Skip to content
Opens in a new window

[1] Epi, Jezi di disip li yo: Li pa posib pou okazyon pa rive pou moun chite. Men, malè pou moun ki lakòz li rive a!

[2] Li ta pi bon pou li, si se yon wòch moulen yo te mare nan kou l epi yo pimpe l nan lanmè, pase pou se chite li ta lakòz youn nan ti piti sa yo chite.

[3] Fè atansyon ak tèt nou. E, si frè w peche kont ou, fè l obsèvasyon. Si li repanti, padone l.

[4] Si nan yon jounen, li peche sèt fwa kont ou epi li retounen sèt fwa nan jounen an vin di ou: «Mwen repanti!» ebyen, padone l.

[5] Apot yo di Senyè a: Ogmante lafwa nou!

[6] Men, Senyè a di: Si nou te gen yon lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ta mèt di pye sikomò sa a: «Derasinen tèt ou! Al plante tèt ou nan lanmè!» l ap obeyi w!

[7] Si youn nan nou gen yon sèvitè k ap plante oubyen k ap pran swen twoupo, lè sèvitè a vini sot nan jaden, èske l ap di sèvitè a konsa: «Vin sou tab»?

[8] Okontrè, l ap di: «Pare bagay pou m manje. Epi, mare ren w pou w sèvi m, jiskaske mwen fin manje epi mwen fin bwè. Apre sa, ou menm, w a manje, w a bwè!» Èske se pa sa?

[9] Èske l ap gen rekonesans pou sèvitè sa a, paske li fè sa li te kòmande l la? Mwen pa panse sa.

[10] Se konsa tou pou nou menm! Lè nou fin fè tout sa yo kòmande nou fè, di: «Nou se sèvitè initil. Se sèlman sa nou te dwe fè nou fè!»

[11] Vin rive yon lè Jezi t apral Jerizalèm. Li t ap pase ant Samari ak Galile.

[12] Pandan li t ap antre nan yon bouk, dis gason ki gen lèp kontre ak li. Yo kanpe lwen li.

[13] Epi, yo leve vwa yo, yo di: Jezi, Mèt, pitye pou nou!

[14] Lè Jezi wè yo, li di yo: Ale. Montre sakrifikatè yo kò nou. Pandan yo prale a, twouve, yo vin pwòp!

[15] Men, gen youn nan yo, lè li wè li geri, li retounen. Epi, li pran bay Bondye glwa byen fò.

[16] Li lage kò l fas atè nan pye Jezi pou li di l mèsi. Misye, se yon Samariten li te ye.

[17] Men, Jezi reponn, li di li: Se yo dis ki te vin pwòp, pa vre? Lòt nèf yo, kote yo?

[18] Apre etranje sa a, nou pa jwenn yo youn tounen vin bay Bondye glwa, pa vre?

[19] Epi, Jezi di Samariten an: Ebyen, leve! Ale! Lafwa w delivre w!

[20] Farizyen yo mande Jezi kilè wayòm Bondye a ap vini. Li reponn yo, li di: Wayòm Bondye a p ap vini yon jan moun ka egzamine l.

[21] Nonplis tou, moun p ap ka di: «Gade! Men li isit!» oubyen: «Gade! Men li lòt bò!» Paske, gade! Wayòm Bondye a nan mitan nou!

[22] Epi, Jezi di disip li yo: Gen jou k ap vini, kote n ap anvi wè menm youn nan jou Pitit Lòm yo, men, nou p ap wè l.

[23] Epi, yo va di nou: «Gade! Men li isit!» oubyen: «Gade! Men li lòt bò!» Lè sa a, pa ni ale, ni rapousuiv!

[24] Paske, menm jan ak zèklè ki flache nan yon kwen syèl la epi ki klere tout syèl la, se konsa Pitit Lòm nan ap ye nan jou li a.

[25] Men, anvan sa, fòk li soufri anpil, epi fòk jenerasyon sa a derefize chwazi l.

[26] E, menm jan sa te ye nan jou Noe yo, se konsa sa ap ye nan jou Pitit Lòm yo.

[27] Moun t ap manje, yo t ap bwè. Yo t ap marye, yo t ap bay fi yo pou maryaj, jis jou Noe antre nan lach la. Epi, delij la vini, li detui yo tout.

[28] Se va menm jan ak sa ki te rive nan jou Lòt yo tou. Moun t ap manje, yo t ap bwè. Yo t ap achte, yo t ap vann. Yo t ap plante, epi yo t ap bati.

[29] Men, jou Lòt soti nan Sodòm nan, yon lapli dife ak souf sot nan syèl la, li detui yo tout.

[30] Se konsa sa ap ye nan jou Pitit Lòm nan ap parèt la.

[31] Nan jou sa a, yon moun ki sou do kay epi ki gen afè l andedan kay la pa dwe desann al pran yo. Pou yon moun ki nan jaden, se menm bagay la. Li pa dwe tounen dèyè.

[32] Sonje madanm Lòt la!

[33] Konsa, moun ki ta chèche sove lavi yo, y ap pèdi l. E, moun ki ta pèdi lavi yo, y ap konsève l.

[34] M ap di nou sa: Nan nuit sa a, de moun ap sou menm kabann, y ap pran youn, y ap kite lòt la.

[35] De fi ap moulen ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la.

[36] De moun ka nan jaden, y ap pran youn, y ap kite lòt la.

[37] Alò, disip yo reponn, yo di Jezi: Se va kibò, Senyè? Li di yo: Kote kadav la va ye a, se la votou yo va rasanble.

Levanjil Lik la — Chapters