[1] Epi, Jezi di disip li yo tou: Vwala se te yon nonm rich ki te genyen yon administratè. Yo denonse administratè a ba li, kòmkwa l ap gaspiye byen l yo.
[2] Li rele administratè a, li di li: «Poukisa m ap tande sa m ap tande sou ou yo? Rann mwen kont sou jan w ap administre, paske ou p ap kapab kontinye administre ankò.»
[3] Administratè a di tèt li: «Men patwon m pral retire m kòm administratè l, kisa m pral fè? Mwen pa gen fòs pou mwen travay tè. E, mwen wont mande!
[4] Ebyen, mwen konn sa m ap fè pou moun ka resevwa m lakay yo lè li revoke m kòm administratè.»
[5] Epi, li rele chak moun ki te dwe patwon li yo. Li di premye a: «Konbyen w dwe patwon m?»
[6] Li di li: «San kin luil.» Misye di li: «Pran resi ou, chita vit, epi ekri senkant!»
[7] Li di yon lòt: «E ou menm, konbyen w dwe?» Lòt la di: «San barik ble.» Misye di li: «Pran resi ou, epi ekri katreven!»
[8] Patwon an fè administratè malonèt la konpliman, poutèt li aji ak entèlijans. Vrèmanvre, moun monn sa a aji avèk plis entèlijans avèk pwòp lemonn yo, pase moun ki nan limyè a.
[9] Mwen menm tou, men sa m ap di nou: Fè zanmi pou tèt nou, grasa richès malonèt. Konsa, lè nou tonbe, y a resevwa nou nan tant ki la pou letènite yo.
[10] Yon moun ki fidèl nan sa ki piti anpil, l a fidèl nan sa ki gwo tou. E, yon moun ki malonèt nan sa ki piti anpil, l a malonèt tou nan sa ki gwo.
[11] Vrèmanvre, si ak richès malonèt, nou pa t fidèl, atò, kilès ki pral fè nou konfyans ak vre byen an?
[12] E, si ak bagay lòt moun, nou pa fidèl, kilès ki pral ban nou bagay pa nou?
[13] Okenn sèvitè pa kapab ap sèvi de mèt. Paske, se oubyen l ap rayi youn epi li renmen lòt la, oubyen li kole sou youn epi li meprize lòt la. Nou pa kapab ap sèvi ni Bondye ni Mamon ansanm!
[14] Farizyen yo ki renmen lajan, yo menm tou, yo t ap koute tout bagay sa yo. Epi, yo pran pase Jezi nan betiz.
[15] Men, li di yo: Nou menm, nou se moun k ap chèche parèt jis devan lèzòm. Men, Bondye konnen kè nou! Paske, bagay lèzòm egzalte, se abominasyon sa ye devan Bondye.
[16] Anvan Jan te vini, se te Lalwa ak Pwofesi yo. Men, depi lè sa a, se bon nouvèl wayòm Bondye a y ap anonse. E, se chak moun k ap bat pou yo antre ladan l.
[17] Li pi fasil pou syèl la ak tè a disparèt, pase pou yon zing nan lalwa pèdi.
[18] Lè yon moun divòse ak madanm li epi li marye ak yon lòt, li fè adiltè. Lè yon nonm divòse ak yon fi, nenpòt moun ki marye ak fi a, li fè adiltè.
[19] Vwala se te yon nonm rich ki te konn abiye avèk twal poup ak len fen. Chak jou, li t ap jwi an gran jan.
[20] Bò pòtay kay li a, te genyen yon pòv yo rele Laza ki te konn kouche, kouvri ak maleng.
[21] Li te anvi plen vant li ak miyèt ki t ap tonbe sot sou tab nonm rich la. Okontrè, menm chen te konn vin niche maleng li yo.
[22] Pòv la vin mouri. Zanj pote l al nan prezans Abraam. Epi, nonm rich la mouri tou. Yo antere li.
[23] Pandan l anba touman nan peyi-mò, li leve je l epi li wè Abraam byen lwen ansanm ak Laza nan prezans li.
[24] Misye rele, li di: «Papa Abraam, pitye pou mwen! Voye Laza tranpe pwent dwèt li nan dlo vin rafrechi lang mwen. Paske, m ap soufri nan flanm sa a.»
[25] Men, Abraam di li: «Pitit mwen, sonje pandan lavi w, ou te resevwa tout byen w, alòske Laza, li menm, se malè li te resevwa. Kounye a, li nan konsolasyon isit la, epi ou menm, ou nan soufrans.
[26] Anplis tout sa, genyen yon gwo labim ki tabli ant nou menm avèk ou. Konsa, ni moun ki ta vle travèse sot isit la al kote w la, ni sa ki ta vle janbe sot lòt bò a vin kote nou an, yo p ap kapab.»
[27] Men, misye di: «Ebyen, papa, men sa m ap mande w: Voye Laza lakay papa mwen.
[28] Konsa, l a temwaye bay senk frè mwen genyen yo, dekwa pou, yo menm tou, yo pa vin nan touman sa a, isit la.»
[29] Abraam di li: «Yo gen Moyiz ak Pwofèt yo, se pou yo koute yo!»
[30] Misye di: «Non, papa Abraam. Okontrè, si yon mò ta al kote yo, y ap repanti.»
[31] Abraam di li: «Si yo pa koute Moyiz ak Pwofèt yo, menm si yon mò ta resisite, sa p ap konvenk yo nonplis.»