[1] Pandan yon saba, yo rele dezyèm premye, Jezi t ap travèse chan ble yo. Epi, disip li yo t ap rache grap ble, yo t ap fwote yo nan men yo, epi yo t ap manje yo.
[2] Alò, kèk Farizyen di yo: Poukisa n ap fè sa lalwa pa pèmèt moun fè nan jou saba a?
[3] Jezi reponn yo, li di: Èske nou pa menm li sa David te fè lè li menm ak moun ki te avèk li yo te grangou a?
[4] Li antre lakay Bondye, li pran pen sakre yo, li manje. Alòske, se sèl moun ki sakrifikatè, lalwa pèmèt manje yo. Menm moun ki te avèk li yo, li ba yo tou.
[5] Li di yo ankò: Pitit Lòm nan se Mèt saba a tou.
[6] Vin rive yon lòt saba ankò, Jezi antre nan sinagòg la, epi li t ap anseye. Te genyen yon nonm la a ki te gen men dwat li sèch.
[7] Pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo t ap veye si Jezi t ap geri li nan jou saba a, dekwa pou yo te ka jwenn yon akizasyon kont Jezi.
[8] Jezi, li menm, te konnen refleksyon yo. Li di nonm ki te gen men l sèch la: Leve! Epi, kanpe nan mitan an. Li leve kanpe vre.
[9] Epi, Jezi di yo: M ap mande nou yon bagay: Èske nan jou saba a lalwa pèmèt yon moun fè sa ki byen oubyen fè sa ki mal, sove lavi oubyen tiye moun?
[10] Li pwomennen je li sou yo tout, epi li di nonm nan: Lonje men w! Li fè sa vre, epi men an geri. Men an vin bon menm jan ak lòt la.
[11] Men, yo menm, kòlè plen kè yo. Youn pran pale ak lòt pou yo wè sa pou yo fè Jezi.
[12] Vin rive yon lè nan jou sa yo, Jezi soti al sou yon mòn pou li lapriyè. Li pase tout nuit la ap lapriyè Bondye.
[13] Lè l fè jou, li rele disip li yo, epi li chwazi douz nan yo. Se yo li rele apot la.
[14] Se te Simon, Jezi rele li Pyè a, epi Andre, frè li a; Jak ak Jan; Filip ak Batèlmi;
[15] Matye ak Toma; Jak, pitit Alfe a ak Simon, sa yo rele Zelòt la;
[16] Jida, pitit Jak la ak Jida Iskaryòt ki te tounen trèt la.
[17] Li desann avèk yo, epi li rete sou yon platon. Yon foul nan disip li yo ak yon gwo foul moun nan pèp la te vini pou yo koute li epi pou li te ka geri yo anba maladi yo. Yo te soti nan tout Jide, nan Jerizalèm ak bò lanmè Ti ak Sidon.
[18] Li geri moun move lespri t ap toumante yo.
[19] Tout foul la t ap chèche manyen li, paske yon pisans ki t ap soti sou li t ap geri yo tout.
[20] Epi, Jezi leve je li sou disip li yo, li di: Benediksyon pou nou menm ki pòv, Paske, se pou nou wayòm Bondye a ye.
[21] Benediksyon pou nou menm ki grangou kounye a, Paske, nou va kontante. Benediksyon pou nou menm k ap kriye kounye a, Paske, nou va kontan.
[22] Benediksyon pou nou, lè lèzòm rayi nou, lè yo mete nou deyò, lè yo joure nou epi yo meprize non nou tankou yon move bagay, tou sa poutèt non Pitit Lòm nan.
[23] Paske, se menm bagay sa yo zansèt yo te konn fè pwofèt yo. E, nan jou sa a, nou mèt rejwi, nou mèt ponpe ak kontantman. Paske, gade! Gen yon gwo rekonpans pou nou nan syèl la.
[24] Okontrè, malè pou nou menm ki rich, Paske, nou deja resevwa konsolasyon nou.
[25] Malè pou nou menm ki kontante, Paske, nou va grangou. Malè pou nou menm ki kontan kounye a, Paske, nou va rele, nou va kriye.
[26] Malè pou nou, lè lèzòm ap pale byen de nou. Paske, se menm bagay sa yo zansèt yo te konn fè pou fo pwofèt yo.
[27] Men, pou nou menm k ap koute, m ap di nou sa: Renmen lènmi nou. Fè byen pou moun ki rayi nou.
[28] Beni moun ki modi nou. Priye pou moun ki maltrete nou.
[29] Si yon moun ba ou yon souflèt sou yon bò figi, ofri l lòt la tou. E, si yon moun pran rad ou, pa anpeche l pran chemizèt la tou.
[30] Bay tout moun ki mande w. E, si yon moun pran afè w, pa reklame l.
[31] Jan nou ta vle pou lèzòm fè avèk nou, nou menm, fè menm jan an avèk yo tou.
[32] Si nou renmen moun ki renmen nou, ki remèsiman nou merite la a? Paske, pechè yo renmen moun ki renmen yo tou.
[33] Si nou fè byen pou moun ki fè byen pou nou, ki remèsiman nou merite la a? Paske, pechè yo fè sa tou.
[34] E, si nou prete moun, nou espere k ap remèt, ki remèsiman nou merite la a? Paske, pechè prete pechè tou, dekwa pou yo remèt egal egal.
[35] Okontrè, se pou nou renmen lènmi nou. Fè byen, prete moun, san nou pa espere jwenn egal egal. Epi, nou va genyen yon gwo rekonpans, e nou va pitit sila ki Trè Wo a. Paske, li menm, li bon ni ak engra ni ak mechan yo.
[36] Donk, se pou nou gen kè sansib, menm jan Bondye Papa nou gen kè sansib la.
[37] Pa jije, epi yo p ap jije nou nonplis. Pa kondane, epi yo p ap kondane nou nonplis. Padone, epi y ap padone nou tou.
[38] Bay, epi yo va ban nou tou. Y a vide yon bon mezi nan rad nou, byen foule, byen souke, plen ap tonbe. Paske, nan mezi nou mezire a, se ladan l y ap mezire pou nou tou.
[39] Epi, li di yo parabòl sa a: Yon avèg pa kapab mennen yon lòt avèg, pa vre? Si se ta sa, èske tou de pa t ap tonbe nan twou?
[40] Yon disip pa plis pase mèt li. Men, tout disip ki byen fòme, y ap menm jan ak mèt yo.
[41] Poukisa w wè pay ki nan je frè w la, epi ou pa remake madriye ki nan pwòp je w la?
[42] E, kòman w kapab di frè ou: «Frè, kite m retire pay ki nan je w la!» alòske, ou menm, ou pa wè madriye ki nan je w la? Ipokrit! Se pou w retire madriye ki nan je w la anvan, epi apre, w a wè klè pou w retire pay ki nan je frè w la.
[43] Paske, bon pyebwa pa donnen move fwi. Move pyebwa pa donnen bon fwi, nonplis.
[44] Vrèmanvre, yo rekonèt chak pyebwa daprè pwòp fwi li. Paske, se pa sou pikan, yo ranmase figfrans. E, se pa sou lyann, yo keyi rezen nonplis.
[45] Yon moun bon moun, paske li rale bon bagay sot nan depo bon bagay ki nan kè li. E, yon moun move moun, paske li rale move bagay sot nan depo move bagay ki nan kè li. Paske, se daprè sa ki plen kè, bouch pale.
[46] Epitou, poukisa n ap rele m: «Senyè! Senyè!» epi nou pa fè sa mwen di nou fè?
[47] Tout moun ki vini kote mwen, ki tande sa mwen di, epi ki fè yo, ebyen, mwen pral montre nou tankou kisa yo ye.
[48] Yo tankou yon nonm k ap bati yon kay. Li fouye, l ale fon, epi li poze fondasyon an sou wòch. Lè dlo desann, lavalas la frape sou kay sa a, men, li pa kapab brannen li, paske yo te bati l sou wòch.
[49] Men, moun ki tande epi ki pa fè a, li tankou yon nonm ki bati yon kay ra tè, san fondasyon. Lavalas frape sou kay la, e menm lè a tou, li tonbe. Kay sa a tounen yon gwo devas.