[1] Apre bagay sa yo, Senyè a chwazi swasanndis lòt disip. Li voye yo de pa de devan li al nan chak vil ak nan chak kote li t apral ale.
[2] Alò, li pran di yo: Rekòt la anpil, men, kantite travayè yo piti. Donk, sipliye mèt rekòt la, pou li voye travayè nan rekòt li.
[3] Ale! Gade! Mwen voye nou tankou ti mouton ki pral nan mitan lou.
[4] Pa pote ni bous, ni valiz, ni sapat. Epi, pa salye pèsonn sou wout la.
[5] Nan nenpòt kay nou antre, premye bagay pou nou di se: «Lapè avèk kay sa a!»
[6] Si gen pitit lapè la a, ebyen, lapè nou an ap poze sou li. Osinon, l ap tounen jwenn nou.
[7] Rete nan kay sa a. Manje, bwè sa yo ban nou, paske travayè a merite salè li. Pa pwomennen nan kay, youn apre lòt.
[8] E, nan nenpòt vil nou antre epi ki resevwa nou, manje sa yo mete devan nou.
[9] Geri malad ki nan vil la, epi di moun yo: «Wayòm Bondye a rive kote nou!»
[10] E, nan nenpòt vil nou antre epi ki pa resevwa nou, soti al sou plas yo, epi di:
[11] «Menm pousyè nan vil nou an ki kole sou nou an, n ap souke l sou nou. Sèlman, konnen sa byen: Wayòm Bondye a te rive kote nou!»
[12] M ap di nou sa: Nan jou jijman sa a, Sodòm ap pi ka sipòte pase vil sa a!
[13] Malè pou ou, Korazen! Malè pou ou, Betsayida! Paske, si mirak ki fèt pami nou yo se nan Ti ak Sidon yo te fèt, tanndat yo te repanti epi yo te chita nan sak ak nan sann.
[14] Men, jou jijman an, Ti ak Sidon ap pi ka sipòte pase nou.
[15] Ou menm, Kapènawòm, yo te leve nan syèl la, ebyen, se jis nan peyi-mò y ap pimpe w.
[16] Nou menm disip yo, moun ki koute nou, se mwen yo koute. Moun ki meprize nou, se mwen yo meprize. E, moun ki meprize mwen, se sila ki voye m nan, yo meprize.
[17] Swasanndis disip yo tounen avèk kontantman. Yo di: Senyè, grasa non ou, menm demon yo soumèt devan nou.
[18] Men Jezi di yo: Mwen te wè Satan tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè!
[19] Gade! Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak sou eskòpyon ak sou tout pisans lènmi an, san anyen mal pa rive nou.
[20] Men, se pa poutèt move lespri yo soumèt devan nou an, pou nou kontan. Okontrè, se pou nou kontan paske non nou ekri nan syèl la.
[21] Nan menm lè sa a, Jezi te nan lajwa, grasa Lespri a. Li di: M ap ba ou glwa, Papa, ou menm ki Senyè nan syèl la ak sou tè a, paske ou kache bagay sa yo pou save yo ak entèlijan yo, epi ou revele yo bay timoun. Wi, Papa, sa konsa paske se sa ki fè ou plezi.
[22] Epi, li vire kote disip li yo, li di: Papa mwen remèt tout bagay nan men mwen. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye, eskepte Papa a. E, pèsonn pa konnen kilès Papa a ye, eskepte Pitit la ak moun Pitit la vle revele sa.
[23] Li vire ankò kote disip yo, li di yo apa: Benediksyon pou je ki wè sa n ap wè a.
[24] Paske, m ap di nou sa: Anpil pwofèt ak wa te vle wè sa n ap wè a, e yo pa t wè li. Yo te vle tande sa n ap tande a, e yo pa t tande li.
[25] Epi, twouve, yon avoka leve. Pou li ka teste Jezi, li di: Mèt, kisa pou mwen fè pou mwen ka eritye lavi etènèl?
[26] Men Jezi di li: Kisa ki ekri nan lalwa? Kijan, ou menm, ou li l?
[27] Li reponn, li di: «Ou va renmen Bondye, Senyè w la, ak tout kè ou ak tout nanm ou ak tout fòs ou, epi ak tout lide ou.» Epitou: «Ou va renmen pwochen ou, menm jan ou renmen tèt ou.»
[28] Jezi di li: Repons ou a kòrèk. Fè konsa, epi w a viv.
[29] Men, li menm, li te vle parèt jis, li di Jezi: E kilès ki pwochen mwen?
[30] Jezi reponn, li di: Vwala se te yon nonm ki te sot Jerizalèm, epi ki t ap desann al Jeriko. Epi, li tonbe nan mitan zenglendo. Yo dechèpiye li, yo we li anba kou, epi yo pati kite l demi mò.
[31] Pa chans konsa, yon sakrifikatè t ap desann sou menm wout sa a. Lè li wè nonm nan, li pase lòt bò.
[32] Yon moun Levi, ki rive kote a, fè menm jan an tou: lè li wè nonm nan, li pase lòt bò.
[33] Men, yon Samariten, ki t ap vwayaje, rive kote nonm nan. E, lè li wè li, kè l fè l mal.
[34] Li pwoche. Li vide luil ak diven sou blese l yo, li panse yo. Epi, li fè l monte sou pwòp bèt li a, li mennen li nan yon otèl, epi li pran swen li.
[35] Nan demen, lè l aprale, li rale de denye bay administratè otèl la, epi li di li: Pran swen misye. Tout sa w ta depanse anplis, lè m tounen, m a remèt ou li.
[36] Donk, pami twa moun sa yo, daprè ou menm, kilès ki te pwochen nonm ki te tonbe nan mitan zenglendo yo.
[37] Avoka a di: Se sa ki te gen pitye pou li a! Donk, Jezi di li: Ale! Ou menm tou, fè menm jan an!
[38] Vin rive yon lè, pandan yo te sou wout yo, Jezi antre nan yon bouk. Epi, yon fi ki rele Mat resevwa l lakay li.
[39] Mat te gen yon sè l yo rele Mari ki te la tou. Li chita nan pye Jezi, li t ap koute pawòl li yo.
[40] Mat, li menm, te okipe anpil nan sèvi. Li parèt, li di: Senyè, èske sa pa fè w anyen dèske sè m nan kite se sèl mwen menm k ap sèvi. Di li vin ede m non!
[41] Jezi reponn, li di li: Mat, Mat! W ap chaje tèt ou, w ap bay kò w traka pou yon bann bagay.
[42] Alòske, se yon sèl bagay ki nesesè. Mari, li menm, chwazi bon pati a. E, yo p ap janm wete l nan men l.