Skip to content
Opens in a new window

[1] Vin rive yon lè apre sa, Jezi pran vwayaje vil apre vil, bouk apre bouk. Douz disip li yo te avèk li. Li t ap preche, epi li t ap anonse bon nouvèl wayòm Bondye a.

[2] Kèk medam li te geri anba move lespri ak maladi te la tou. Se te Mari yo rele Madlèn nan–se sou li sèt demon te soti a–

[3] epi Jàn, madanm Chouza, youn nan administratè Ewòd yo; epi Sizàn ak anpil lòt ankò. Se yo ki t ap sèvi Jezi avèk byen yo.

[4] Yon gwo foul moun vin rasanble. Moun t ap soti nan vil apre vil vin kote Jezi. Alò, li di yo parabòl sa a:

[5] Yon kiltivatè soti al simen semans. Pandan l ap simen semans yo, yon pati tonbe bò wout la. Pye pile li, epi zwazo nan syèl manje li.

[6] Yon lòt pati tonbe sou wòch. Kon l pouse, li fennen, paske li pa jwenn imidite.

[7] Yon lòt pati tonbe nan mitan pikan. Pikan yo pouse ansanm avèk li, yo toufe li.

[8] Epi, yon lòt pati tonbe nan bon tè. Kon l pouse, li donnen rekòt san fwa plis. Lè Jezi fin di bagay sa yo, li rele, li di: Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!

[9] Disip li yo poze l kesyon, yo di: Sa parabòl sa a vle di?

[10] Li di: Nou menm, Bondye ban nou okazyon pou nou konnen mistè wayòm li a. Men, se an parabòl, li pale ak rès lòt moun yo. Konsa, Yo va gade san yo pa wè, yo va koute san yo pa konprann.

[11] Men sans parabòl la: Semans lan se pawòl Bondye a.

[12] Sa ki bò wout yo, se moun ki tande pawòl la, epi djab la vini, li pran pawòl la nan kè yo, dekwa pou yo ka pa kwè, pou yo pa sove.

[13] Sa ki sou wòch yo se moun ki resevwa pawòl la ak lajwa, lè yo tande li. Men, yo menm, yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan eprèv, yo chite.

[14] Sa ki tonbe nan pikan an se moun ki tande pawòl la, epi lè y ale, tèt chaje, richès ak plezi lavi a toufe yo. Konsa, yo pa rive rèk.

[15] Sa ki nan bon tè a se moun lè yo tande pawòl la, yo kenbe li nan yon kè ki dwat epi ki bon. Konsa, nan pèsevere, yo donnen fwi.

[16] Pèsonn pa janm limen lanp pou l kouvri l ak yon pànye oubyen pou li mete l anba kabann. Okontrè, li mete l sou etajè dekwa pou moun k ap antre ka wè limyè a.

[17] Konsa tou, nanpwen anyen ki kache ki p ap vin aklè. Nanpwen anyen ki kouvri pou yo pa vin konnen li epi pou li pa vin nan limyè.

[18] Donk, fè atansyon pou jan n ap tande a. Paske, moun ki genyen, yo va ba yo. E, moun ki pa ta genyen, menm sa yo panse yo genyen an, yo va pran l nan men yo.

[19] Manman Jezi ak frè Jezi yo vini kote li, men, foul la te lakòz yo pa t kapab rive kote l la.

[20] Moun pale ak li, yo di li: Men manman w ak frè w yo kanpe deyò a. Yo ta renmen wè w.

[21] Li reponn, li di yo: Manman mwen ak frè mwen se moun sa yo ki koute pawòl Bondye a epi ki obeyi l.

[22] Vin rive yon jou, Jezi te anbake ak disip li yo nan yon kannòt. Li di yo: Annou travèse lòt bò lak la. Epi, yo pati.

[23] Pandan yo t ap navige, dòmi pran Jezi. Epi, yon van tanpèt fonn sou lak la, dlo t ap plen kannòt la. Konsa, yo te an danje.

[24] Disip yo al leve li, yo di: Mèt, Mèt, n ap peri! Jezi leve, li fè van an ak lanm lanmè yo obsèvasyon. Tanpèt la sispann, epi kalmi vini.

[25] Epi, li di yo: Kote lafwa nou? Men, yo te pè, yo te sezi. Youn t ap di lòt: Bon! Kilès li ye, ki fè menm van ak dlo, li pase yo lòd, epi yo obeyi l?

[26] Epi, yo koste nan peyi Gadarenyen yo, vizavi ak Galile.

[27] Lè Jezi debake atè, yon nonm nan vil la ki te genyen demon sou li depi lontan vin kontre li. Nonm nan pa t mete rad sou li, epi li pa t janm rete nan kay. Se nan tonm, li te rete.

[28] Lè li wè Jezi, li rele, li lage kò l devan li, epi li di byen fò: Jezi, Pitit Bondye Trè Wo a, ou menm avèk mwen, nan kisa nou ye ansanm? M ap sipliye w: Pa toumante mwen!

[29] Vrèmanvre, Jezi te kòmande move lespri a pou li soti sou nonm nan. Paske, anpil fwa, lespri a te konn pran li. Lè konsa, yo mare l ak chenn, epi yo sentre pye l ak fè. Men, li te konn kase chenn yo ak fè yo, epi demon an te konn pouse l al nan dezè yo.

[30] Jezi poze l yon kesyon, li di: Kijan w rele? Nonm nan di: Rejiman! Vrèmanvre, se anpil demon ki te antre sou li.

[31] Epi, li sipliye Jezi pou li pa pase yo lòd al nan labim.

[32] Men, te genyen yon gwo twoupo kochon ki t ap manje sou mòn nan. Demon yo sipliye Jezi pou li pèmèt yo antre sou kochon yo. Epi, Jezi pèmèt yo fè sa.

[33] Demon yo soti sou nonm nan, yo antre nan kochon yo. Twoupo a degrengole desann falèz la al nan lak la. Epi, yo neye.

[34] Lè gadò kochon yo wè sa ki te pase a, yo kouri rapòte sa nan vil la ak nan jaden yo.

[35] Konsa, moun yo al wè sa ki te pase. Yo rive kote Jezi, epi yo jwenn nonm demon te soti sou li a abiye, epi li chita nan pye Jezi ak tout bonsans. Yo te pè.

[36] Men, moun yo te wè bagay la tou, yo rakonte kijan nonm ki te gen demon sou li a te vin geri.

[37] Konsa, tout moun alantou yo parèt an foul vin mande Jezi pou li kite peyi Gadarenyen yo, paske yon gwo laperèz te pran yo. Jezi, li menm, anbake nan kannòt la, li vire, l ale.

[38] Nonm ki te genyen demon soti sou li a sipliye Jezi pou li rete ak Jezi. Men, Jezi voye l ale, li di li:

[39] Retounen lakay ou, epi rakonte tout sa Bondye fè pou ou. Nonm nan pati. Epi, se nan tout vil la li t ap anonse tout sa Jezi te fè pou li.

[40] Lè Jezi tounen, yon foul resevwa li, paske tout moun yo t ap tann li.

[41] Epi, twouve, yon nonm yo rele Jayiris parèt. Li te yon chèf nan sinagòg la. Li tonbe nan pye Jezi, epi li pran sipliye Jezi pou Jezi vin lakay li.

[42] Paske, se yon sèl pitit fi Jayiris te genyen. Li te gen douzan, e li te prèske mouri. Pandan Jezi prale a, foul la t ap kwense li.

[43] Te genyen yon dam ki te genyen yon pèdisyon san depi douzan. Li te depanse tout byen l nan doktè, men, pèsonn pa t kapab geri li.

[44] Li parèt pa dèyè, li manyen franj rad Jezi. Menm lè a tou, pèdisyon san an rete.

[45] Epi, Jezi di: Kilès ki manyen m nan? Tout moun nye se yo menm. Epi, Pyè ansanm ak moun ki te avèk li yo di: Mèt, men foul la ap sentre ou, y ap pouse ou, epi w ap di: Kilès ki manyen m nan?

[46] Men, Jezi di: Gen yon moun ki manyen mwen, paske mwen konnen yon pisans soti sou mwen.

[47] Lè dam nan wè yo kenbe l, li t ap tranble. Li vini, li lage kò l devan Jezi, epi li rakonte devan tout pèp la pou ki rezon li te manyen Jezi epi kòman li te geri menm lè a.

[48] Men, Jezi di li: Pitit fi mwen, pran kouraj! Lafwa w delivre w. Ale nan lapè.

[49] Jezi t ap pale toujou, lè yon moun ki soti kay chèf sinagòg la vin di li: Pitit fi w la mouri. Pa deranje Mèt la ankò.

[50] Men, Jezi tande sa. Li reponn, li di li: Pa pè! Kwè sèlman, epi l ap geri!

[51] Lè Jezi ale nan kay la, li pa kite pèsonn antre avèk li, eskepte Pyè, Jan, Jak, epi papa timoun nan ak manman timoun nan.

[52] Tout moun t ap kriye, yo t ap rele pou timoun nan. Jezi, li menm, di: Pa kriye, li pa mouri. Se dòmi l ap dòmi.

[53] Yo pran ri li, paske yo te konnen se mouri timoun nan mouri.

[54] Jezi mete yo tout deyò. Epi, li pran men timoun nan, li rele, li di: Pitit, leve!

[55] Lespri timoun nan retounen sou li vre, li leve menm lè a. Jezi pase lòd pou yo ba li manje.

[56] Paran yo te etone. Men, Jezi kòmande yo pou yo pa di pèsonn sa ki te pase a.

Levanjil Lik la — Chapters