konnen volonte mèt li a epi ki fè bagay ki merite kou, li menm, y ap bat li mwens. Tout moun, yo bay anpil, yo reklame anpil nan men yo. E, moun yo remèt anpil, yo mande yo anpil!
[49] Se dife mwen vin lage sou latè. E, kisa pou mwen vle ankò, si li deja limen?
[50] Men, gen yon batèm pou mwen resevwa. Ala yon lapenn pou mwen, toutotan li poko akonpli.
[51] Èske nou panse se lapè mwen vin bay sou latè? Mwen di nou non! Okontrè, se divizyon!
[52] Paske, apati jodi a, senk moun ap nan yon sèl kay, e y ap nan divizyon twa kont de epi de kont twa.
[53] Papa ap nan divizyon ak pitit gason. Epi, pitit gason ap nan divizyon ak papa. Manman ap nan divizyon ak pitit fi. Epi, pitit fi ap nan divizyon ak manman. Bèlmè ap nan divizyon ak bèlfi. Epi, bèlfi ap nan divizyon ak bèlmè.
[54] Epi, Jezi t ap di foul moun yo tou: Lè nou wè nyaj leve kote solèy kouche, menm lè a, nou di: «Lapli pral vini!» Epi, sa rive konsa vre.
[55] E, lè se van Sid k ap soufle, nou di: «Li pral fè cho!» Epi, sa rive.
[56] Ipokrit! Nou konn kijan pou nou egzamine eta latè ak eta syèl la, kòman nou fè pa ka egzamine epòk sa a?
[57] Epitou, poukisa nou pa deside sa ki jis poukont nou?
[58] Vrèmanvre, pandan ou pral devan majistra avèk advèsè ou, fè efò pou w ranje sa avèk li nan wout, dekwa pou li pa trennen w devan jij, epi pou jij pa livre w bay lapolis, epi pou lapolis pa jete w nan prizon.
[59] M ap di ou sa: Ou p ap soti la a, toutotan ou pa peye menm dènye pyès la.