[1] Jezi rele Douz yo, li ba yo pisans ak pouvwa sou tout demon ansanm ak pouvwa pou geri maladi.
[2] Epi, li voye yo preche wayòm Bondye a epi geri moun malad.
[3] Epi, li di yo: Pa pran anyen pou wout la, ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan. Nonplis tou, pinga nou gen de rad.
[4] Nan nenpòt kay nou rantre, rete la. Epi, soti, al nan misyon.
[5] E, si genyen moun ki pa resevwa nou, lè n ap soti nan vil sa a, souke menm pousyè nan pye nou. Sa va yon temwayaj kont yo.
[6] Lè yo soti, yo travèse bouk yo, youn apre lòt. Yo t ap anonse bon nouvèl la, epi, yo t ap geri moun toupatou.
[7] Tetrak Ewòd tande tout bagay Jezi fè yo. Li te boulvèse poutèt kèk moun t ap di: «Jan resisite pami mò yo!»
[8] poutèt kèk lòt t ap di: «Se Eli ki parèt!» epi poutèt kèk lòt ankò t ap di: «Se youn nan ansyen pwofèt yo ki resisite!»
[9] Ewòd, li menm, di: Pou Jan, se mwen ki te koupe tèt li. Men, pou nonm m ap tande bagay sa yo sou li a, kilès li ye? Epi, li t ap chèche wè Jezi.
[10] Lè apot yo retounen, yo rakonte Jezi tout sa yo te fè. Li pran yo, li retire kò l avèk yo, epi y ale poukont yo yon kote apa nan yon vil yo rele Betsayida.
[11] Foul moun yo vin konn sa, yo suiv li. Li resevwa yo, li pale ak yo de wayòm Bondye a, epi li geri moun ki te bezwen gerizon.
[12] Men, solèy te kòmanse ap kouche. Douz yo pwoche, yo di li: Voye foul la ale. Konsa, lè yo rive nan bouk ak nan jaden ki nan vwazinaj la, y a fè ladesant, epi y a jwenn pwovizyon. Paske, kote nou ye isit la se yon dezè.
[13] Men, Jezi di yo: Se nou menm ki pou ba yo manje. Yo menm, yo di: Amwenske se nou menm k al achte manje pou tou pèp sa a, paske nou pa gen plis pase senk pen ak de pwason.
[14] Vrèmanvre, te genyen senkmil gason konsa. Men, Jezi di disip li yo: Fè moun yo chita pa ranje senkant.
[15] Yo fè sa konsa vre, yo fè tout moun chita.
[16] Lè li pran senk pen yo ak de pwason yo, li gade anlè nan syèl la, li beni yo, li kase yo, epi li bay disip yo sèvi foul la.
[17] Yo manje, e yo tout te kontante. E, moso ki te rete yo rive plen douz ti pànye.
[18] Vin rive yon lè, Jezi t ap lapriyè apa. Disip li yo te avèk li. Li poze yo yon kesyon, li di: Kilès, foul moun yo di mwen ye?
[19] Yo reponn, yo di: «Jan Batis!» Men, gen lòt moun ki di: «Eli!» Epi, lòt moun ankò di: «Youn nan pwofèt lontan yo ki resisite.»
[20] Li di yo: Men, nou menm, kilès nou di mwen ye? Alò, Pyè reponn, li di: Kris Bondye a!
[21] Lè sa a, Jezi pase yo yon lòd, li kòmande yo pou yo pa di pèsonn sa.
[22] Li di yo: Fòk Pitit Lòm nan soufri anpil bagay. Fòk ansyen yo, sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo derefize chwazi li. Fòk yo tiye li. Epi, nan twa jou, fòk li resisite.
[23] Epi, li di yo tout: Si yon moun vle mache dèyè m, fòk li nye pwòp tèt li, fòk li pran kwa li chak jou, epi fòk li suiv mwen.
[24] Paske, moun ki ta vle sove lavi yo, y ap pèdi li. Men, moun ki ta pèdi lavi yo poutèt mwen, y ap sove li.
[25] Paske tou, ki benefis yon nonm ka fè, si li ta genyen lemonn antye, epi pou li ta fè pèd oubyen defisi pwòp tèt li?
[26] Paske ankò, si yon moun wont mwen menm ak pawòl mwen yo, ebyen, lè Pitit Lòm nan va vini nan glwa Papa li ak zanj ki sen yo, li va wont moun sa a tou.
[27] M ap di nou sa franchman: Kèk nan nou ki kanpe isit la p ap goute lanmò, jis nou wè wayòm Bondye a.
[28] Men sa ki vin rive ui jou konsa apre koze sa a: Jezi pran Pyè, Jan ak Jak, li monte mòn nan al lapriyè.
[29] Se konsa, pandan l ap lapriyè a, aparans figi l chanje, epi rad li vin klere tou blan.
[30] Epi, twouve, de zòm t ap pale avèk li: se te Moyiz ak Eli.
[31] Yo te parèt ak tout glwa yo, epi yo t ap pale de lanmò Jezi. Se sa li t apral akonpli nan Jerizalèm.
[32] Men, je ni Pyè ni moun ki te avèk li yo te lou ak dòmi. Men, lè yo fin leve nèt, yo wè Jezi nan glwa li ansanm ak de zòm ki te avèk li yo.
[33] Se konsa, pandan mesye yo t ap kite Jezi, Pyè di li: Mèt, li bon pou nou isit la. Annou fè twa tant: youn pou ou, youn pou Moyiz, epi, youn pou Eli. Alòske, Pyè pa t menm konnen sa l t ap di a.
[34] Pandan li t ap di bagay sa yo, yon nyaj vin kouvri yo. E, pandan mesye yo t ap antre nan nyaj la, yo menm, yo te pè.
[35] Epi, yon vwa ki soti nan nyaj la di: Li menm, li se Pitit mwen renmen anpil la! Koute li!
[36] Pandan vwa a t ap pale, yo wè se Jezi sèl ki la. Yo fè silans. E, nan epòk sa a, yo pa rakonte pèsonn anyen nan sa yo te wè a.
[37] Nan demen, lè yo desann sot sou mòn nan, men sa ki rive: Yon gwo foul moun vin rankontre li.
[38] Epi, twouve, yon nonm rele nan mitan foul la, li di: Mèt, m ap sipliye w pou w gade tigason m nan pou mwen, paske se li ki sèl pitit mwen.
[39] Gade! Se yon lespri ki pran li, epi, menm lè a, li pran rele. Lespri a sakaje li, li fè l kimen, epi, lè li fin kraze li, se ak traka pou li pati sot sou li.
[40] Mwen sipliye disip ou yo pou yo te ka chase li, men, yo pa t kapab.
[41] Jezi reponn, li di: Jenerasyon moun san lafwa ak moun pèvèti! Jis kilè m ap rete avèk nou epi pou m ap sipòte nou? Mennen tigason an isit.
[42] Pandan l ap pwoche, demon an vòltije l atè, li sakaje l. Men, Jezi fè move lespri a obsèvasyon, li geri timoun nan, epi li remèt li bay papa l.
[43] Grandè Bondye te fè tout moun sezi. E, pandan yo ret ap admire tout sa Jezi te fè yo,
[44] Jezi di disip li yo: Nou menm, peze pawòl sa yo fon nan zòrèy nou. Paske, yo pral livre Pitit Lòm nan nan men lèzòm.
[45] Men, yo pa t konnen sans pawòl la; sans la te vwale pou yo. Donk, yo pa t konprann li. Epitou, yo te pè poze l kesyon sou pawòl la.
[46] Yon diskisyon pete pami yo sou kilès nan yo ki pi enpòtan.
[47] Lè Jezi wè kisa yo t ap reflechi nan kè yo, li pran yon timoun, li mete l kote li,
[48] epi li di yo: Moun ki resevwa timoun sa a nan non mwen, se mwen li resevwa. Konsa tou, moun ki resevwa mwen, se moun ki voye m nan li resevwa. Paske, moun ki pi ba pami nou tout la a, se li ki va enpòtan.
[49] Men, Jan reponn, li di: Mèt, nou te wè yon nonm ap chase demon nan non w. Nou te anpeche li, paske li p ap suiv avèk nou.
[50] Men, Jezi di li: Pa anpeche li. Paske, yon moun ki pa kont nou, se pou nou li ye.
[51] Jou yo t ap pwoche sou lè pou Jezi monte nan syèl la. Men sa ki vin rive: Li mete tèt li dwat pou l ale Jerizalèm.
[52] Epi, li voye mesaje devan li. Y ale, yo antre nan yon bouk nan Samari pou yo fè preparasyon pou li.
[53] Men, yo pa resevwa li, paske li te mete tèt li dwat pou l ale Jerizalèm.
[54] Lè Jak ak Jan, de nan disip li yo, wè sa, yo di: Senyè, èske ou vle nou di pou dife desann sot nan syèl la epi kankannen yo, menm jan Eli te fè a?
[55] Jezi vire, li fè yo obsèvasyon, li di: Nou pa konnen anba ki kalite lespri nou ye la a!
[56] Paske, Pitit Lòm nan pa t vini pou li detui nanm, men, pou li sove nanm. Epi, y ale nan yon lòt bouk.
[57] Konsa, pandan yo t aprale sou wout la, yon moun di Jezi: Senyè, nenpòt kote ou prale, m ap suiv ou.
[58] Jezi di li: Rena gen twou yo, zwazo nan syèl gen nich yo. Pitit Lòm nan, li menm, li pa gen yon kote pou li poze tèt li.
[59] Li di yon lòt: Suiv mwen! Men, li di: Senyè, kite m ale pou mwen antere papa m anvan.
[60] Jezi di li: Kite mò antere pwòp mò yo. Men, ou menm, al anonse wayòm Bondye a.
[61] Epi, yon lòt ankò di li: Senyè, m ap suiv ou. Men, anvan sa, kite m al di moun lakay mwen yo orevwa.
[62] Men, Jezi di li: Nenpòt moun ki mete men nan yon chari epi k ap gade dèyè, li pa prepare pou wayòm Bondye.