[1] Tout pèseptè ak pechè t ap pwoche kote Jezi pou yo koute li.
[2] Farizyen yo ak pwofesè lalwa yo pran plenyen! Yo di: Misye ap resevwa pechè, epi l ap manje avèk yo.
[3] Men, Jezi rakonte yo parabòl sa a.
[4] Li di: Kilès nan mesye pami nou yo ki ta gen san mouton, ki ta pèdi youn ladan yo, epi pou li pa ta kite katrevendiznèf lòt yo nan dezè a, pou l al dèyè sa ki te pèdi a, jis li jwenn li?
[5] E, lè li jwenn li, se ak lajwa li mete l sou zepòl li.
[6] Epi, l ale lakay li, li rele zanmi li ak vwazen li, li di yo: «Rejwi ansanm avèk mwen, paske mwen jwenn mouton ki te pèdi a.»
[7] M ap di nou sa: Se konsa ap gen plis jwa nan syèl la pou yon sèl pechè ki repanti, pase pou katrevendiznèf moun jis ki pa bezwen repantans.
[8] Oubyen tou, kilès fi ki ta gen dis drak lajan, ki ta pèdi yon drak, epi, pou li pa ta limen lanp, bale kay, chèche toupatou, jis li jwenn li?
[9] E, lè li jwenn li, li rele zanmi li ak vwazen li, li di: «Rejwi ansanm avèk mwen, paske mwen jwenn drak ki te pèdi a.»
[10] Konsa tou, m ap di nou sa: Gen lajwa devan zanj Bondye yo poutèt yon pechè ki repanti.
[11] Jezi di ankò: Vwala se te yon nonm ki te gen de pitit gason.
[12] Pi jèn nan di papa a: «Papa, ban mwen pòsyon pa m nan nan byen nou yo.» Papa a separe byen an ba yo vre.
[13] Pa twò lontan apre sa, pitit gason ki pi jèn nan ranmase tout afè l, li pati al nan yon peyi byen lwen. Epi, li gaspiye byen l lan nan viv nan banbòch.
[14] Lè l fin depanse tout byen an, yon gwo grangou vini sou tout peyi a. Kifè, misye kòmanse nan nesesite.
[15] Konsa, l al asosye ak youn nan sitwayen nan peyi a, ki voye misye al gade kochon nan jaden li.
[16] Li te anvi plen vant li ak po gous kochon yo t ap manje yo. Men, pèsonn pa t ba li.
[17] Lè l reprann tèt li, li di: «Valè ouvriye kay papa mwen ki gen manje ann abondans epi, mwen menm, pou m ap peri anba grangou!
[18] M ap leve al kote papa m epi m ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye nan syèl epi kont ou menm.
[19] Mwen pa merite pou yo rele m pitit ou ankò. Ou mèt trete m tankou youn nan ouvriye w yo.»
[20] Li leve vre, l al kote papa li. Men, li te byen lwen toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l mal, li kouri, li pase bra nan kou l, epi li bo li.
[21] Men, pitit la di li: «Papa, mwen peche kont Bondye nan syèl la epi kont ou menm. Mwen pa merite pou yo rele m pitit ou ankò.»
[22] Men, papa a di sèvitè l yo: «Pote pi bèl rad la, epi abiye l avèk li. Mete yon bag nan dwèt li ak sandal nan pye li.
[23] Mennen towo k ap angrese a, tiye li, epi annou manje, annou fete!
[24] Paske, pitit gason mwen sa a te mouri, men, li vin vivan ankò. Li te pèdi, men, mwen jwenn li.» Epi, yo kòmanse fete.
[25] Men, pi gran gason l lan te nan jaden. Pandan l ap vini epi l ap pwoche pre kay la, li tande mizik ak dans.
[26] Li rele youn nan sèvitè yo, li mande l sa k genyen.
[27] Sèvitè a di li: «Se frè w la ki vini, epi papa w fè tiye towo ki t ap angrese a, paske li rejwenn misye sennesòf.»
[28] Gran frè a fè kòlè, li pa t vle antre. Donk, papa a soti al sipliye l antre.
[29] Men, li reponn papa a, li di: «Gade! Tanndat m ap sèvi w san mwen pa janm dezobeyi lòd ou, e mwen menm, pa yon ti kabrit ou pa janm ban mwen pou mwen ta fete avèk zanmi m yo.
[30] Alòske, pitit gason w sa a ki gaspiye byen ou avèk pwostitiye, li annik vini, epi se pou li ou tiye towo ki t ap angrese a!»
[31] Men, Papa a di li: «Pitit mwen, ou toujou avèk mwen, e tout sa ki pou mwen se pou ou.
[32] Men, fòk nou te fete, fòk nou te rejwi. Paske, frè ou sa a te mouri, men, li vin vivan ankò. Li te pèdi, men, mwen jwenn li.»