Skip to content
Opens in a new window

[1] Vin rive yon lè foul la t ap kwense Jezi pou yo koute pawòl Bondye a. Li menm, li te kanpe bò lak Jenezarèt la.

[2] Epi, li wè de kannòt koste bò lak la. Pechè pwason yo te desann sot ladan yo pou yo lave filè yo.

[3] Li anbake nan youn nan kannòt yo ki te pou Simon. Li mande yo fè fon yon ti kras, epi li chita. Pandan l nan kannòt la, li t ap anseye foul la.

[4] Lè li fin pale, li di Simon: Fè fon, epi jete filè nou pou nou peche.

[5] Simon reponn, li di Jezi: Mèt, pandan tout nuit la, nou travay di. Men, nou pa pran anyen. Kòm se ou ki pale, ebyen, m ap jete filè a.

[6] Yo fè sa vre, epi yo sènen yon gwo kantite pwason. Filè yo t ap chire.

[7] Konsa, yo fè lòt asosye yo ki te nan lòt kannòt la siy pou yo vin ede yo. Yo vini, epi yo tèlman plen kannòt yo, tou de te kòmanse ap koule.

[8] Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l devan jenou Jezi, li di: Senyè, ale lwen mwen, paske mwen se yon nonm ki nan peche.

[9] Vrèmanvre, kè sote te pran ni li menm ni tout moun ki te avèk li yo, poutèt pèch pwason yo te fè a.

[10] Se te menm jan an tou pou de pitit Zebede yo, Jak ak Jan, ki te asosye avèk Simon. Epi, Jezi di Simon: Pa pè! Apati jodi a, se moun w ap peche.

[11] Lè yo mennen kannòt yo atè, yo kite tout bagay, yo suiv Jezi.

[12] Vin rive yon lè, Jezi te nan youn nan vil yo. Twouve, yon nonm plen ak lèp wè li. Nonm nan tonbe fas atè, epi li sipliye Jezi, li di: Senyè, si ou vle, ou kapab pirifye mwen.

[13] Jezi lonje men l, li manyen nonm nan. Li di: Mwen vle! Ou mèt vin pwòp! Menm lè a tou, lèp la soti sou nonm nan.

[14] Epi, Jezi ba l lòd pou l pa di pèsonn sa. Li di li: Okontrè, ale. Montre sakrifikatè a kò w. E, kòm ou vin pwòp, ofri yon sakrifis, menm jan Moyiz te kòmande l la. Sa va yon temwayaj pou yo.

[15] Men, nouvèl gaye sou li pi plis. Anpil moun t ap vini an foul pou yo koute l epi pou li geri yo anba maladi yo.

[16] E, li menm, li te konn retire kò l pou l al nan dezè a pou li lapriyè.

[17] Vin rive yon jou Jezi t ap anseye. Kèk Farizyen ak pwofesè lalwa te chita la. Yo te soti nan tout bouk Galile ak Jide avèk nan Jerizalèm. E, pisans Senyè a te la pou geri yo.

[18] Twouve, kèk mesye t ap pote yon nonm paralize sou yon kabann. Yo t ap chèche antre avèk li pou yo poze l devan Jezi.

[19] Foul la te lakòz yo pa jwenn mwayen pou yo antre avèk li. Alò, yo monte sou do kay la ki te an til, yo desann mesye a ak tout kabann li nan yon twou, rive nan mitan, devan Jezi a.

[20] Lè Jezi wè lafwa yo, li di nonm nan: Mesye, peche w yo padone.

[21] Epi, Farizyen yo ak pwofesè lalwa yo kòmanse reflechi. Yo t ap di: Sa misye ye pou l ap denigre Bondye konsa? Kilès ki kapab padone peche? Èske se pa Bondye sèl?

[22] Men, Jezi te konnen refleksyon yo. Li reponn yo, li di: Poukisa n ap reflechi nan kè nou?

[23] Kisa ki pi fasil? Di: «Peche ou yo padone!» oubyen di: «Leve, epi mache!»?

[24] Men, pou nou ka konnen Pitit Lòm nan genyen pouvwa sou latè pou li padone peche … (Jezi di nonm paralize a:) Mwen di ou: Leve! Pran kabann ou, al lakay ou!

[25] Menm lè a tou, li leve devan yo, li pran bagay li te konn kouche sou li a. Pandan li t apral lakay li, li t ap bay Bondye glwa.

[26] Sezisman pran yo tout. Yo t ap bay Bondye glwa, e laperèz te plen kè yo. Yo t ap di: Nou wè bèl mèvèy jodi a!

[27] Apre sa, Jezi soti, li wè yon pèseptè yo rele Levi ki te chita devan biwo kontribisyon an. Li di li: Suiv mwen.

[28] Levi kite tout bagay, li leve, li suiv Jezi.

[29] Levi vin fè yon gwo resepsyon lakay li pou Jezi. E, yon gwo foul, ki te genyen pèseptè ak lòt moun, te chita ansanm avèk yo.

[30] Pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo pran plenyen bay disip li yo. Yo di: Poukisa l ap manje epi l ap bwè ansanm avèk pèseptè yo ak pechè yo?

[31] Jezi reponn, li di yo: Se pa moun an sante ki bezwen doktè, men, se moun malad!

[32] E, se pa moun jis, mwen vin rele repanti, men se pechè.

[33] Men, yo di li: Disip Jan yo fè jèn souvan, e yo fè priyè. Disip Farizyen yo ap fè menm jan an, alòske, disip ou yo ap manje, y ap bwè. Poukisa?

[34] Jezi di yo: Ou pa kapab fè gasondonè yo fè jèn pandan lemarye a la avèk yo, pa vre?

[35] Men, gen jou k ap vini, kote yo va wete lemarye a nan mitan yo. Yo va fè jèn nan jou sa yo.

[36] Li di yo yon parabòl tou: Pèsonn pa janm pyese yon moso rad nèf sou yon vye rad. Si se ta sa, rad nèf la t ap dechire tou. Epitou, moso ki soti nan rad nèf la pa t ap ale avèk vye a.

[37] E, pèsonn pa janm mete diven nouvo nan vye veso an po. Si se ta sa, diven nouvo a t ap pete veso yo, li t ap blayi. Epi, veso yo t ap detui.

[38] Donk, yo mete diven nouvo nan veso nèf. Konsa, tou de konsève ansanm.

[39] Epi ankò, pèsonn pa janm vle diven nouvo, kon l fin bwè diven ansyen. Paske, l ap di: «Ansyen an pi bon!»

Levanjil Lik la — Chapters