[1] Jezi di yo yon parabòl tou, pou montre yo dwe toujou lapriyè epi yo pa dwe janm lage.
[2] Li di: Vwala se te yon jij nan yon vil. Li pa t gen ni krentif pou Bondye ni respè pou lèzòm.
[3] Men, te genyen yon vèv nan vil sa a ki te konn vin di li: Rann mwen jistis kont advèsè m nan!
[4] Pandan lontan, jij la pa t vle. Men, apre sa, li di tèt li: Menm si mwen pa gen ni krentif pou Bondye ni respè pou lèzòm,
[5] poutèt vèv sa a tounen yon nuizans pou mwen, fòk mwen rann li jistis. Osinon, nan vini konsa, finalman, l ap fini avèk mwen.
[6] Epi, Senyè a di: Tande sa jij malonèt la di!
[7] E Bondye, li menm? Moun li chwazi yo ap rele ba li lajounen kon lannuit. Malgre li pran pasyans pou l tire revanj pou yo, èske li p ap tire revanj pou yo?
[8] M ap di nou sa: Sanzatann, l ap tire revanj pou yo! Men, lè Pitit Lòm nan vini, èske l ap jwenn lafwa sou latè?
[9] Jezi di lòt parabòl sa a pou moun k ap konvenk tèt yo, yo se moun jis epi k ap meprize lòt moun.
[10] Li di: De zòm monte nan tanp lan al lapriyè. Youn te yon Farizyen. Lòt la te yon pèseptè.
[11] Farizyen an kanpe, li t ap lapriyè konsa nan kè li: «O Bondye, mwen rann ou gras dèske mwen pa tankou rès lòt moun yo ki vòlè, ki malonèt, ki adiltè, ni tou, tankou pèseptè sa a.
[12] Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwen bay ladim sou tout sa mwen resevwa.»
[13] Pèseptè a, li menm, te kanpe lwen. Menm je l, li pa t vle leve nan syèl. Okontrè, li t ap frape lestomak li, li t ap di: «Bondye, pitye pou mwen! Se pechè mwen ye.»
[14] Jezi di: M ap di nou sa: Se misye pito ki desann lakay li ak jistis Bondye sou li, pase lòt la. Paske, tout moun ki leve tèt yo, Bondye ap rabese yo. Men, moun ki rabese tèt yo, Bondye ap leve yo.
[15] Moun t ap mennen menm tibebe bay Jezi pou li manyen yo. Men, lè disip yo wè sa, yo fè moun yo obsèvasyon.
[16] Jezi fè rele yo, li di: Kite timoun yo vini jwenn mwen. Epi, pa anpeche yo. Paske, se pou moun ki tankou yo, wayòm Bondye a ye.
[17] Franchman, m ap di nou sa: Moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l ditou.
[18] Yon chèf poze Jezi yon kesyon, li di: Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou m ka eritye lavi etènèl la?
[19] Men, Jezi di li: Poukisa se mwen ou rele «bon» an? Pa genyen pèsonn ki bon, eskepte Bondye sèl.
[20] Ou konnen kòmandman yo: Pa fè adiltè. Pa tiye moun. Pa vòlè. Pa fè move temwayaj. Onore papa ou ak manman ou.
[21] Misye di: Depi mwen jèn, m ap obsève tout bagay sa yo!
[22] Lè Jezi tande sa, li di li: Gen yon sèl bagay ki rete w ankò: Vann tout sa w genyen. Epi, bay pòv yo. Lè sa a, ou va genyen yon trezò nan syèl la. Apre sa, suiv mwen.
[23] Lè li tande sa, li vin tris anpil. Paske, li te rich anpil.
[24] Men, lè Jezi wè jan l vin tris, li di: Ala difisil sa difisil pou moun ki genyen richès antre nan wayòm Bondye a!
[25] Li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegui, pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.
[26] Moun ki t ap koute yo di: Ebyen, kilès ki kapab sove?
[27] Li di yo: Bagay ki pa posib pou lèzòm, yo posib pou Bondye.
[28] Pyè di: Gade! Nou menm, nou kite tout bagay pou nou suiv ou.
[29] Jezi di yo: Franchman, m ap di nou sa: Pa genyen moun ki ta kite kay, oubyen paran, oubyen frè, oubyen madanm, oubyen pitit poutèt wayòm Bondye a,
[30] pou li pa ta resevwa plis pase sa, nan tan kounye a. Epitou, nan tan k ap vini an, l ap resevwa lavi etènèl.
[31] Jezi pran Douz yo apa, li di yo: Gade! Men n ap monte Jerizalèm. E, bagay pwofèt yo te ekri sou Pitit Lòm nan, yo tout ap akonpli.
[32] Vrèmanvre, y ap lage l bay nasyon yo, y ap pase l nan betiz, y ap avili l, epi y ap krache sou li.
[33] Lè yo fin bat li, y ap tiye l. Men, sou twazyèm jou a, l ap resisite.
[34] Douz yo pa t konprann anyen nan sa. Sans mo yo te kache pou yo. Yo pa t menm konnen sa l te vle di.
[35] Vin rive yon lè li t ap pwoche bò Jeriko. Yon avèg te chita ap mande bò wout la.
[36] Li tande yon foul k ap pase, epi, li mande sa ki genyen.
[37] Yo rapòte ba li se Jezi, moun Nazarèt, k ap pase.
[38] Avèg la rele, li di: Jezi, Pitit David, pitye pou mwen!
[39] Moun ki t aprale devan yo fè li obsèvasyon pou li pe. Men, li rele pi rèd toujou: Pitit David, pitye pou mwen!
[40] Jezi rete, li pase lòd pou yo mennen avèg la ba li. Lè li pwoche, Jezi poze l yon kesyon.
[41] Jezi di: Kisa w vle m fè pou ou? Li di: Senyè, mwen vle wè ankò.
[42] Jezi di li: Ou mèt wè! Lafwa w delivre w!
[43] Menm lè a tou, li wè ankò. Li pran suiv Jezi. Li t ap bay Bondye glwa. Lè pèp la wè sa, yo tout fè lwanj Bondye.