[1] Vrèmanvre, anpil moun te chèche ekri yon istwa sou evènman ki te akonpli pami nou yo,
[2] daprè jan moun, ki te temwen ak je yo depi o kòmansman epi ki te vin sèvitè pawòl la, te transmèt yo ban nou.
[3] Alò, mwen menm tou, Sonnekselans Teyofil, apre mwen fin suiv tout bagay depi nan sous yo pou m wè si yo egzat, mwen te panse li bon pou mwen ekri yo ann òd pou ou.
[4] Konsa, ou va konnen bagay yo te anseye ou yo se laverite.
[5] Twouve, nan tan Ewòd te wa Jide, te genyen yon sakrifikatè nan gwoup Abiya a ki te rele Zakari. Madanm li te desandan Aawon. Yo te rele l Elizabèt.
[6] Yo tou de te jis devan Bondye. Yo t ap mache san repwòch daprè tout kòmandman ak tout règ Senyè a.
[7] Men, yo pa t gen pitit, paske Elizabèt pa t kapab fè pitit. E, yo tou de te deja nan laj avanse.
[8] Vin rive yon lè, Zakari te desèvis, paske se te tou pa gwoup li a pou fè sèvis sakrifikatè devan Bondye.
[9] Daprè koutim tirajosò nan sèvis sakrifikatè a, se li menm yo te chwazi pou antre ofri lansan nan tanp Senyè a.
[10] Tout foul pèp la t ap lapriyè deyò a nan lè ofrann lansan an.
[11] Twouve, yon zanj Senyè a parèt devan Zakari, li kanpe adwat lotèl lansan an.
[12] Lè Zakari wè li, Zakari sote, laperèz tonbe sou li.
[13] Men, zanj lan di li: Zakari, pa pè! Paske, Bondye tande priyè w la. Elizabèt, madanm ou, ap ba ou yon pitit gason. Ou va rele li Jan.
[14] L ap fè ou gen lajwa ak kontantman. Epi, lè li fèt, anpil moun ap nan lajwa.
[15] Vrèmanvre, li va gran devan Senyè a. Li p ap bwè ni diven, ni bwason. E, depi nan vant manman li, l ap ranpli ak Lespri Sen an.
[16] L ap fè anpil nan desandan Izrayèl yo retounen vin jwenn Senyè a, Bondye yo.
[17] L ap mache devan Senyè a anba menm Lespri ak pisans Eli a pou l fè kè papa retounen dakò ak pitit, pou l fè moun rebèl retounen nan bonsans moun jis, epi pou l pare yon pèp pou Senyè a, yon pèp ki byen dispoze.
[18] Zakari di zanj lan: Daprè kisa m ap rekonèt sa? Paske, mwen menm, mwen fin granmoun, e madanm mwen nan laj avanse.
[19] Zanj lan reponn, li di li: Mwen se Gabriyèl, sila ki konn kanpe nan prezans Bondye a. Yo te voye mwen pale avèk ou pou mwen anonse ou bon nouvèl sa a.
[20] Gade! Paske ou pa kwè nan pawòl mwen yo, pawòl ki gen pou akonpli nan tan pa yo, ebyen, w ap vin bèbè, ou p ap kapab pale pou jis jou bagay sa yo va rive.
[21] Pèp la, li menm, t ap tann Zakari. Yo te sezi wè li mize nan tanp lan konsa.
[22] Lè li soti, li pa t kapab pale avèk yo. Se lè sa a yo konprann se yon vizyon li te fè nan tanp lan. Li menm, li t ap fè yo siy, men, li te rete bèbè.
[23] Twouve, lè tan sèvis Zakari a fini, li retounen lakay li.
[24] Men, apre jou sa yo, Elizabèt, madanm li, vin ansent. Li ret kache pandan senk mwa.
[25] Li t ap di: Men sa Senyè a fè pou mwen, lè li deside wete dezonè m nan devan lèzòm.
[26] Men, nan sizyèm mwa a, Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil Galile, yo rele Nazarèt.
[27] Li voye l kote yon fi vyèj ki te fiyanse ak yon nonm nan ras David, yo rele Jozèf. E non fi vyèj la se te Mari.
[28] Zanj lan antre kote li epi li di li: Bonjou, ou menm ki resevwa anpil gras! Senyè a avèk ou. Li beni ou pami tout fi.
[29] Lè Mari wè sa, pawòl zanj lan twouble l. Li t ap mande tèt li ki kalite salitasyon sa a ye!
[30] Alò, zanj lan di li: Mari, pa pè! Paske, ou resevwa gras devan Bondye.
[31] Gade! Ou pral ansent, epi w ap fè yon tigason. W a rele li Jezi.
[32] Li va gran! Y ap rele li: Pitit Sila ki Trè Wo a. E, Bondye, Senyè a, va ba li twòn David, papa li.
[33] L ap domine sou ras Jakòb pou tout tan. E, wayòm li a p ap janm fini.
[34] Alò, Mari di zanj lan: Kòman sa pral rive, paske mwen poko konn gason?
[35] Zanj lan reponn, li di li: Lespri Sen an ap vin sou ou, pisans Sila ki Souvren an ap kouvri ou anba lonbraj li. E, sila ki va fèt la, y ap rele li: Sen, Pitit Bondye a.
[36] Gade! Elizabèt, fanmi ou, atout li granmoun nan, li ansent yon pitit gason. Li menm yo di ki pa t kapab fè pitit la, men li sou sizyèm mwa l.
[37] Paske, pou Bondye, anyen pa enposib!
[38] Alò, Mari di: Gade! Se sèvant Senyè a mwen ye. Se pou sa rive m jan ou di a! Epi, zanj lan kite li!
[39] Nan menm jou sa yo, Mari leve, li prese al nan yon vil nan mòn Jida.
[40] Li antre kay Zakari, epi, li salye Elizabèt.
[41] Twouve, lè Elizabèt tande Mari salye l la, timoun nan sote nan vant li, epi Lespri Sen an ranpli Elizabèt.
[42] Epi, li rele byen fò, li di: Pami tout fi, ala beni Bondye beni ou! Ala beni li beni fwi zantray ou!
[43] E, kote onè sa a soti pou mwen, Pou se kote mwen, manman Senyè m nan vini?
[44] Vrèmanvre, gade! Lè ou salye mwen, Vwa ou annik rive nan zòrèy mwen, Epi, tibebe a sote nan vant mwen tèlman li nan lajwa.
[45] Ala byennere ou byennere, ou menm ki te gen lafwa, Paske, tout sa Senyè a te voye di w yo, yo va akonpli.
[46] Epi, Mari di:
[47] Nanm mwen ap montre grandè Senyè a, E, lespri mwen nan lajwa, grasa Bondye, Sovè mwen.
[48] Paske, li voye je sou sèvant li ki malerèz. Vrèmanvre, gade! Apati jodi a, tout jenerasyon ap di mwen byennerèz!
[49] Paske, Toupisan an fè gwo bagay pou mwen. Non li Sen!
[50] Epitou, jenerasyon apre jenerasyon, Pitye li sou tout moun ki gen krentif pou li!
[51] Li demontre fòs ponyèt li. Moun ki gen lide awogan nan kè yo, li gaye yo.
[52] Li desann potanta sot sou twòn yo. Men, li leve moun ki san pretansyon.
[53] Moun ki grangou, li plen yo ak byen. Moun ki rich, li voye y ale san anyen.
[54] Li okipe pèp Izrayèl la, sèvitè li. Li sonje montre pitye
[55] Pou Abraam ak desandan li yo pou tout tan, Menm jan li te di zansèt nou yo a.
[56] Mari rete avèk Elizabèt pandan twa mwa konsa, epi li retounen lakay li.
[57] Men, tan pou Elizabèt akouche a vin rive: Li fè yon tigason.
[58] Lè vwazinaj li ak fanmi li yo tande Senyè a te montre grandè pitye li pou li, yo rejwi ansanm avèk li.
[59] Se konsa, sou ui jou, yo vini pou yo sikonsi pitit la. Yo t apral rele li Zakari, non papa li.
[60] Men, manman an reponn, li di: Non! Okontrè, se Jan pou yo rele l!
[61] Epi, yo di li: Pa gen pèsonn nan fanmi ou ki pote non sa a!
[62] Epi, yo pran fè papa a siy pou konnen kijan li ta vle rele pitit la.
[63] Zakari mande yo yon adwaz, epi li ekri pou li di: Se Jan ki non li! Yo tout sezi.
[64] Menm lè a tou, bouch li louvri, lang li lage. Epi, li pran pale pou l beni non Bondye.
[65] Laperèz tonbe sou tout moun ki rete alantou yo. E, tout bagay sa yo t ap pale sou tout mòn Jide.
[66] Tout moun ki te tande sa, yo t ap kalkile nan kè yo, yo t ap di: Kisa pitit sa a pral ye? Vrèmanvre, fòs men Senyè a te avèk li.
[67] Zakari, papa li, vin ranpli ak Lespri Sen an. Li pwofetize, li di:
[68] Benediksyon pou Senyè a, Bondye Izrayèl la! Paske, li sekoure pèp li a, li rachte yo.
[69] Pami desandans David, sèvitè li, Li fè yon kòn parèt, yon kòn ki pou sove nou.
[70] Wi, menm jan li te pale sa depi lontan ak bouch pwofèt li yo ki sen,
[71] Se konsa li sove nou anba lènmi nou yo, Anba men tout moun ki rayi nou yo.
[72] Li fè li parèt, dekwa pou li ka montre pitye li pou zansèt nou yo, Dekwa pou li ka sonje alyans li an ki sen,
[73] Sèman li te fè bay Abraam, papa nou an:
[74] Kòmkwa, lè li fin delivre nou anba men lènmi nou yo, L ap pèmèt nou sèvi l san krent,
[75] Nan ladwati ak nan jistis, devan li, Chak jou nan lavi nou.
[76] E, ou menm, ti pitit, se pwofèt Sila ki Trè Wo a, y ap rele ou. Paske, ou va ale anvan Senyè a pou w ka pare chemen pou li,
[77] Pou w ka fè pèp li a konnen delivrans, Lè li padone peche yo,
[78] Grasa afeksyon ak pitye Bondye nou an. E, se grasa yo ki fè solèy leve soti anwo pou li vin sekoure nou,
[79] Pou li klere moun ki chita nan fènwa ak anba lonbraj lanmò, Epi pou li dirije pye nou nan chemen lapè.
[80] Kanta pou pitit la, li t ap grandi, lespri li t ap devlope. Se nan dezè ase li te rete, pou jis jou li parèt an piblik devan pèp Izrayèl la.