[1] Nan menm epòk sa a, kèk moun vin rakonte Jezi jan Pilat te melanje san kèk Galileyen ak san sakrifis yo t ap fè.
[2] Jezi reponn, li di yo: Poutèt Galileyen sa yo soufri konsa, èske nou panse se yo ki te pi gwo pechè pase tout Galileyen?
[3] Mwen di nou non! Okontrè, si nou pa repanti, nou tout ap peri tou.
[4] Oubyen, dizuit moun, miray gerit Siloye te tiye, lè li te tonbe sou yo a, èske nou panse se yo menm ki pi koupab pase tout moun ki abite Jerizalèm?
[5] Mwen di nou non! Okontrè, si nou pa repanti, nou tout ap peri tou!
[6] Epi, Jezi rakonte yo parabòl sa a: Vwala se te yon moun ki te plante yon pye figfrans nan jaden rezen li. Li vin chèche figfrans ladan l, men, li pa jwenn.
[7] Epi, li di jeran jaden an: «Gade! Depi twazan m ap vin chèche figfrans sou pye figfrans sa a, epi mwen pa jwenn. Koupe l! Poukisa menm, pou l ap fè tè a pa itil anyen!»
[8] Men, jeran an reponn, li di li: Mèt, kite l fè ane sa a ankò. Pandan tan sa a, m ap fouye toutotou l, epi m ap mete fimye.
[9] Konsa, si li donnen figfrans, se byen! Osinon, apre sa, w a koupe l.
[10] Yon jou saba, Jezi t ap anseye nan youn nan sinagòg yo.
[11] Epi, twouve, te genyen yon dam yon lespri te fè enfim depi dizuitan. Li te kokobe, li pa t kapab kanpe dwat ditou.
[12] Lè Jezi wè li, li rele l, epi li di l: Madanm, ou delivre! Ou pa enfim ankò!
[13] Epi, Jezi poze men sou li, e, menm lè a tou, dam nan kanpe dwat, epi li pran bay Bondye glwa.
[14] Chèf sinagòg la, li menm, te vekse dèske se jou saba Jezi t ap geri moun. Li reponn, li di foul la: Gen sis jou pou moun travay. Donk, se nan jou sa yo pou nou vin fè yo geri nou, men, se pa nan jou saba a.
[15] Epi, Senyè a reponn li, li di: Ipokrit! Jou saba a, èske nou chak la a pa demare bèf nou oubyen bourik nou nan manje pou nou mennen yo al bwè dlo?
[16] Alòske dam sa a, yon pitit fi Abraam Satan te mare depi dizuitan, mwen pa ta dwe demare chenn li an nan jou saba a, pa vre?
[17] Pandan li t ap di bagay sa yo, li fè tout lènmi li yo wont. E, tout foul la t ap rejwi poutèt tout mèvèy Jezi t ap fè yo.
[18] Epi, li di yo: Ak kisa wayòm Bondye a sanble? Ak kisa mwen ta konpare l?
[19] Li sanble ak yon grenn moutad yon nonm pran epi li jete nan pwòp jaden li. Epi, grenn moutad la pouse, li vin yon gwo pyebwa, jiskaske zwazo nan syèl fè nich sou branch li.
[20] Jezi di ankò: Ak kisa mwen ta konpare wayòm Bondye a?
[21] Li tankou ledven yon dam pran epi li mete nan twa mezi farin pou fè tout pat la leve.
[22] Pandan Jezi t ap fè yon vwayaj Jerizalèm, li t ap anseye nan vil ak nan bouk li t ap travèse yo.
[23] Epi, yon moun di li: Senyè, èske se yon ti kras moun ki sove?
[24] Men, li di yo: Lite pou nou antre nan pòtay etwat la. Paske, m ap di nou sa: Anpil moun va chèche antre ladan l, e yo p ap kapab.
[25] Lè mèt kay la leve fèmen pòt la, n a kòmanse kanpe deyò a, n a frape pòt la, epi n a di: «Senyè, Senyè! Ouvri pou nou!» Li menm, l a reponn, l a di nou: «Mwen pa konnen kote nou soti.»
[26] Lè sa a, n a kòmanse di: «Nou te manje, nou te bwè devan w. E, se nan lari vil nou yo, ou te anseye!»
[27] Men, l a di: «M ap di nou sa: Mwen pa konnen kote nou soti. Soti sou mwen, nou tout, moun k ap fè sa ki pa jis.»
[28] La, va genyen rèl ak manje dan. Paske lè sa a, n a wè Abraam, Izaak ak Jakòb ak tout pwofèt yo nan wayòm Bondye a, alòske, nou menm, yo va jete nou deyò.
[29] Epitou, moun ap soti nan Lès ak nan Lwès, nan Nò ak nan Sid, epi y ap chita sou tab nan wayòm Bondye a.
[30] Gade! Sa ki dènye, se yo k ap premye. E, sa ki premye, se yo k ap dènye.
[31] Menm jou sa a, kèk Farizyen vin di Jezi: Ale! Soti isit la, paske Ewòd vle tiye ou.
[32] Epi, li di yo: Al di rena sa a konsa: Gade! Map chase demon, m ap fè gerizon jodi a ak demen, epi twazyèm jou a m ap fini.
[33] Men, fòk mwen mache jodi a, demen ak apre demen. Paske, se pa posib pou se deyò Jerizalèm yon pwofèt peri!
[34] Aa Jerizalèm! Jerizalèm! Ou menm k ap tiye pwofèt yo epi k ap kalonnen moun yo voye kote w yo! Konbyen fwa mwen te vle rasanble pitit ou yo ansanm, menm jan ak yon poul ki rasanble pitit pa l anba zèl li. Men, nou pa janm vle.
[35] Ebyen, gade! Yo kite kay ou tankou yon dezè. E, m ap di nou sa: Nou p ap wè m ditou, jis lè a va vini pou nou di: «Benediksyon pou sila k ap vini nan non Senyè a!»