Skip to content
Opens in a new window

[1] Se te nan kenzyèm ane gouvènman Tibè Seza a. Lè sa a, Pons Pilat te gouvènè Jide. Ewòd te Tetrak nan Galile. Filip, frè li a, te Tetrak nan Litire ak nan zòn Trakonit. Lizànyas te Tetrak nan Abilèn.

[2] Epi, Àn ak Kayif te sakrifikatè an chèf. Twouve, Jan, pitit gason Zakari a, resevwa revelasyon Bondye nan dezè a.

[3] Epi, l ale nan tout zòn alantou Jouden yo. Li t ap preche batèm repantans pou padon peche.

[4] E, menm jan sa te ekri nan liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi yo, li di: Vwa yon nonm k ap rele nan dezè a di: Pare chemen an pou Senyè a. Fè ti wout yo dwat pou li.

[5] Tout ravin va vin plen. Tout mòn ak tout bit va plati. Sa ki kwochi va vin dwat. Chemen ak douk va vin plat.

[6] Epi, tout moun va wè delivrans Bondye a.

[7] Donk, lè moun yo vini an foul pou fè Jan batize yo, li te konn di yo: Ras sèpan! Kilès ki montre nou kòman pou nou chape anba kòlè ki pral vini an?

[8] Donnen fwi repantans merite. Epi, pa menm kòmanse di nan kè nou: «Se Abraam nou genyen kòm papa.» Paske, m ap di nou sa: Bondye kapab fè pitit soti nan wòch sa yo pou Abraam!

[9] Dayè, yo deja mete rach nan rasin pyebwa yo. Donk, tout pyebwa ki pa donnen bon fwi, yo koupe yo, epi yo lage yo nan dife.

[10] Foul moun yo t ap poze li kesyon, yo t ap di: Donk, kisa pou nou fè?

[11] Li reponn yo, li di: Se pou moun ki gen de rad pataje ak sa ki pa genyen. Se pou moun ki genyen manje fè menm jan an tou.

[12] Kèk pèseptè te vin batize tou. Yo di li: Mèt, kisa pou nou fè?

[13] Jan di yo: Pa pran plis taks pase sa yo kòmande nou pran.

[14] Kèk sòlda poze li kesyon tou. Yo di: E nou menm, kisa pou nou fè? Li di yo: Pa fè pèsonn abi. Pa akize yo mal nonplis. Epi, kontante nou ak salè nou.

[15] Pèp la, li menm, t ap tann. Yo tout t ap reflechi nan kè yo sou Jan. Yo t ap mande si se li ki ta Kris la.

[16] Alò, Jan reponn yo tout, li di: Mwen menm, se nan dlo m ap batize nou. Men, yon nonm, ki genyen plis pouvwa pase mwen, ap vini. Mwen pa menm merite pou mwen ta demare lasèt sandal li. Li menm, li va batize nou nan Lespri Sen an ak nan dife.

[17] Laye l nan men l. L ap byen netwaye glasi ble li. L ap ranmase grenn yo met nan depo li. Men, l ap boule pay yo nan yon dife ki pa kapab etenn.

[18] Jan te konn egzòte pèp la avèk anpil lòt pawòl ankò pandan li t ap anonse yo bon nouvèl la.

[19] Men, Jan te reprimande Tetrak Ewòd poutèt Ewodyas, madanm frè l la, epi poutèt tout move bagay Ewòd te fè yo.

[20] Epi, Ewòd ajoute yon lòt ankò sou tout bagay sa yo lè li fè fèmen Jan nan prizon.

[21] Twouve, lè Jan te batize tout pèp la, li batize Jezi tou. E, pandan Jezi t ap lapriyè, syèl la louvri.

[22] Lespri Sen an desann sou li sou fòm kò yon pijon. Epi, yon vwa soti nan syèl la, li di: Ou se Pitit mwen renmen anpil la. Ou fè mwen plezi anpil.

[23] Lè Jezi kòmanse ministè li, li te gen trantan konsa. Daprè sa yo te kwè, li te pitit Jozèf. Jozèf te pitit Eli.

[24] Eli te pitit Matat. Matat te pitit Levi. Levi te pitit Mèlki. Mèlki te pitit Janayi. Janayi te pitit Jozèf.

[25] Jozèf te pitit Matatyas. Matatyas te pitit Amòs. Amòs te pitit Nayim. Nayim te pitit Esli. Esli te pitit Nagayi.

[26] Nagayi te pitit Mahat. Mahat te pitit Matatyas. Matatyas te pitit Semeyi. Semeyi te pitit Josèch. Josèch te pitit Joda.

[27] Joda te pitit Jowanan. Jowanan te pitit Resa. Resa te pitit Zowobabèl. Zowobabèl te pitit Salatyèl. Salatyèl te pitit Neri.

[28] Neri te pitit Mèlki. Mèlki te pitit Adi. Adi te pitit Kozam. Kozam te pitit Èlmodam. Èlmodam te pitit Èr. Èr te pitit Jezi.

[29] Jezi te pitit Elyezè. Elyezè te pitit Jorim. Jorim te pitit Matat. Matat te pitit Levi.

[30] Levi te pitit Simeyon. Simeyon te pitit Jida. Jida te pitit Jozèf. Jozèf te pitit Jonam. Jonam te pitit Elyakim.

[31] Elyakim te pitit Meleya. Meleya te pitit Mena. Mena te pitit Matata. Matata te pitit Natan. Natan te pitit David.

[32] David te pitit Izayi. Izayi te pitit Obèd. Obèd te pitit Bowaz. Bowaz te pitit Salmon. Salmon te pitit Naason.

[33] Naason te pitit Aminadab. Aminadab te pitit Aram. Aram te pitit Joram. Joram te pitit Eswòm. Eswòm te pitit Farès. Farès te pitit Jida.

[34] Jida te pitit Jakòb. Jakòb te pitit Izaak. Izaak te pitit Abraam. Abraam te pitit Tera. Tera te pitit Nakò.

[35] Nakò te pitit Sewou. Sewou te pitit Rago. Rago te pitit Pelèg. Pelèg te pitit Ebè. Ebè te pitit Sala.

[36] Sala te pitit Kayinam. Kayinam te pitit Afaksad. Afaksad te pitit Sèm. Sèm te pitit Noye. Noye te pitit Lemèk.

[37] Lemèk te pitit Matousela. Matousela te pitit Enòk. Enòk te pitit Jarèd. Jarèd te pitit Malaleyèl. Malaleyèl te pitit Kenam.

[38] Kenam te pitit Enòs. Enòs te pitit Sèt. Sèt te pitit Adan. Adan te pitit Bondye.

Levanjil Lik la — Chapters