[1] Yo leve, yo tout ansanm, yo mennen Jezi devan Pilat.
[2] Epi, yo pran akize li, yo di: Nou jwenn nonm sa a ap eksite nasyon nou an revòlte, l ap anpeche yo bay Seza enpo, epi l ap plede di se li ki Kris, se li ki wa.
[3] Pilat, li menm, poze Jezi kesyon, li di: Èske ou se wa Juif yo? Jezi reponn li, li di: Ou di li!
[4] Epi, Pilat di sakrifikatè prensipal yo ak foul moun yo: Mwen pa jwenn anyen mal nan nonm nan!
[5] Men, yo pèsiste ap di: L ap monte tèt foul la. Epi, se nan tout Jide l ap anseye konsa, kòmanse depi nan Galile rive isit la.
[6] Lè Pilat tande mo Galile a, li mande: Èske nonm sa a se moun Galile?
[7] Li aprann Jezi se moun zòn ki anba otorite Ewòd. E, pandan jou sa yo, Ewòd te Jerizalèm. Donk, Pilat retounen Jezi ba li.
[8] Lè Ewòd wè Jezi, li te kontan anpil. Vrèmanvre, depi lontan li te anvi wè Jezi poutèt tout sa li te tande sou Jezi yo. E, li te espere wè Jezi fè kèk mirak siy.
[9] Li poze Jezi anpil kesyon. Men, Jezi, li menm, pa t reponn li anyen.
[10] Sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo te kanpe, yo t ap akize Jezi avèk fòs.
[11] Ewòd ansanm avèk gad li yo meprize li. Yo pase l nan betiz. Yo mete yon rad klere sou li, epi yo retounen l bay Pilat.
[12] E, jou sa a, Pilat ak Ewòd vin zanmi youn ak lòt. Jis lè sa a, se lènmi yo te ye.
[13] Epi, Pilat reyini sakrifikatè prensipal yo, chèf yo ak pèp la.
[14] Li di yo: Nou mennen nonm sa a ban mwen, kòmkwa l ap monte tèt pèp la. Gade! Se mwen menm ki egzamine l devan nou. Mwen pa jwenn nonm nan koupab pou anyen nan sa n ap akize l yo.
[15] Ewòd nonplis! Paske, mwen te voye nou kote li. Epitou, gade! Misye pa fè anyen ki merite lanmò.
[16] Donk, m ap fè kale l, epi m ap lage l.
[17] Kòm Pilat te oblije lage yon prizonye pou yo jou fèt la,
[18] yo pran rele ansanm, yo di: Tiye misye! Lage Barabas pou nou pito.
[19] Yo te mete Barabas nan prizon poutèt yon soulèvman ki te fèt nan vil la epi poutèt yon asasinay.
[20] Donk, Pilat pale avèk yo ankò paske li te vle lage Jezi.
[21] Men, yo rele, yo di: Krisifye l! Krisifye l!
[22] Pou yon twazyèm fwa, li di yo: Ebyen, ki mal li fè? Mwen pa jwenn anyen li fè ki merite lanmò. Donk, m ap fè kale l, epi m ap lage l.
[23] Men, yo pèsiste rele pi fò toujou. Yo mande pou yo fè krisifye l. Yo menm ak sakrifikatè prensipal yo tèlman rele, yo pran fòs sou Pilat.
[24] Konsa, Pilat deklare se sa yo mande a k ap fèt.
[25] Li lage nonm yo te mete nan prizon pou soulèvman ak asasinay la, paske se pou li yo te mande. Pou Jezi, li menm, Pilat livre l daprè volonte yo.
[26] Pandan yo t ap mennen Jezi ale, yo pran Simon, yon moun Sirèn. Li t ap vin sot andeyò. Yo chaje kwa a sou li pou li pote l dèyè Jezi.
[27] Yon gwo foul moun ak yon bann medam t ap suiv Jezi. Medam yo t ap frape lestomak yo, epi yo t ap rele pou li.
[28] Men, Jezi vire. Li di yo: Pitit fi Jerizalèm yo, pa kriye pou mwen! Okontrè, kriye pou tèt nou epi pou pitit nou yo.
[29] Paske, gade! Gen jou k ap vini, kote moun va di: «Benediksyon pou fi ki pa kapab fè pitit, pou vant ki pa janm ansent, pou tete ki pa janm bay lèt.»
[30] Lè sa a, y ap pran di mòn yo: Tonbe sou nou! Epi, y ap di montay yo: Kouvri nou!
[31] Paske, si se sa yo fè bwa vèt, kisa k ap rive bwa sèch menm?
[32] Yo te mennen de lòt moun pou yo tiye yo ansanm avèk Jezi tou; se te de malfektè.
[33] Lè yo rive kote yo rele Zo tèt la, se la yo krisifye Jezi, li menm ansanm ak malfektè yo: youn adwat, lòt la agoch.
[34] Men, Jezi di: Papa, padone yo, paske yo pa konnen sa y ap fè. Yo fè tirajosò, yo separe rad li.
[35] Pèp la, li menm, te kanpe ap gade. E chèf yo te ansanm avèk yo tou nan pase Jezi nan rizib. Yo t ap di: Si se li ki Kris la, sila Bondye chwazi a, kòm li sove lòt yo, se pou l sove tèt li tou.
[36] Sòlda yo t ap pase l nan betiz tou. Yo pwoche, yo ofri li vinèg,
[37] epi yo di: Si ou se wa Juif yo, sove tèt ou!
[38] Pi wo tèt li, yo te ekri yon pankat tou. Mo yo te ni an Grèk, ni an Laten, ni ann Ebre: SILA A SE WA JUIF YO.
[39] Youn nan malfektè ki te pandye yo t ap denigre Jezi, li t ap di: Si ou se Kris la, sove tèt ou, epi sove nou!
[40] Men, lòt la reponn, li fè misye obsèvasyon. Li di: Menm krentif ou pa genyen pou Bondye, ou menm ki anba menm kondanasyon an!
[41] Pou nou menm, se jistis! Vrèmanvre, nou resevwa sa zak nou yo merite. Men, li menm, li pa fè anyen ki mal!
[42] Epi, li di Jezi: Senyè, lè ou vini nan wayòm ou an, sonje m.
[43] Jezi di li: Franchman, m ap di ou sa: Jodi a, w ap avèk mwen nan Paradi!
[44] Li te vè sizyèm è a konsa. Epi, vin gen fènwa sou tout peyi a jis nan nevyèm è a.
[45] Solèy la kache. Rido tanp lan fann nan mitan.
[46] Epi, Jezi rele byen fò, li di: Papa, mwen remèt lespri mwen nan men ou! Lè l fin di bagay sa yo, li rann dènye souf li.
[47] Lè santenye a wè sa ki te rive a, li bay Bondye glwa, li di: Reyèlman vre, misye te yon nonm ki jis.
[48] Tout foul moun ki te vin asiste espektak sa a wè sa ki pase a. Tout pandan yo t ap vire ale, yo t ap bat lestomak yo.
[49] Moun ki te konnen Jezi yo ansanm ak medam ki te suiv li depi nan Galile yo, yo tout te kanpe lwen, yo t ap gade bagay sa yo.
[50] Twouve, te genyen yon manm Konsèy la yo rele Jozèf. Li te bon moun, li te yon moun jis.
[51] Misye li menm pa t dakò avèk desizyon ak zak Konsèy la. Li te moun Arimate, yon vil Jide. E, li menm tou, li t ap tann wayòm Bondye a.
[52] L ale kote Pilat, li mande l kò Jezi.
[53] Apre sa, li desann kò a atè, li vlope l nan twal len, epi li mete l nan yon tonm yo te taye nan wòch. Pèsonn pa t janm antere ladan l.
[54] Se te jou Preparasyon, e Saba a t apral kòmanse.
[55] Kèk medam suiv Jozèf. Se menm medam sa yo ki te soti Galile avèk Jezi. Yo gade tonm nan epi kijan moun yo te mete kò Jezi.
[56] Epi, yo retounen al prepare pafen ak lami. Men, yo repoze nan jou Saba a, daprè kòmandman an.