[1] O kòmansman, Pawòl la te la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye.
[2] Pawòl la te avèk Bondye o kòmansman.
[3] Se grasa li, tout bagay te vin egziste. E, nan bagay ki te vin egziste yo, pa menm youn te vin egziste san li.
[4] Se nan li lavi te ye. E, lavi a te limyè lèzòm.
[5] Limyè a klere nan fènwa. Men, fènwa a pa t resevwa li.
[6] Yon nonm ki te rele Jan parèt. Se Bondye ki te voye li.
[7] Li te vini kòm temwen pou li te ka temwaye sou limyè a, epitou pou tout moun te ka kwè grasa li.
[8] Se pa li menm ki te limyè a. Men, li te vini pou li te ka temwaye sou limyè a.
[9] Se limyè sa a ki te vre limyè a. Lè li vini nan lemonn, li klere tout moun.
[10] Li te nan lemonn. Se grasa li, lemonn te vin egziste. Men, lemonn pa t konnen li.
[11] Li vini lakay li, e pwòp moun li yo pa t resevwa li.
[12] Men, tout sa ki te resevwa li yo epi ki te kwè nan non li yo, li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye.
[13] E, sa pa t rive ni daprè san, ni daprè volonte lachè, ni daprè volonte gason. Men, se nan Bondye, yo te pran nesans.
[14] Pawòl la vin tounen chè. Li te abite pami nou. Li te plen avèk gras ak verite. E, nou te wè glwa li, yon glwa tankou glwa yon sèl Pitit ki soti kote Papa a.
[15] Jan te temwaye sou li. Li te rele, li te di: Se de li menm, mwen t ap pale, lè m te di: «Moun k ap vini apre m nan pi enpòtan pase m. Paske, li te la anvan m.»
[16] Nou tout, nou te resevwa nan abondans li a: Se gras sou gras!
[17] Bondye sèvi ak Moyiz pou li bay lalwa. Men, gras ak verite vini ak Jezi Kris.
[18] Pèsonn pa janm wè Bondye. Yon sèl Pitit la, li menm ki kòtakòt ak Papa a, se li ki esplike Bondye.
[19] Men temwayaj Jan te bay, lè Juif Jerizalèm yo te voye sakrifikatè ak moun Levi kote li pou yo mande li: Ou menm, kilès ou ye?
[20] Li te deklare sa, li pa t nye li. Li te deklare pou l di: Se pa mwen menm ki Kris la!
[21] Epi, yo mande li: Alò, kisa w ye? Èske ou se Eli? Li di: Mwen pa Eli! Yo di li: Èske ou se pwofèt la? Li reponn, li di: Non!
[22] Alò, yo di li: Kilès ou ye? Di nou pou nou kapab bay moun ki voye nou yo yon repons. Kisa ou di de tèt ou?
[23] Jan di: Menm jan pwofèt Ezayi te di a, Mwen se vwa yon nonm k ap rele nan dezè a: Fè chemen an dwat pou Senyè a!
[24] Moun, yo te voye yo, se Farizyen yo te ye.
[25] Yo poze l yon kesyon, yo di li: Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, alò, poukisa w ap batize moun?
[26] Jan reponn yo, li di: Mwen menm, mwen batize moun nan dlo. Men, pami nou la a, genyen yon moun nou pa konnen.
[27] Se li menm ki vini apre m nan epi ki vin pi enpòtan pase m nan. Mwen pa menm merite pou mwen ta demare lasèt sandal li.
[28] Bagay sa yo te pase nan Betani, lòt bò Jouden an. Se la Jan t ap batize moun.
[29] Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vin jwenn li. Jan di: Gade! Men Ti Mouton Bondye a! Se li menm ki wete peche lemonn nan.
[30] Se de li menm, mwen t ap pale lè mwen te di: «Gen yon nonm k ap vini apre m. Li pi enpòtan pase m, paske li te la anvan m.»
[31] Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, mwen te vin batize moun nan dlo, dekwa pou Bondye te ka fè Izrayèl konnen li.
[32] Epi, Jan bay temwayaj sa a, li di: Mwen te wè Lespri a desann soti nan syèl la tankou yon pijon. Epi, li rete sou li.
[33] Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, sila ki te voye m batize moun nan dlo a, se li menm ki te di mwen: «Ou va wè Lespri a desann, epi li va rete sou yon moun. Se li menm ki batize moun nan Lespri Sen an.»
[34] Mwen te wè li. E, mwen te bay temwayaj sa a: «Se li menm ki Pitit Bondye a!»
[35] Nan demen ankò, Jan te kanpe ak de nan disip li yo.
[36] Pandan li t ap gade Jezi ki t ap pase, li di: Gade! Men Ti Mouton Bondye a!
[37] De disip li yo te tande lè li pale a. Alò, yo suiv Jezi.
[38] Men, Jezi vire gade yo k ap suiv li. Li di yo: Sa n ap chèche? Yo di li: Rabi, kibò w rete? (Lè yo tradui mo Rabi a, li vle di «Mèt».)
[39] Li di yo: Vini, epi nou va wè. Y ale, yo wè kibò li rete. Epi, yo rete avèk li pandan jou sa a. Se te vè dizyèm è a.
[40] Andre, frè Simon Pyè a, te youn nan de disip ki te tande pawòl Jan an epi ki te suiv Jezi.
[41] Se li menm an premye ki jwenn pwòp frè li a, Simon, epi ki di li: Nou jwenn Mesi a! (Mo Mesi a vle di «Kris.»)
[42] Epi, li mennen Simon kote Jezi. Jezi gade Simon epi li di: Ou se Simon, pitit Jonas. Yo va rele w Sefas. (Mo Sefas la vle di «wòch.»)
[43] Nan demen, Jezi te vle ale Galile. Li jwenn Filip epi li di li: Suiv mwen!
[44] Men, Filip te moun Betsayida, peyi Andre ak Pyè.
[45] Filip jwenn Natanayèl epi li di li: Nonm, Moyiz te ekri sou li nan lalwa a, nonm pwofèt yo te pale a, nou jwenn li. Se Jezi, pitit gason Jozèf la. Li se moun Nazarèt.
[46] Alò, Natanayèl di li: Nazarèt! Ki bon bagay ki kapab soti la? Filip di li: Vin wè!
[47] Pandan Jezi wè Natanayèl ap vini kote li, li di de li: Gade! Men yon Izrayelit vre ki san riz!
[48] Natanayèl di li: Kote w konnen mwen? Epi, Jezi reponn, li di li: Anvan Filip te rele w, lè ou te anba pye figfrans lan, mwen te deja wè w.
[49] Natanayèl reponn, li di li: Rabi, ou se Pitit Bondye! Ou se wa pèp Izrayèl la.
[50] Epi, Jezi reponn, li di li: Paske mwen di w mwen te wè w anba figfrans lan, ou kwè, pa vre? Ou va wè pi gwo bagay pase sa.
[51] Jezi di li ankò: Franchman, franchman, m ap di nou sa: Apati jodi a, nou va wè syèl la ouvri, epi zanj Bondye ap monte desann sou Pitit Lòm nan.