[1] Jezi leve je l, li wè moun rich k ap mete ofrann yo nan kès lakolèt la.
[2] Li wè yon vèv tou, yon malerèz, ki mete de ti pyès ladan l.
[3] Epi, Jezi di: M ap di nou sa franchman: Vèv sa a, malerèz sa a, mete plis pase tout moun.
[4] Paske, yo tout, se sa ki diplis nan richès yo, yo mete nan ofrann Bondye a. Men, li menm, li mete mizè li, tout sa li te genyen pou l viv.
[5] Kèk moun t ap pale de kòman tanp lan te dekore ak bèl wòch epi ak bagay moun te bay nan ofrann yo.
[6] Alò, Jezi di: Bagay sa yo n ap admire yo, genyen jou k ap vini kote yon wòch p ap rete sou yon lòt wòch pou yo pa jete l atè.
[7] Men, yo poze l kesyon, yo di l: Mèt, donk kilè bagay sa yo ap rive? Epitou, ki siy k ap parèt, lè bagay sa yo pral rive?
[8] Men, li di yo: Fè atansyon pou yo pa twonpe nou. Paske, anpil moun va vini sou non mwen. Yo va di: «Mwen se Kris la!» epi: «Tan an rive!» Lè sa a, pa suiv yo.
[9] Men, lè nou va tande gen lagè ak dezòd, pa tranble. Paske, fòk bagay sa yo rive anvan. Men, lafen an p ap rive tousuit.
[10] Lè sa a, Jezi di yo: Nasyon va leve kont nasyon, wayòm va leve kont wayòm.
[11] Ap gen gwo tranblemanntè plizyè kote, ap gen grangou ak epidemi, epi ap gen bagay terib ak gwo siy nan syèl la.
[12] Men, anvan tout bagay sa yo, yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou. Yo va arete nou mennen nan sinagòg ak nan prizon. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè poutèt non mwen.
[13] Men, sa va yon okazyon pou nou temwaye.
[14] Donk, mete sa byen nan tèt nou: Pa reflechi davans sou jan pou nou defann tèt nou.
[15] Paske, mwen menm, m a ban nou yon bouch ak yon sajès, dekwa pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab ni kenbe tèt ak nou ni demanti nou.
[16] Men tou, menm paran, fanmi, zanmi ak frè ap trayi nou. E, yo va fè tiye anpil nan nou.
[17] Non mwen va lakòz anpil moun rayi nou.
[18] Men, menm yon branch cheve nan tèt nou p ap pèdi!
[19] Nan pèsevere, n a sove lavi nou!
[20] Lè nou va wè lame ansèkle Jerizalèm, lè sa a, konnen lè a rive pou yo devaste Jerizalèm.
[21] Lè sa a tou, se pou moun ki nan Jide sove al nan mòn yo; e se pou moun ki nan mitan Jerizalèm pati. E, moun ki nan jaden, se pa pou y al antre nan vil la.
[22] Paske, jou sa yo se va jou revanj, kote tout sa ki ekri yo ap akonpli.
[23] Men, pou fi ki ansent epi pou sa yo k ap bay tete nan jou sa yo, adye! Paske, va gen gwo detrès nan peyi a, va gen kòlè kont pèp sa a.
[24] Y ap tonbe frèt anba kout epe. Y ap depòte yo pami tout nasyon. Pou Jerizalèm menm, se pilonnen nasyon ap pilonnen l pou jis lè tan nasyon yo fin akonpli.
[25] Ap gen siy nan solèy la, nan lalin nan ak nan zetwal yo. Sou latè menm, nasyon yo ap nan touman tank kè yo ap sou biskèt devan bri lanmè a ak bri lanm li yo.
[26] Lèzòm ap mouri anba kè sote ak laperèz devan sa ki pral rive yo sou latè. Paske, pisans nan syèl yo ap brannen.
[27] E, lè sa a, yo va wè Pitit Lòm nan vini nan yon nyaj avèk pisans epi avèk anpil glwa.
[28] E, lè bagay sa yo kòmanse rive, ebyen, nou mèt kanpe, leve tèt nou! Paske, redanmsyon nou an pre rive.
[29] Epi, li di yo yon parabòl: Gade pye figfrans oubyen tout pyebwa.
[30] Depi yo kòmanse boujonnen, nou ka gade, e n ap rekonèt poukont nou lete a deja tou pre.
[31] Konsa tou, nou menm, lè nou wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen wayòm Bondye a tou pre.
[32] Franchman, m ap di nou sa: Jenerasyon sa a p ap pase ditou jis tout bagay sa yo rive.
[33] Syèl la ak tè a va pase, men, pawòl mwen yo p ap pase ditou.
[34] Men, fè atansyon ak tèt nou, dekwa pou kè nou pa vin lou anba banbòch, bwason ak tèt chaje lavi a, epitou, pou jou sa a pa pantan sou nou sanzatann.
[35] Paske, se tankou yon pèlen, jou sa a ap vini sou tout moun ki abite toupatou sou latè.
[36] Donk, se pou n ap veye tout tan, se pou n ap lapriyè, dekwa pou nou ka gen fòs pou n chape anba tout bagay ki pral rive yo, epitou, pou nou ka ret kanpe devan Pitit Lòm nan.
[37] Lajounen, Jezi te nan lakou tanp lan, ap anseye. Men, leswa, li te konn al pase nuit sou mòn, yo rele Mòn Oliv la.
[38] E, tout pèp la te konn leve bonè al kote li nan lakou tanp lan pou koute li.