[1] Vin rive yon lè nan youn nan jou sa yo, Jezi t ap anseye pèp la, li t ap anonse bon nouvèl la nan lakou tanp lan. Sakrifikatè prensipal yo, pwofesè lalwa yo ak ansyen yo parèt.
[2] Yo pale ak Jezi, yo di l: Di nou avèk ki otorite w ap fè bagay sa yo! Oubyen tou, kilès ki ba ou otorite sa a?
[3] Men, Jezi reponn yo, li di: Mwen menm tou, m ap mande nou yon bagay. Di mwen tou:
[4] Kote otorite pou batèm Jan an soti? Nan syèl oubyen nan men lèzòm?
[5] Epi, yo diskite sa youn ak lòt. Yo di: Si nou ta di: «Nan syèl!» li va di: «Poukisa nou pa t kwè li?»
[6] Men, si nou ta di: «Nan men lèzòm!» tout pèp la ap tiye nou anba wòch, paske yo gen konfyans, Jan te yon pwofèt.
[7] Alò, yo reponn, yo di yo pa konnen kibò otorite pou batèm nan soti.
[8] Epi, Jezi di yo: Mwen p ap di nou ak ki otorite m ap fè bagay sa yo nonplis.
[9] Li kòmanse ap di pèp la parabòl sa a: Yon nonm plante yon jaden rezen. Li anfème kiltivatè li. Epi, li pati al fè lontan aletranje.
[10] Lè sezon an rive, li voye yon sèvitè kote kiltivatè yo pou yo ka ba li yon pati nan rekòt rezen an. Men, kiltivatè yo bat sèvitè a, yo voye l ale de men vid.
[11] Epi, li voye yon lòt sèvitè ankò. Sa a tou, yo bat li, yo dezonore li, yo voye l ale de men vid.
[12] Epi, li voye yon twazyèm ankò. Li menm tou, yo blese l epi yo mete l deyò.
[13] Lè sa a, mèt jaden an di: «Kisa m ap fè? M ap voye pitit gason m nan, sa mwen renmen anpil la. Petèt, lè yo wè se li, y a respekte l.»
[14] Men, lè kiltivatè yo wè se pitit gason an, yo diskite sa youn ak lòt, yo di: «Se li ki eritye a! Vini! Annou tiye l. Epi, eritaj la va vin pou nou.»
[15] Yo trennen l al deyò jaden an. Epi, yo tiye l. Kounye a, kisa pou mèt jaden an fè yo?
[16] Li va vini, li va detui kiltivatè sa yo, epi li va bay lòt moun jaden an. Men, lè yo tande sa, yo di: Non, jamè!
[17] Jezi, li menm, gade yo fiks, li di: Donk, kisa pawòl sa a ki te ekri a vle di? Wòch moun ki t ap bati yo jete a, Se li ki vin wòch prensipal la, wòch kwen an.
[18] Tout moun ki tonbe sou wòch sa a, y ap demantibile. E, lè l tonbe sou yon moun, l ap kraze l tankou poud.
[19] Sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo t ap chèche mete men sou Jezi nan menm lè sa a. Men, yo te pè, paske yo te konnen se pou yo li te di parabòl sa a.
[20] Nan veye veye, yo voye kèk espyon ki fè tèt yo pase pou moun jis, dekwa pou yo te ka pran li nan pyèj ak pawòl li. Konsa, yo ta livre l anba pouvwa ak otorite gouvènè a.
[21] Yo poze l yon kesyon, yo di: Mèt, nou konnen tout sa ou di ak sa ou anseye kòrèk. Epitou, ou pa nan achte figi. Men, ou anseye chemen Bondye a daprè laverite.
[22] Wi oubyen non, èske lalwa pèmèt yo peye Seza taks?
[23] Men, Jezi remake se sou riz yo ye, li di yo: Poukisa n ap tante m konsa?
[24] Montre m yon denye! Sa a se pòtre kilès? Epi, pou kilès yo ekri pawòl sa yo? Yo reponn, yo di: Seza!
[25] Alò, li di yo: Ebyen, bay Seza sa ki pou Seza. Bay Bondye sa ki pou Bondye!
[26] Yo pa t kapab pran l nan pyèj ak pawòl li devan pèp la. Repons li an te tèlman fè yo sezi, yo pe.
[27] Kèk nan Sadiseyen yo parèt. Se yo ki di pa genyen rezirèksyon an. Yo poze Jezi yon kesyon.
[28] Yo di: Mèt, men sa Moyiz te ekri pou nou: Si yon frè ki gen madanm ta mouri, si li ta mouri san pitit, frè li dwe pran madanm nan. Konsa, li va fè pitit pou defen an.
[29] Vwala se te sèt frè. Premye a pran yon fi pou madanm, li mouri san pitit.
[30] Dezyèm nan pran l pou madanm, epi menm bagay la rive: li mouri san pitit.
[31] Twazyèm nan pran l pou madanm tou. Se te menm bagay pou tou le sèt: san yo pa kite pitit, yo mouri.
[32] Finalman, madanm nan mouri tou.
[33] Donk, jou rezirèksyon an, madanm kilès li va ye, paske yo sèt te pran l pou madanm?
[34] Jezi reponn yo, li di: Moun nan monn sa a ap marye, epi y ap bay fi pou maryaj.
[35] Men, moun ki merite pou yo rive nan lòt monn nan epi pou yo resisite pami mò yo, yo menm, yo p ap ni marye, ni bay fi pou maryaj.
[36] Paske tou, yo p ap kapab mouri ankò. Vrèmanvre, se tankou zanj y ap ye. E, se pitit Bondye y ap ye, paske se resisite y ap resisite.
[37] Kanta pou afè mò ap resisite a, se Moyiz, li menm, ki aprann nou sa nan pasaj sou touf bwa a. Li di: «Senyè a se Bondye Abraam, Bondye Izaak ak Bondye Jakòb.»
[38] Kifè, Bondye pa Bondye moun mouri, men, li se Bondye moun vivan. Paske, pou li menm, yo tout vivan.
[39] Kèk pwofesè lalwa reponn, yo di: Mèt, ou byen di!
[40] Epi, yo pa t oze poze l okenn kesyon ankò.
[41] Men, Jezi di yo: Kòman yo fè di: Kris la se pitit David?
[42] David, li menm, di nan Liv Sòm yo: Senyè a di Senyè mwen: «Chita adwat mwen
[43] Jis mwen fè lènmi ou yo tounen yon machpye anba pye ou.»
[44] Donk, si David rele li Senyè, kòman li fè pitit David?
[45] Pandan tout pèp la t ap koute li, Jezi di disip li yo:
[46] Fè atansyon ak pwofesè lalwa yo. Yo vle pwomennen ak wòb long, yo renmen resevwa onè sou plas piblik; yo renmen resevwa plas devan nan sinagòg ak premye plas nan fèt.
[47] Y ap piye kay vèv yo, epi, kòm pretèks, y ap lapriyè byen long. Yo gen pou yo resevwa yon pi gwo kondanasyon.