Skip to content
Opens in a new window

[1] Lè Jezi tounen sot nan Jouden an, Lespri Sen an te ranpli li. E, se Lespri a ki t ap dirije li nan dezè a.

[2] Pandan karant jou, djab la t ap tante li. Li pa t manje anyen pandan jou sa yo. Men, lè jou sa yo te fin pase, li te grangou.

[3] Epi, djab la di li: Si ou se Pitit Bondye, di wòch sa a tounen pen.

[4] Men, Jezi reponn li, li di: Men sa ki ekri: Se pa ak pen sèlman pou moun viv, men, se ak chak pawòl Bondye di.

[5] Epi, djab la mennen l sou yon mòn byen wo. Nan yon ti moman, li montre Jezi tout wayòm nan lemonn antye.

[6] Epi, djab la di li: M ap ba ou pouvwa sou yo tout ansanm ak glwa ki nan yo. Paske, se mwen yo te bay yo, e mwen ka bay moun mwen vle yo.

[7] Donk, ou menm, si w adore mwen, yo tout pou ou.

[8] Jezi reponn li, li di: Retire w sou mwen, Satan! Men sa ki ekri: Se Senyè a, Bondye ou, pou w adore. E, se li sèl pou w sèvi.

[9] Epi, djab la mennen Jezi Jerizalèm, li mete l sou tèt tanp lan, epi li di li: Si ou se Pitit Bondye, rete isit la, lage kò w anba.

[10] Paske, men sa ki ekri: Li va pase zanj li yo lòd poutèt ou, Pou yo ka pwoteje ou.

[11] Epi ankò: Yo va pote w nan men, Dekwa pou pye w pa bite sou yon wòch.

[12] Jezi reponn, li di li: Pawòl la di: «Ou pa dwe tante Senyè a, Bondye ou.»

[13] Lè djab la fin tante Jezi tout jan, li kite l pou jis yon lòt okazyon.

[14] Epi, Jezi retounen Galile anba pisans Lespri a. Nan tout zòn alantou yo, yo t ap pale de li.

[15] Li t ap anseye nan sinagòg yo, e tout moun t ap ba li glwa.

[16] Apre sa, l ale Nazarèt, kote li te grandi a. Kòm se te abitid li, li antre nan sinagòg la jou saba a, epi li kanpe pou l fè lekti.

[17] Yo remèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li dewoule liv la, li jwenn kote ki ekri:

[18] Lespri Senyè a sou mwen, Paske, li konsakre mwen Pou mwen anonse pòv yo bon nouvèl la. Li voye mwen pou mwen geri moun ki gen chagren nan kè yo, Pou mwen anonse prizonye yo libète, Pou mwen anonse avèg yo, yo ka wè, Pou mwen voye moun ki anba dominasyon yo ale ak libète,

[19] Pou mwen anonse ane Senyè a ap fè gras la.

[20] Epi, li woule liv la, li remèt li bay sekretè a, li chita. Je tout moun nan sinagòg la te fikse sou li.

[21] Epi, li kòmanse di yo: Jodi a, Ekriti sa a akonpli nan tande nou tande l la.

[22] Yo tout t ap temwaye sou li. Yo te sezi tande pawòl ki t ap soti nan bouch li yo. Se te pawòl ki te plen ak gras. Yo t ap di: Se pa pitit Jozèf la sa?

[23] Epi, li di yo: Vrèmanvre, nou va di pwovèb sa a sou mwen: «Doktè, se pou w geri pwòp tèt ou! Tout sa nou te tande w fè Kapènawòm yo, se pou w fè yo isit la tou, nan peyi w!»

[24] Epi, li di: Franchman, m ap di nou sa: Okenn pwofèt pa janm resevwa bon akèy nan peyi li.

[25] Se laverite m ap di nou la a: Nan jou Eli yo, lè syèl la te fèmen pandan twazan si mwa a, lè gwo grangou a te sou tout peyi a, te genyen anpil vèv nan Izrayèl.

[26] E, se pa t kote youn nan yo Bondye te voye Eli, men, se te kote yon dam ki te vèv, nan Sarepta, peyi Sidon.

[27] Sou pwofèt Elize tou, te genyen anpil moun nan Izrayèl ki te gen lèp. E, se pa t youn nan yo Bondye te pirifye, men, se te Nahaman, yon Siryen.

[28] Lè yo tande bagay sa yo, kòlè te plen kè yo tout nan sinagòg la.

[29] Yo leve, yo bouskile l mete deyò vil la, yo mennen l arebò mòn kote vil yo a te bati a pou yo jete l anba.

[30] Men, li menm, li pase nan mitan yo, l ale.

[31] Apre sa, Jezi desann Kapènawòm, yon vil Galile. Jou saba, li te konn anseye moun yo.

[32] E, ansèyman l lan te fè yo sezi, paske se avèk otorite li t ap pale.

[33] Nan sinagòg la, te genyen yon nonm ki te gen yon demon, yon move lespri, sou li. Li rele byen fò,

[34] li di: Aa Jezi, moun Nazarèt, nou menm avèk ou, nan kisa nou ye ansanm? Èske w vini pou w detui nou? Nou konnen, ou menm, ki moun ou ye: Ou se Sen Bondye a!

[35] Jezi fè l obsèvasyon, li di: Silans! Soti sou li! Demon an vòltije nonm nan nan mitan sinagòg la, li soti sou li san li pa fè l anyen mal.

[36] Kè sote pran yo tout. Youn t ap pale ansanm ak lòt, yo t ap di: Ki pawòl sa a? Paske, li kòmande menm move lespri yo avèk otorite ak pisans, epi yo soti!

[37] Konsa, bri kouri sou li tout kote alantou yo.

[38] Jezi leve sot nan sinagòg la, l al kay Simon. Bèlmè Simon an t ap soufri anba yon gwo lafyèv. Yo sipliye Jezi pou li.

[39] Epi, Jezi panche sou li. Li fè lafyèv la obsèvasyon, epi lafyèv la kite li. Menm lè a, bèlmè a leve, li sèvi yo.

[40] Men, lè solèy kouche, tout moun ki te gen moun malad ak plizyè kalite maladi t ap mennen yo bay Jezi. Li menm, li poze men sou yo chak, li geri yo.

[41] E, demon t ap soti sou anpil moun tou. Lè konsa, yo rele, yo di: Ou se Kris la, pitit Bondye a! Epi, li fè yo obsèvasyon. Li pa t pèmèt yo pale, paske yo te konnen se li ki Kris la.

[42] Lè l fè jou, li soti, l al yon kote apa. Foul la t ap chèche li. Y ale jis kote li te ye a. Yo t ap kenbe li pou li pa kite yo.

[43] Men, li di yo: Fòk mwen anonse bon nouvèl wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se poutèt sa, yo te voye mwen.

[44] Konsa, li t ap preche nan sinagòg ki nan Galile yo.

Levanjil Lik la — Chapters