Skip to content
Opens in a new window

[1] Men, twouve, nan jou sa yo, Seza Ogis fè yon dekrè soti, pou yo fè resansman sou tout latè.

[2] Premye resansman sa a rive lè Kiriniyis te gouvènè Siri.

[3] Kifè, tout moun te al enskri, men, chak moun te ale nan peyi pa yo.

[4] E, Jozèf ale tou. Li soti nan vil Nazarèt nan Galile, li monte Jide, nan vil David yo rele Bètleyèm nan, paske li te menm fanmi, menm ras ak David.

[5] L al enskri ansanm ak Mari, fiyanse li, ki te ansent.

[6] Pandan yo te la, jou pou Mari akouche a rive.

[7] Li fè premye pitit gason l lan. Li vlope l, epi li mete l kouche nan yon krèch, paske pa t gen plas pou yo nan otèl la.

[8] Nan menm zòn sa a, te genyen bèje ki t ap pase nuit la deyò pou yo veye twoupo mouton yo.

[9] Epi, yon zanj Senyè a parèt sou yo. Glwa Senyè a klere toutotou yo. Yo te pè anpil.

[10] Men, zanj lan di yo: Pa pè! Paske, gade! Se yon bon nouvèl m ap anonse nou, yon nouvèl ki va yon gwo kontantman pou tout pèp la:

[11] Jodi a, nan vil David la, gen yon Sovè ki fèt pou nou. E, se li ki Kris la, Senyè a.

[12] Men kisa ki va sèvi nou kòm siy: N a jwenn yon tibebe ki vlope epi ki kouche nan yon krèch.

[13] Menm lè a, yon gwo foul zanj nan lame ki nan syèl la vin jwenn ak zanj lan. Yo t ap fè lwanj Bondye. Yo t ap di:

[14] Glwa pou Bondye anwo nan syèl la! Lapè sou latè! Favè pou lèzòm!

[15] Twouve, lè zanj yo soti kote bèje yo epi y al nan syèl, mesye bèje yo, youn di lòt: Ebyen, ann ale jis Bètleyèm, ann al wè sa ki rive a, sa Senyè a te fè nou konnen an.

[16] Yo prese ale. Epi, yo jwenn Mari ak Jozèf. E, ti bebe a, li menm, te kouche nan krèch la.

[17] Lè yo wè li, yo rakonte sa yo te di yo sou pitit la.

[18] E, tout moun ki te tande sa bèje yo t ap rakonte yo a te sezi.

[19] Mari, li menm, kenbe tout bagay sa yo, li t ap repase yo nan kè li.

[20] Bèje yo menm, retounen. Yo t ap bay Bondye glwa ak lwanj pou tout sa yo te tande ak tout sa yo te wè. Tout bagay te jan zanj lan te di yo a.

[21] Uityèm jou a, jou pou yo sikonsi pitit la, vin rive. Lè sa a, yo rele li Jezi, menm non zanj lan te di a anvan pitit la te fòme nan vant.

[22] Epi, yo pirifye tèt yo jan lwa Moyiz la mande l la. Lè jou sa yo fin pase, yo mennen pitit la Jerizalèm, pou yo prezante l bay Senyè a.

[23] Sa se daprè sa ki ekri nan lwa Senyè a: Tout pitit gason ki fèt an premye, y a deklare yo konsakre pou Senyè a.

[24] Yo te la tou pou yo ofri sakrifis lwa Senyè a mande a: Yon pè toutrèl oubyen de jèn pijon.

[25] Twouve, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te yon moun ki jis epi ki devwe. Li t ap tann konsolasyon pou Izrayèl. E, Lespri Sen an te sou li.

[26] Lespri Sen an te avèti li davans, li p ap wè lanmò, toutotan li pa wè Kris Senyè a.

[27] Sou direksyon Lespri a, l ale nan lakou tanp lan. Se konsa paran Jezi, pitit la, t ap antre pou yo fè sa ki te nan koutim lalwa pou Jezi.

[28] Simeyon, li menm, pran Jezi nan bra li, li beni non Bondye, li di:

[29] Mèt Souvren, kounye a, ou kite sèvitè w ale nan lapè, menm jan ou te di a.

[30] Paske, je mwen wè delivrans ou a,

[31] Delivrans ou te pare devan tout pèp yo.

[32] Se yon limyè ki va yon revelasyon pou nasyon yo. E, se yon glwa pou pèp ou a, Izrayèl!

[33] Ni Jozèf ni manman pitit la te sezi tande bagay Simeyon t ap di sou li yo.

[34] Simeyon beni yo, epi li di Mari, manman pitit la: Gade! Pitit sa a la pou anpil moun nan Izrayèl ka tonbe oubyen leve, Pou li ka yon siy k ap sibi opozisyon.

[35] Konsa, Bondye va devwale rezònman ki nan anpil kè. E, pou ou menm tou, yon epe va pèse pwòp nanm ou.

[36] Te genyen yon pwofetès ki te la tou. Se te Àn, pitit fi Fànwèl ki te nan tribi Asè a. Àn te nan laj avanse. Li te gen katrevenkatran konsa. Apre maryaj li, li viv setan avèk mari li.

[37] Epi, li rete vèv. Li pa t janm kite tanp lan. Lajounen kon lannuit, li t ap sèvi Bondye nan jèn ak lapriyè.

[38] Li menm tou, li parèt nan menm lè a. Li t ap rann Senyè a gras, e li t ap pale de li ak tout moun, tout sa ki t ap tann redanmsyon nan Jerizalèm yo.

[39] Lè yo te fin akonpli tout bagay jan sa ye nan lwa Senyè a, yo retounen Galile, nan peyi yo, Nazarèt.

[40] Timoun nan, li menm, t ap grandi. Li t ap devlope nan lespri li. Li te plen sajès. E, gras Bondye te sou li.

[41] Chak ane, paran Jezi yo te konn al nan fèt Pak Jerizalèm.

[42] E, lè li te gen douzan, yo monte Jerizalèm, daprè koutim fèt la.

[43] Lè jou fèt yo fin pase epi yo t ap retounen, ti Jezi li menm rete Jerizalèm. E, Jozèf ak manman Jezi pa t konnen sa.

[44] Kòm yo te kwè se avèk lòt vwayajè yo li te ye, y ale. Apre yon jounen sou wout la, yo chèche l pami fanmi ak zanmi yo.

[45] Men, yo pa jwenn li. Alò, nan chèche li, yo tounen Jerizalèm.

[46] Se konsa, apre twa jou, yo jwenn li chita nan lakou tanp lan, nan mitan pwofesè lalwa yo. Li t ap koute yo, epi li t ap poze yo kesyon.

[47] Tout moun ki t ap koute l yo te etone poutèt entèlijans li ak repons li yo.

[48] Lè paran l wè li, yo sezi. Epi, manman l di li: Pitit mwen, pouki w fè nou sa? Gade! Se ak kè kase papa w avè m ap chèche ou.

[49] Li di yo: Pouki nou t ap chèche m nan? Èske nou pa konnen fòk mwen okipe afè Papa mwen?

[50] Menm yo menm, yo pa t konprann pawòl li t ap di yo a.

[51] Li desann avèk yo al Nazarèt. Li te toujou obeyi yo. Manman an te sere tout bagay sa yo nan kè li.

[52] Jezi, li menm, t ap devlope nan sajès, nan tay, nan gras, devan Bondye ak devan lèzòm.

Levanjil Lik la — Chapters