[1] Vin rive yon lè, Jezi t ap lapriyè yon kote. Lè l fini, youn nan disip li yo di li: Senyè, montre nou priye menm jan Jan te montre disip li yo.
[2] Li di yo: Lè n ap lapriyè, se pou nou di: «Papa nou ki nan syèl la, Se pou yo kenbe non ou sen, Se pou wayòm ou an rive, Se pou volonte ou fèt sou latè, Menm jan ak nan syèl la.
[3] Tou le jou, ban nou pen pou jounen an.
[4] Padone peche nou yo, Paske, nou padone tout moun ki fè nou mal. Pa mennen nou al anba tantasyon. Okontrè, delivre nou anba Mechan an.»
[5] Epi, li di yo: Sipoze youn nan nou ta ale kote yon zanmi l lannuit, epi li ta di li: «Zanmi, prete mwen twa pen.
[6] Paske, yon zanmi ki sot nan yon vwayaj vini lakay mwen. E, mwen pa gen anyen pou mwen sèvi li.»
[7] Èske zanmi an t ap rete andedan an pou li reponn li, pou l di: «Pa deranje mwen. Pòt la deja fèmen, e ni mwen ni timoun mwen yo, nou nan kabann. Mwen pa kapab leve al ba ou anyen»?
[8] M ap di nou sa: Menm si li pa ta leve ba li yo malgre se zanmi l li ye, men, poutèt se deranje zanmi an deranje l la, l ap leve ba li tout sa l bezwen.
[9] Mwen menm, m ap di nou sa: Mande, epi yo va ban nou. Chèche, epi nou va jwenn. Frape, epi yo va ouvè pou nou.
[10] Paske, tout moun ki mande, yo resevwa. Moun ki chèche, yo jwenn. E, yo va ouvè pou moun ki frape.
[11] Kilès papa pami nou la a ki ta gen yon pitit li ki mande l pen, epi pou se yon wòch li ta lonje ba li? Oubyen, pou pitit la ta mande l pwason, epi pou olye de pwason, se yon sèpan li ta lonje ba li?
[12] Oubyen ankò, si li ta mande l yon ze, epi pou se yon eskòpyon papa a ta lonje ba li?
[13] Donk, si nou menm, atout nou mechan an, nou konnen pou nou bay timoun nou yo bon bagay, ebyen, se plis toujou pou Papa ki nan syèl la: Moun ki mande li Lespri Sen an, l ap ba yo l.
[14] Epi, Jezi vin ap chase yon demon. Se te yon lespri bèbè. Lè demon an vin soti, bèbè a pale, epi tout foul moun yo te sezi.
[15] Men, youn nan yo di: Se grasa Bèlzeboul, chèf demon yo, l ap chase demon.
[16] E, lòt moun ankò t ap mande l yon siy ki soti nan syèl, dekwa pou yo te ka tante li.
[17] Jezi, ki te konnen sa ki te nan lide yo, di yo: Nenpòt wayòm ki nan divizyon ak pwòp tèt li, l ap disparèt, epi kay ap tonbe youn sou lòt.
[18] E, kòm nou di se grasa Bèlzeboul m ap chase demon, alò, si Satan nan divizyon ak tèt li tou, kòman pou wayòm li a fè kanpe?
[19] E, si mwen menm, se grasa Bèlzeboul m ap chase demon, pitit nou yo, grasa kisa yo chase demon? Se sa k fè se yo menm ki va jije nou!
[20] Men tou, si se grasa pisans dwèt Bondye m ap chase demon, ebyen, wayòm Bondye a rive sou nou.
[21] Lè yon vanyan gason byen ame ap veye pwòp palè li, byen li yo an sekirite.
[22] Men, si youn ki pi vanyan pase misye vini, epi li gen laviktwa sou misye, ebyen, l ap pran zam misye te mete konfyans li ladan yo a, epi l ap separe sa li piye yo.
[23] Yon moun ki pa avèk mwen, se kont mwen li ye. E, yon moun ki p ap rasanble avèk mwen, se gaye l ap gaye.
[24] Lè yon move lespri soti sou yon moun, li travèse kote ki san dlo, l ap chèche repo. E, lè li pa jwenn, li di: M ap tounen lakay mwen, kote mwen te soti a.
[25] Lè l ale, li jwenn kay la ann òd epi byen bale.
[26] Epi, l ale, li pran sèt lespri ki pi move pase l, epi l al abite nan kay la. Nan dènye kondisyon sa a, moun nan vin pi mal pase nan premye a.
[27] Pandan Jezi t ap di bagay sa yo, men sa ki rive: Yon dam nan foul la leve vwa li, epi li di: Benediksyon pou vant ki te pote w la ak tete ou te tete yo!
[28] Jezi, li menm, di: Wi, men benediksyon sitou pou moun ki tande pawòl Bondye a epi ki obsève li!
[29] Foul moun yo t ap ogmante. Jezi pran di yo: Jenerasyon sa a se yon move jenerasyon. L ap chèche yon siy, ebyen, mwen p ap ba li okenn siy, eskepte siy pwofèt Jonas la.
[30] Vrèmanvre, menm jan Jonas te yon siy pou moun Niniv, se konsa Pitit Lòm nan va yon siy pou moun jenerasyon sa a.
[31] Jou mesye jenerasyon sa a va nan jijman, rèn ki te sot nan Sid la va leve, e li va kondane yo. Paske, li menm, li te soti nan pwent latè, vin koute sajès Salomon an. Alòske, gade! Isit la, gen plis pase Salomon.
[32] Jou jenerasyon sa a va nan jijman, mesye Niniv yo va kanpe, e yo va kondane li. Paske, yo menm, yo te repanti apre mesaj Jonas la. Alòske, gade! Isit la, gen plis pase Jonas.
[33] Moun pa limen lanp pou yo mete l nan yon kachèt oubyen anba yon bwaso. Okontrè, se sou etajè yo mete li, dekwa pou moun k ap antre ka wè limyè a.
[34] Je se lanp kò. Donk, lè ou gen bon je, tout kò w nan limyè tou. Men, lè je w pa bon, kò w nan fènwa tou.
[35] Donk, veye pou limyè ki nan ou a pa fènwa.
[36] Donk, si tout kò w se limyè, san okenn pati pa fènwa, ebyen, li va tou limen, menm jan ak lè yon lanp ap klere limyè l sou ou.
[37] Lè Jezi fin pale, yon Farizyen envite l manje avèk li. Li antre, l al sou tab.
[38] Farizyen an te sezi wè Jezi pa t lave men l anvan l manje.
[39] Men, Senyè a di li: Kounye a, nou menm Farizyen, nou netwaye gode ak plat sou deyò, alòske andedan kè nou plen ak lide vòlè avèk mechanste.
[40] Moun sòt! Sila ki fè deyò a, èske li pa fè andedan an tou?
[41] Fè charite ak sa ki andedan nou pito, epi gade! Konsa, tout bagay ap pwòp pou nou.
[42] Men, malè pou nou, Farizyen! Paske, nou peye ladim sou rekòt mant, rekòt ri ak sou tout lòt legim, alòske nou pase sou jistis ak lamou Bondye. Se bagay sa yo nou dwe fè, san nou pa kite lòt yo.
[43] Malè pou nou, Farizyen! Paske, nou renmen plas devan nan sinagòg ak onè sou plas piblik.
[44] Malè pou nou, pwofesè lalwa ak Farizyen! Ipokrit! Nou tankou yon tonm moun pa wè epi yo mache sou li san yo pa konnen.
[45] Youn nan avoka yo reponn, li di Jezi: Mèt, lè ou di bagay sa yo, se nou menm tou w ap avili.
[46] Epi, Jezi di: Nou menm tou, avoka, malè pou nou! Paske, nou chaje lèzòm anba chay byen lou, epi nou menm, menm ak yon dwèt, nou pa touche chay sa yo.
[47] Malè pou nou! Paske, nou bati tonm pwofèt yo, e se zansèt nou yo ki te tiye yo.
[48] Konsa, nou se temwen travay zansèt nou yo fè yo, epi nou dakò ak yo. Paske, se yo menm ki tiye pwofèt yo, e se nou menm ki bati tonm pou yo.
[49] E, se poutèt sa tou, sajès Bondye di: M ap voye pwofèt ak apot ba yo. Gen nan yo y ap tiye, epi gen nan yo y ap pèsekite.
[50] Poutèt sa, san tout pwofèt ki te koule depi Bondye te kreye lemonn, se sou kont jenerasyon sa a y ap ye:
[51] Wi, soti sou san Abèl, rive sou san Zakari yo te tiye ant lotèl la ak kay tanp lan, m ap di nou sa, se sou kont jenerasyon sa a y ap ye.
[52] Malè pou nou, avoka! Paske, nou pran kle lakonesans. Nou menm, nou pa antre. E, moun k ap antre, nou anpeche yo.
[53] Lè Jezi fin di bagay sa yo, pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo kòmanse montre gwo rayisab pou li. Yo t ap fè l pale sou anpil bagay.
[54] Yo tann pyèj pou li, pou yo chèche kenbe l nan kèk bagay ki soti nan bouch li, dekwa pou yo te ka akize l.